7 prensip pou fè meditasyon

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

July 24, 2018

Legliz te toujou pè pa pawòl ak meditasyon. Pou anpil moun, li montre yon imaj de yon gourou avèk yon gro bab ki sou yon ti mòn kap chante oswa yon fanm ki kouvri li avèk yon spandèks ki pozé-l nan klas yoga, ki ap mimire anpil son ki fè kalme moun.

Se tri pou-n wè yon mòd pratik biblik ki fè yo konsidere Bondye nou an konsa.

Meditasyon pa soti nan yoga. Yoga se nan relijion Hendou li jwen rasi-n li .Chak exercice se yon pozisyon de dye yo e li kap fè plis mal ke byen. Men, meditasyon chretyen an pa men-n jan avèk meditasyon moun laik yo. Labib la montre nou byen klè kòman nou dwe pratike bagay pwisan sa-a.

Bib la revele meditasyon an se lespwa lè wap tann Bondye ak yon kè ki gen bon konprann.

Se Izarak kite montre sa lè li tap konte sou Bondye pou fè madanm li vini. An nou gade nan Genèz 24:63: “Yon jou swa, Izarak t’ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t’ap kalkile. Li leve je l’, li gade li wè kèk chamo ki t’ap vini.”

Izarak se te yon biznisman avèk anpil sisksè ki te komprann pwuisans ki genyen nan medite sou bagay ki konsène Seyè a. Kòm li tap medite sou Seyè a, Bondye te voye Rebeka pou li epi fwi nan pwochen jenerasyon an te sou yo.

Meditasyon se lè wap Kontanple Bondye, se lè wap reflechi an silans ki vini avèk yon gro rekonpans.

Nan Ezayi chapit 40 vèsè 31, Bid la di nou: “Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.” Lè wap medite nou pran yon poz pou nou reflechi sou pawòl Bondye.

Meditasyon prepare nou pou ale devan Rwa nou an.

Si ou vle rankontre yon rwa,ou dwe suiv anpil pwotokòl. Anvan Estè te kapab rankontre rwa li a, li ted we lave li avèk dlo pafin pandan 6 mwa. Nan epòk nou an, pa gen moun ki ka antre nan pale Buckingham san yo pa gen yon envitasyon de Rèn Elizabèt, menm prop sitwayen yo, pat gen dwa sa-a.

Nan tribinal wayal atravè nasyon yo, yon odyans ak yon wa mande pou nou rete tan. Pa gen sitwayen ki ka planifye randevou a. Se lè wa bay la ki konte. Men-m jan nap rete tan Bondye, lap fòtifye pitit li yo kap tan-n li. Gen anpil rekonpans lè wap ret tan-n konsa.

Meditasyon prepare-n pou nou gen la viktwa.

Bondye te anseye Jozye kòman li dwe medite lè li tap prepare-l pou kondwi plis de 1 milyon izraelit yo nan tè promiz la.

“Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m’ap bay zansèt yo a.7 Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m’ lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.8 Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. (Jozye 1:6-8)

Meditasyon mande aksyon:

sou sa ou medite se sou sa ou aji. Si ou medite sou pawòl Bondye wap gen gro siksè. Lè Jozye ta-p chache kòman pou li kondwi pèp Izraèl la, Seyè te di li yon sèl bagay: repase Pawòl la nan tèt li lajounen kou lannuit. Jozye konkeri 31 wa, malgre li te gen yon gro lame ki te sikonsi jis kèk jou anvan yo te fè premye batay la.

Meditasyon chanje lide nou yo nan pèspektiv Bondye a.

Gade sou kisa wap medite kounie-a.: èske se sou krent ou yo, sou inkietid ou yo oubyen sou yon problèm? Panse ou yo kapab toksik,yo kapab anvayi avèk strès nan lavi -a. Estatistik yo montre ke 80% nan panse nou yo negatif.

Pase pou ap medite sou problèm ou yo, medite sou promès Bondye yo pito.

David, wa ki te konkeri peyi Izrayèl la, te kenbe tèt avèk Sayil pandan trèz an ke Sayil li te genyen li sou li.. Li rakonte kija jan li tap navige nan batay kontinyèl sa.

Sòm 1:1-2 « Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz,men ki pran tout plezi l’ nan lalwa Seyè a, k’ap repase l’ nan tèt li lajounen kou lannwit..

Meditasyon se yon estrateji ki pèmet nou konsantre sou Seyè a chak jou.

Sa k ap pase bò kote ou yo ap vin petinan lè Bondye ofri nou yon pèspektiv diferan.

Lè nou medite sou pawòl Bondye a, bon konprann anvayi atitid monden nou yo e li ban nou viktwa.

Sòm 119:23 Salmis la te konnen sa byen. «Menm si chèf yo chita pou pale m’ mal, mwen menm k’ap sèvi ou la, m’ap kalkile sou sa ou vle m’ fè a.

Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m yo, paske m’ap kalkile sou prensip ou yo» (vs 99).

Pwochèn fwa lènmi an vini frape nan tèt ou ak enkyetid, pran tan pou ou medite sou sa Seyè Bondye te fè pou ou nan semèn pase a. Fè yon lis de tout sa ke Bondye te fè pou ou. Kontinye ajoute nan lis sa a. Lè sa a, lè ou santi ou dekouraje, ale nan lis sa a epi medite sou bonte li.
Si ou medite plis pase ou priye, plis pase ou intèsede, lè sa a, konpreyansyon, pèspektiv ak lapè pral reyalite pa ou. Meditasyon kreye yon vakyòm pou move lespri you, menm jan ak panse negatif kreye fenèt pou move lespri yo jwenn aksè lakay ou.

Pi gran avantaj yon vanyan sòlda genyen se pa zam li, men lide li. Se sa ou konsidere ki konte. Fè meditasyon nouvo pratik ou epi gade jan Seyè ap beni chak batay ou yo.