Poukisa ou dwe rete tann!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 24, 2018

Lik 2:25-33.”

Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t’ap tann konsa moun Bondye t’ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.

Li te fè l’ konnen li pa t’ap mouri san l’ pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l’ voye a.

 Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a,

Simeyon pran tipitit la nan bra l’, li di Bondye mèsi. Li di:

Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze.

Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.

Ou pare l’ mete devan tout pèp yo.

Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.

Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t’ap di sou pitit yo a konsa.

Genyen puisans nan pasians.  Konpani  Nike la fè yon fè yon piblisite  ki rele konsa: “Fok ou rete nan jwèt la pou ou ka genyen. “ Se pou-l te kap bay atlèt yo yon konsèy pou yo  rete nan jwèt la pou yo ka genyen pri a. . .

Simeyon te yon nonm presie. Li pat sèlman yon nonm ki jus kite bon, men li te devoue e li pat dekouraje paske li te gen anpil pasians. Li pat viv sèlman kòm you kwayan, li te gen yon objektif. Li te viv avèk anpil espwa . li te vle wè promès Bondye te fè li a .

Nou dwe toujou  rete tann pou nou ka wè manifestasyon Rwa et Seyè nou an.  Se swaf sa kap fè nou viv kòm kwayan.

Simeyon te yon fi-n granmoun, men li te rete tan Seyè a pandan tout lavi li e pandan pliziè dizèn lane. Li pat dekouraje pou-l rete tan.  Li te gen espwa pou-l te wè yon gran mouvman Bondye.  Bondye pat fè li wont.

Ou pa janm mande-w kisa ki fè yon seri de kretyen diferan e sa ki fè yon lòt seri pi  cho. Kelkeswa rezon an , sa rive.

Rezon ki fè ke gen kèk kretyen ki rete nan jwèt la toujou se paske genyen yon bagay ka brile nan nanm yo e ki di yo fòk mwen  rete nan mach la, fòk mwen pa abandone paske  moun ki fè promès la fidèl.

Zanmi mwen yo, si nou gen Jezi, lè nou rete pi pre li , se sa ki fè grandè nou.

Simeyon te gen  Sentespri avèk li.  Nan Bib la, nou wè ke Sentespri  pat konn vini  konsa sou moun yo men–m si yo te devoue.  Sentespri vizite sèlman moun ki dezespere ki grangou e ki pasian. .

Sentespri te revele Simeyon ke li pap mouri san li pa wè Kris, Seyè nou  an.

Pa gen okenn demon ki ka detwi yon nonm ou yon fanm ki ap tann promès Bondye.  Yo refize kite dekourajman, deranjman,  detwi yo. Yo toujou kanpe pou yo al pran refuj yo nan pye Jezi.

Men-m jan ak Simeyon, tout kwayan dwe deklare ke promès bondye yo vinn yon realite epi yo dwe rete tan-n jouk tan Seyè a manifeste fidelite li. 

Si nou pa kie lespri a gide nou kòm anpil lòt yo te fè lè Mari avèk tap antre nan tan plan, wap rate visit ou.  Fòk nou  sansis a tan syèl la fiskse pou ou a .

Nou dwe wè nan ki tan nap viv la. Se pa lè pou nou krye , fòk nou leve e mache avèk sovè nou an paske li fidèl . Seyè a ap prepare epouz li pou retou li a.  Nou wè rwa avèk nasyon yo ap pran pozisyon yo. Se lè pou trompèt la sone. Se lè pou  madan marye a tonbe damou pou Rwa li.

Men-n jan ak Simeyon, nou dwe tan-n jouk tan nou wè promès la akonpli.  Nou dwe kwè ke promès Bondye a ap manifeste nan vi nou

Menm jan ak Simeyon, nou dwe tan-n jouk tan nou wè  Rwa nou an, jouk tan Jezi antre andedan kè nou, jouk tan nou avanse nan bon direksyon an , nan bon tan ke Sentespri  fikse a .  Kòm pitit Bondye , nou dwe tan-n jouk tan promès lan akonpli paske Bondye  ap rekonpanse  sila yo ki ap tan avèk pasians.

Watch the video