3 kle pou fè dilijans rive ba ou bonjan rezilta ane sa a

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

January 27, 2020

Èske ou pa janm anvi mache avèk Bondye, tankou Enòk oswa tankou Adam?

Bondye genyen anpil fasèt entèminab epi ki san fen! Apèn ou panse ke w rive dekouvri Li, Bondye ap montre ou yon lòt bagay nouvo ki pral kònen nan tèt ou!

Pou grandi avèk Bondye, fòk nou kòmanse dezespere.
Lè nou grangou (lè nou swaf), se lè sa a Bondye ap travay pou ou (aji pou ou).
Kado presye Bondye yo pap janm vini jwenn nou, lè nou rete pasif.

Think about this: Reflechi byen sou sa yon ti moman:

Jezi te gen 12 disip.
Konbyen ki te monte sous mòn lan avèk Li?
Se sèlman 3 disip ki te wè Jezi transfiguré.
Ki sa 9 lòt disp yo tap fè nan moman sa a?

Nan 12 disip yo, konbyen ki te konn mete tèt yo sou zepòl Jezi?
Se sèlman 1 (yon disip).

Konbyen moun ki te wè Jezi monte nan syèl?
Plis pase 500.

Konbyen moun ki te reyini nan chanm òt la (ki tap tann pwomès Sentespri a)?
120. Kisa ki rive lòt 380 moun yo ??

Eske ou vle fè pati nan moun yo ki te rete ap tann pwomès Senyè akonpli?

Jezi te deklare, ” … mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife kap boule tout anndan mwen.'” (Jan 2:17).

Dezi pou mache rankontre avèk Bondye ta dwe boule anndan ou.

Se pou ou gen yon anvi sanlimit pou nan prezans Bondye!

Malerezman, anpil moun abandone twò bonè nan travay pou rankontre Bondye ki gen tout pouvwa a.

Lè Bondye vle ba ou yon bagay ki gen anpil valè (ki koute trè chè), Li pa ka ba ou li twò fasilman. Li dwe teste ou. Bondye ap gade ki pwofondè angajman ou gen pou Li, kijan ou pasyone pou Li, epi Bondye ap ba ou kòmsadwa.

Pa abandonen anvan Bondye lage trezò Li yo sou ou!

Nan peryòd egzamen an, Bondye tann pou wè konsistans ou. Bib la di, ” … Bondye ap rekonpanse tout moun k’ap chache li avèk dilijans'” (Ebre 11: 6).

Anpil moun abandonnen (yo lage bay oswa yo kite sa) twò vit, twò fasil epi yo rate trezò a pou rive jwenn Bondye.

Pou kenbe fèm sanbranle nan zèv Senyè a, se pou rete konsistan epi zele pou Bondye : zèl ke ou ap mache avèk Sila a ki Toupwisan an.

Men 3 prensip pwisan pou fè dilijans fonksyonne nan la vi ou:

Dilijans mande pou nou genyen entèlijans. Imajine yon moun ki ale nan yon estasyon otobis chak jou egzakteman a 4 trè, pou li rete tann Pwemye Minis la rive. Aksyon sa a sanble dilijan, men li pa entelijan! Lojikman, eske yon Premye Minis pran otobis transpò piblik pou li deplase? Yon moun entelijan ta pito travay di pou rive jwenn yon jòb tankou yon moun kap sèvi ekip palmantè yo, olye pou li gaspiye tan ak enèji konsistan yon fason ki manke bon konprann. Etidye Pawòl Bondye epi dekouvri kèk kle pou ede ou chache e rankontre Bondye. Epi, lè ou jwenn yon bon kle, ou dwe kenbe kle sa a fèm avèk ou pou tout rès lavi ou.

Dilijans mande pou nou gen disiplin. Si ou ka montre mwen kisa ou prèt kite ale, mwen pral di ou konbyen ou pral resevwa nan men Bondye. Montre mwen konbyen zanmi ou prèt pou kite ale, konbyen lajan ou pare pou sakrifye, konbyen resous ou prèt pou envesti, epi mwen pral di ou sou ki distans (longè chemen) ou kapab avanse. Se pou ou fouye byen epi tcheke kè ou pou verifye chemen desten ou!

Dilijans mande pou nou gen imilite. Bondye rekonpanse kòmsadwa tout moun ki chache Senyè a avèk imilite. Syèl la pa rekonèt ni resevwa okenn dilijans ke yon moun fè san imilite.

Bondye pa pè si ou fache oswa si ou wont, konsa pito ou evite tout criz kolè ou yo, epi ou va wè ke imilite ou ap jwenn bonjan rekonpans nan men Bondye.

Bondye merite pi gwo lwanj nou yo, ofrann nou yo, sa ki gen plis valè nan lavi nou. Si ou vini nan prezans Bondye epi kenbe kè ou byenlwen anretè , se yon aksyon ki pa gen okenn imilite. Pa kite emosyon ou yo kontwole relasyon ou genyen avèk Bondye. Bondye nou an merite tout bagay nou genyen!

Lè nou rete dilijan nan chache rankontre Bondye, Li pral kòmanse itilize nou nan yon fason ke Bondye pa ko janm itilize nou anvan.

Etidye kè ou byen epi mande tèt ou, nan ki nivo dilijans mwen ye jodi a?

Ou kapab mezire nivo dilijans ou, selon sa ou vle kite ale soti nan vi ou.

Teste epi ekzaminen konsistans ou.

Dilijans ou pou pouswiv epi rankontre Bondye nan imilite ap pouse antre nan destine ou.

Mwen swete ke ou akselere destine ou! Zèl ou pou Bondye dwe chofe kè’w tankou zèl Enòk, tankou zèl Senyè Jezi, epi se pou mache nan imilite devan Papa Bondye chak jou nan lavi ou!