ANRASINE (Pati 4): POUSWIV BONDYE AVÈK ANPIL SWAF

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 24, 2021

Bonjou, Zanmi GTH! Nou espere ou pwofite seri pwisan sa a sou : ANRASINE, ki se Pawòl kap gide NOU pou 2021 nan Revive Nations. Pou jwenn aksè sou konmansman seri a, Klike isit sou Lyen sa a . Nan Pati 4 la, nou konsidere kijan SWAF se yon bagay ki anpotan anpil nan pouswit nou pou Bondye. Pwofite ansèyman pwisan sa a pa Pwofèt Prophet Shyju Mathew, Fondatè Revive Nations.

Zanmi, men yon GWO kesyon: Eske ou swaf dlo vrèman anpil? Eske ou Swaf dlo ase pou bwè yon vè plen dlo? Oswa Swaf pou desann yon gallon dlo? Yon gallon byen plen? Eske ou swaf tèlman pou bwè yon larivyè?

Nan Ezayi 44: 3, Senyè a pwomèt: « Map vide dlo sou tè sèk ki swaf dlo. Map fè sous dlo koule nan dezè a. Mwen pral vide pouvwa Lespri mwen sou pitit pitit ou yo; Map voye benediksyon mwen sou pitit pitit ou yo. »

Chak kwayan se yon pwodwi lavi ki soti nan Swaf li gen pou Bondye.

Lè nou rankontre yon kwayan, nou rankontre nivo swaf li pou Bondye. Swaf nou pou bonjan konpreyansyon defini viktwa nou yo. Viktwa nou yo se rezilta final nivo swaf nou yo!

Kalite jan nou swaf pou konprann pral deside si dlo ap vide sou tè a oswa si nou pral resevwa yon inondasyon! Swaf nou pou Bondye ap lage anpil rivyè dlo lavi kap koule soti nan zantray nou. Oswa, èske nou tou senpleman ap tann pou yon lòt moun ki pi gran vini ansanm avèk yon vè dlo pou vide epi satisfè jis bezwen oswa swaf nou genyen jounen jodi a?

Zanmi’m, kijan ou swaf Bondye? Èske w swaf ase pou w mande epi kontinye mande jiskaske ou jwenn trezò yo ke Bondye ap tann avèk prekosyon ke ou rive jwenn? Lè ou jwenn Li, ou pral toujou swaf piplis ankò?

Nan Lik 24, nou jwenn 2 disip tap vwayaje sou wout ki mennen nan Emaus ki te soti Jerizalèm. Bib la ekri, “yo tap pale youn avèk lòt sou tout bagay sa yo ki te rive. Pandan yo t’ap pale epi diskite ansanm, Jezi Li menm pwoche bò kote yo, Li mache kontinye fè wout la avèk yo. Men, je yo te anpeche yo rekonèt Li” (vèsè 14-16 ).

Reflechi sou sa: 2 kwayan te pwofite prezans Jezi pandan plizyè èdtan, pandan Li tap eksplike yo Ekriti yo nan menm jou Rezirèksyon Li an. Men, Malerezman, yo pat rekonèt Li. Èske ou ka imajine si yo te pran yon poz avèk imilite pou mande, “Mesye, kijan ou fè konnen sa a? Ki sa ki sous gwo larivyè sa a? Ki moun ou ye?” Ki sa ki ta ka rezilta rankont sa a si yo te mande yon ti kras plis?

Pwovèb 25: 2 eksplike « Bondye konnen lè pou Li kite nou konprann, se sa ki fè Glwa Li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo. »

Anpil moun vle resevwa nan men Bondye, men malerezman yo kwè ke yo ka dekouvri mistè Bondye yo san fè jefò. Laverite se ke : mistè kache yo, mande yon pouswit epi tou se glwa nou kòm pitit Bondye, pou nou rive dekouvri mistè yo nan rechèch nou yo. Lè nap viv avèk bonjan swaf konpreyansyon ak obeyisans nan pouswit nou, Bondye ap revele nou glwa Li.

Kòm granmoun nou konnen, ke tou sa ki kache genyen pi gwo valè. Kit se nan mache yo oswa nan salon lakay nou, yo pa mete trezò deyò sou lamen pou timoun piti oswa vòlè jwenn aksè. Nou sere avèk anpil atansyon bijou ki koute chè yo, nou konsève trè byen bagay ki gen anpil valè yo, paske trezò ra yo koute chè anpil pou nou genyen yo! Diaman yo kache nan fon tè a. Nou dekouvri bèl grenn pèl yo avèk anpil presyon nan fon lanmè. Pyè emwòd epi safi yo taye soti nan mòn granit.

Menm jan an tou, pou mistè kache Bondye yo, nou jwenn aksè gras a pouswit nou avèk anpil swaf nan rechèch nou yo.

Mezanmi, nan sezon sa a, se pou nou jwenn aksè nan rivyè yo pandan nap kontinye fouye pi fon, se pou nou swaf pi plis epi bay plis valè a trezò yo ke nou dekouvwi avèk anpil zèl. Se pou nou selebre laglwa vwayaj sa a ansanm!

Kòm nou vin plis anrasinen, nou vin pi fèm nan yon konpreyansyon pi fon, pandan nap chache sa ki kache yo, nou sèten ke nou va dekouvri la glwa Bondye.

Papa Bondye, ki renmen nou, pran plezi anpil lè nou jwenn Li. Pouswit la kòmanse avèk swaf nou.

Chè Zanmi GTH yo, nou espere ke ou eksite pa Seri sa a sou ANRASINE! Tanpri pataje avèk yon zanmi sou Facebook oswa Twiter. Bay travay bondye a bourad avèk aksyondegras epi se pou swaf ou yo vin pi gran pou Rivyè dlo yo Bondye lage pou sezon sa a!