JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 1 : Gran wout enfòmasyon pou nanm nou

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 27, 2021

Byenveni, zanmi lektè, nan yon seri enteresan pou Kò Kris la! Pandan nap rete kole sou Pawòl Seyè nou an pou lanne 2021 a, “ANRASINE“, annou konsidere seri pwisan sa a pou ankète epi fouye kesyon ki konsène “nanm nou”. Se pou nou pare pou lavi nou chanje!

Eske ou pa janm mande tèt ou, zanmi mwen, poukisa yo rele Seyè a Anmourèz nanm nou?

Poukisa nanm nan tèlman enpòtan, ke Senyè a Li menm renmen nou anpil konsa?

Lè nou fèk fòme nan vant manman nou, kò nou grosi nan vant manman nou. Nan moman konsepsyon ti bebe a, Senyè a kreye nanm lan, tankou yon adwaz pwòp ou yon tablo ki pare pou ekri. Pifò nan nou konprann kijan kò imen an grandi, jan li devlope epi jan li pran laj. An reyalite, nou make kwasans ti bebe pa mwa, kwasans timoun pa ane, epi kwasans granmoun pa deseni. Men, èske nou konnen kijan nanm nan devlope? Kijan nou make kwasans nam lan nan Peyi Bondye Wa a?

Zanmi, se senk (5) sans nou yo ki bay nanm nou enfòmasyon, li aji kòm yon gran wout enfòmasyon: se sa nou (ak zye nou), se mo ak son nou tande (ak zorèy nou), se bagay yo nou goute (ak bouch nou), se bagay yo nou manyen (ak men nou), epi se bagay nou pran sant(ak nen nou). Se pòt antre sa yo ki toujou ap inonde nanm nou ak enfòmasyon (ki rele enfòmasyon sansoryèl). Pou ke yon kwayan rive gen dominasyon sou tè a, fòk li kapab idantifye manti yo, rive disène enfòmasyon sansoryèl yo epi fòk li kenbe nanm li an sante, pouke lespri li ka gen pouvwa pou dirije.

Avètisman: Lè nanm nou pa aliyen, lè li pa byen devlope, lè li blese epi lè li manke matirite, sa pral entèwonp destine yon kwayan. Emosyon negatif yo, tantasyon yo, panse ak aksyon yo, ke prensipalman nanm nan dirije, ka debouche sou avòtman desten nou.

Byeneme, lespri nou fèt pou rete konekte avèk Lespri Bondye pou mennen lavi nou. Men anvan tout bagay, nou dwe asire nou ke nanm nou ap viv nan repo devan Senyè a! Nou pa ka kite anmètim, blesi nou subi, laperèz avèk dout, rive deranje epi defòme Vwa Bondye nan lavi nou! Se pou Senyè a pote balans, yon bonjan ekilib, nan lavi nou epi geri nanm nou, pou lespri nou ka libere pou li dirije jan Sentespri a kondwi li!

Pandan nap aplike verite sa yo, se pou nou grandi nan sentete kòm kwayan sezon tan lafen sa a!