Men 5 kle ki ap fè Bondye aji pou nou.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 23, 2018

Bondye ap chache moun ki pasione ki gen kè pou li.

Neemi se te yon nonm pasione ki tap chache yon delivrans nan men Bondye Pwisan pou eritaj li yo te kabap restore.

[Ne 2:2-8] « Epi li di m’ konsa: -Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k’ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m’ap mande nan kè m’ sa ki pral rive m’.
3 Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m’ fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?
4 Wa a di m’ konsa: -Kisa ou ta renmen m’ fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m’.
5 Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m’ap sèvi ou la, tanpri, kite m’ ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m’ ka rebati l’.
6 Wa a te chita avèk larenn li bò kote l’, li mande m’: -Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w’a tounen? Mwen di l’ konbe tan sa ka pran m’. Epi li dakò pou l’ kite m’ ale.
7 Lè sa a, mwen di wa a: -Si sa fè monwa plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou gouvènè ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat yo, pou yo ka kite m’ pase jouk mwen rive nan peyi Jida.
8 Li ta ban m’ yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo pou l’ ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k’ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m’ rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l’ paske Bondye te avèk mwen. »

Neemi te chache Seyè a e li te riske lavi li pou Jerizalèm te ka restore.

Men 5 leson impòtan nou kabap aprann , 5 kle nou jwenn a travè lavi Neemi ki pral pèmèt nou wè men bondye aji nan lav nou.

Kle # 1. Jene, prye, krye e chache fas Bondye.

[Neemi 1:4]
“Lè m’ tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t’ap lapriyè Bondye ki nan syèl la”

Pran sa kòm yon abitid pou nou krye nan prezans Bondye. Pran yon jou nan semèn nan pou nou jene. Fè sa vinn yon abitid natirèl nan la vi ou avèk Bondye. Lè sa nap atire zye Bondye nan tout sitiasyon nap viv yo. Si Sentespri ki nan ou a ap jemi, fòk ou soumi pou li ka lache kè li a ou men-m. Menm jan ak Neemi, nou swete ke kri ou yo kapab rive nan syèl la e dlo nan zye ou yo kapab pale pou ou.

Sim kriye nan prezans Bondye, mwen pap bezwen krye nan prezans lèzòm.


Klè # 2: Adore Li. Nou tout bezwen ke Bondye ede nou, men eske nou kapab adore li anvan?.

Bondye nou an se yon «Bondye ki kenbe pawòl li yo.. Men eske nou ka fè li konfyans?

[Neemi 1:5] “Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.”

Lè ou sonje bonté Bondye pou ou, la fwa ou vinn active. Pryè ou yo vinn yon pasyon pou kè Bondye paske ou ka toujou konté sou fidelite li ki pap janm fini.

Kle # 3, Repantans.

[Neemi 1:6] Tanpri, voye je ou sou mwen menm k’ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m’ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.

Bondye nou an pafè anpil. Si gen yon defo, se nan nou menm li soti. Se poutèt sa , nou dwe konfese peche nou yo devan li. Pa kite anyen nan lavi nou anpeche nou vinn nan pye Bondye. Nou dwe kontinye pote peche nou yo devan Li, paske sèl fason ke ènmi an kap atake nou se lè nou kite peche nan la vi nou san nou pa konsefe yo.

Kle # 4: Sonje Bondye, itilize pawòl li kòm you ofrann san ou pa janm blye li.

[Neh 1:8] “Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m’ di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m’ap sanble nou, m’ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m’ rete a.”

Neemi te prye avèk pawòl la, li te konnen sa Bondye di, lap fè li. Gen yon puisans ke ou pa ka mezire, lè ou vinn devan Bondye avèk pawol Li promèt yo.

Kle # 5 Toujou sonje kisa Bondye te fè pou nou.

[Neemi 1:10] Enben! Seyè, men yo, moun k’ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.

Pawòl la rempli avèk temwayaj de puissans ak fidelite Bondye. Kite lafwa ou grandi e nou swete ke sa wap rete tann de bonte Bondye yo kapab rempli kè ou e ou pa janm abandone jouktan Bondye manifeste bonte li nan lavi ou.