Men 10 verite pwisan ki soti nan Sòm 106: Se yon seri devosyon pou premye a katrièm jou a. (Jou 3)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 25, 2019

[Spanish | English | French]

Bonjou tout lektè nou yo. Se avèk anpil jwa ke nou ap prezante-w seri devosyon sa yo etid biblik sa kite fèt pa pastè Shyju. Nou te dekouvri ki valè sa genyen lè ou rete tann konsèy Bondye. Jodi-a li postè kòman ou pa dwe kite idée ou yo depase-w. Nou swete ke pral ankouraje ou. Pataje-l avèk yon zanmi.

JOU 3: PA KITE DEZI OU YO DEPASE OU

Sòm 106:14   Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t’ap gade ki bò Bondye ye ak yo. 

Bib la di nou “Yo te gen anpil lidé nan dezè a epi yo te eseye fè Bondye piti nan lavi yo ak dezi sa yo.” (AMP)

Gen yon plas kote ou ka grandi nan Bondye epi ou ka satisfè dezi ou yo . Men, toutotan se chè ou kap gouvène ou krent ou nan Bondye diminye pa dezi ou, ou nan yon plas ki pi danjere

Lè ou grandi nan Bondye tout bagay ap swiv ou.

Lè ou grandi nan Bondye, moun ap chache ou. Pa exanp, lè David te nan bwa avèk mouton yo, profèt Samyèl te vinn chache prochen rwa, epi li te rete tann jouktan yo te Mennen David ba li. (1 Sam 16:10)

Si ou kapab grandi nan Bondye , moun pral chache konnen non ou, numéro telefòn ou, adrès ou olye ke ou di banm-banm , eske ou ka chwazi pou ou grandi nan matirite. Lè ou toujou ap di ban mwen se yon tandans lisifè , yon espri piti prodig.

Yon vrè pitit gason pa pral mande eritaj pa li paske li asure ke li deja genyen li. Loye sa , lap grandi nan eritaj li.

Bondye vle ou vini nan yon plas kote tout bagay li fè vinn jwenn ou kòm yon eman.

Si pèp Bondye a grandi nan matirite, roi avèk rènn pral chache ou. Kòm nan jou Danyèl yo , nou wè renn peyi saa ap voye moun vinn chache ou. Renn nan pral di: mwen pa genyen mwayen pou-m ede-w. Menm sim wen nan wayom nan, mwen pat ka ede wa, men Danyèl te vini e li te de waa. (wè Danyèl 5)

Pandan ke ou ap grandi nan Segnè–a , nou swete ke ou ap atire nasyon yo nan Limyè –a

Priè: Segnè , padonen mwen paske mwen ta mande ou men ou olye kem mte mete konfians mwen nan ou. Mwen vle gen matirite poun grandi nan eritaj mwen kòm piti ou.

Vinn jwenn nou demen pandan ke nou ap konsantre nou sou matirite nou epi pou nou grandi nan Bondye.