Men 10 verite pwisan ki soti nan Sòm 106: Se yon seri devosyon pou premye a katrièm jou a. (Jou 6)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 2, 2019

Byenvini fanmiy GTH ! Jodia se senkièm jounen pou seri devosyon nan Sòm 106 ke profèt Shyju Mathew te fè nan etid biblik nan legliz Emmanuel nan Montreal. Yè, nou te aprann kòman nou dwe soumèt dezi nou yo a Bondye. Jodia, nap apran-n sou profèt Sjyju anseye nou kòman ou dwe jwenn Moiz ou, sovè ki vini pou delivre-w nan situasyon ou yo. Pa blye pataje-l avèk yon zanmi epi profite jounen ou! Pase yo bòn jounen.

Jou 6 : REKONÈT KIYÈS BONDYE VOYE KÒM MOYIZ OU.

Sòm 106. 23-24 Se konsa Bondye di l’ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l’ pou l’ pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
24Yo pa t’ vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t’ kwè pawòl Bondye.

Chak sezon ke Bondye voye yon moun nan lavi ou ki gen onksyon ki kanpe pou ou. Se men-m jan ke Bondye te plase sentinèl devan legliz yo pou prye se konsa Bondye jwenn moun ke li mete nan vi nou pou gide nou epi anseye nou.

Gade sa Job 33:23-24 di nou : 3Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l’, yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.
24Zanj lan va gen pitye pou li. L’a di Bondye: -Tanpri, pa kite l’ mouri. M’ap peye pou sove lavi li.

Gen yon sèl nan pami mil moun ki pral antre nan lavi ou ak rale ou soti nan twou san fon an. Si ou ka jwenn moun sa ke Bondye te voye a, yon sèl enstriktè ki ka di ou pwoblèm ou yo, ou pral jwenn yon kle nan lavi ou!

Koreksyon se kado Bondye , epi se yon sign ki di ou ke ou proteje. Gen paran ki renmen pitit li yo tròp ki pa korije yo. Depi ou renmen ou pa ka manke korije. Bondye chatye pitit li renmen. (Ebre 12:6)

Èske ou kab konnen kiyès ki Moiz nan lavi ou nan bon tan e nan move tan? Pa blye byen ke yo fè pou ou.

La pryè: Segnè, fè-m gras pou-m pa konbat pawòl ke ou voye pou korije-m. Fè-m gras pou-m renmen epi onore moun ke ou voye sou chemen mwen pa misèrikòd ou pou korije-m.

Demen, nou pra-l reflechi sou kwayans nou nan Bondye. Nou swete ke jwa Li se fòs ou.