JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 2 : Refize kout mato lènemi an

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 29, 2021

Chè lektè, nan premye Jou a nou te dekouvri kijan sans nou yo (je, bouch, zòrey, men, nen) enfòme nanm nou. Dezyèm jou a, nou pral wè kijan enfòmasyon sansoryèl mond lan sanble tankou yon mato, ke lènmi an mete an mouvman pou li ankadre pèspektiv nou, pou konfonn lespri nou, epi afebli kè nou. Si ou vle vin yon venkè tankou Abraram, pwoche bò pawol pwisan sa a ki prepare pa pwofèt Shyju nan Pati 2 nan seri sa a ki bay lavi.

Nan 2 Pyè 2: 8, apot Pyè dekri lavi Lòt nan lavil Sodòm : « Paske, nonm dwat sa a ki tap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo tap fè, se chak jou li santi kè li tap fann, paske li tap viv dwat devan Bondye. » Sonje kijan Lòt te chwazi patiraj vèt nan lavil Sodòm lè li te kite swen tonton li Abraram? Se vre wi, li pat konprann sa li pèdi nan chwa sa a (gade Jenèz 13: 5-13).

Nan lavil Sodòm, yonn nan vil ki pi chanèl, chak jou lavi Lòt te anmède nanm li anpil, e menm boulvèse nanm li. Mo Boulvèse, vle di pliye, pese desann, fristre, kwense, fòse. San rete, je ak zòrèy Lòt tap resevwa enfòmasyon ki te lakòz lènmi an te sènen nanm li.

Pou anpil tan li tap viv nan peyi Kanaran, nanm Lòt te benefisye estanda jistis Abraram devan Seyè a. Si nou konsidere nanm nou tankou yon adwaz (tablo) pwòp, tankou yon kle USB kap anrejistre done, pandan yon long detan, nanm Lòt te pwoteje pa konsekrasyon Abraram nan Seyè a. Si Abraram te di : “Sa a pap antre nan kay mwen an”, se te konsa li te ye tou pou Lòt. San li pa reyalize, Lòt te gade epi pwoteje pa reverans Abraram nan Senyè Toupisan an.

Nan Jenèz 18:17-19, Bondye te pale de Abraram, selebre verite sa a: “Èske Mwen kapab kache Abraram sa mwen pral fè, paske Abraram pral sètènman vin yon gwo nasyon ki va gen pouvwa, epi gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Paske mwen konnen li, ke li pral kòmande pitit li yo ak tout fanmi li apre li’. “Kapasite Abraram nan resevwa enstriksyon epi kòmandman pitit li yo te pwoteksyon Lòt, sepandan, siman, li pat konprann sa jiskaske li andire chak jou ofansiv lavi chanèl nan lavil Sodòm”.

Petèt ou ka gen rapò. Petèt, tankou Lòt, mond lan bò kote ou ap rele byen fò ak mesaj ki mine estanda Seyè a preske chak jou. Reflechi sou Lòt, li chita la, lap gade salte lavi chanèl vil Sodòm, ap tande pawòl sa yo, pran sant salte, epi ki pa gen okenn fason pou chape anba sitiyasyon sa a. Ti kras pa ti kras, lènmi an enfiltre nanm nan Lòt, ap frape li avèk kout mato chak jou. Lòt pa vle fè sa li wè nan lavil Sodòm. Li pa vle lavi sa a. Bib la rele li yon nonm ki mache dwat, sa vle di li te yon nèg pwòp, men fason lènmi an antre, fason lènmi an eseye kase dwati sa a, nan bonbade sans li, chak jou, jiskaske nanm li menm te rive boulvèse.

Chè zanmi, bon nouvèl la, se ou ka reziste, dezangaje ou, pwoche bò kote Bondye epi rafrechi nanm ou. Ebre 12: 4 di : «Paske nan batay nap mennen kont peche a, nou poko reziste jisko san.» Chè zanmi, nan lit ou kont peche, èske ou te déjà reziste, nan pwen pou swe koule san ou? Non? Alò, se pou ou kontinye reziste!

Apot Pyè, apre li fin eksplike sitiyasyon Lòt la, kontinye pou li di: “Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun ki mache dwat yo anba eprèv; Men, li kite mechan yo pou Li ka peni yo jou jijman an” (2 Pyè 2: 9). Menm jan an tou, Apot Pòl ankouraje Legliz la pou li sonje kiyès kap kondwi ou: « Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, Li gen pou Li kontinye li jouk Li va fini li nèt, lè jou Jezikri a va rive. » (Filip 1: 6)

Zanmi lektè, se pou Pawòl Bondye renouvle nanm ou jodi a! Kòm Pawòl la ap vin jwenn ou, se pou dlo pi netwaye nanm ou. Sonje byen, ou pa sa ou te wè. Ou pa sa ou te tande. Ou se moun Senyè a rachte!

Tankou Abraram, se pou refize mete nanm ou anba kout mato lènemi an epi se pou ou viv apa pou Bondye. Menm jan ak Abraram, se pou nou mache nan gras Bondye a pou dirije kay nou nan lajistis, pou laglwa Bondye nou an!