7 JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 3: Kalme Tanpèt ki nan Nanm ou.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 5, 2021

Bonjou zanmi lektè GTH yo! Nan 7 JOUNEN DEKOUVÈT sa yo, nou ap aprann kijan nanm nou gen 5 pòtay (5 sans), ki se: je nou, zòrèy nou, nen nou, bouch nou ak men nou. Tout sa nanm nou devni, depi nan vant rive nan kavo a, depann de enfòmasyon ke nou ramase epi depoze nan nanm nou atravè 5 pòtay nou yo. Jodi a, nan Jou 3, nap gade ansanm repons apot Pòl nan nofraj li fè nan liv Travay Apot chapit 27. Kisa ou ta fè si ou oblije pase13 jou nan yon bato, lanse adwat agòch sou yon lanmè fewòs, san yon sèl ti bren limyè, san solèy, san lalin ni zetwal pou gide ou (epi san okenn aparèy elektwonik)?

Pwofite Pawòl pwisan sa a sou “Jan pou Kalme tanpèt yo nan nanm ou” pa Pwofèt Shyju Mathew, Fondatè Reveye Nasyon yo.

Nan liv Jenèz 1:14, Bondye te di: « Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Se pou sèvi siy pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo ». Lè Bondye te kreye lalin lan ak zetwal yo, yo te fòme pou gide limanite nan fènwa lannwit; sa se yon gwo prezaj Jezikri kòm limyè nan mond nwasè nou an.

Sonje istwa Pòl ak nofraj la? Pòl, sou wout pou ale nan lavil Wòm, ansanm avèk 276 maren, sòlda ak lòt prizonye, ​​yo te tonbe nan yon tanpèt terib, ki trennen bato a ale nan tout direksyon toupatou ak van siklòn pandan plizyè jou. Menm pi mal, Travay Apot 27: 20, deklare “Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm tap soufle byen fò toujou. Lè nou wè sa, nou pèdi tout espwa sove.”

Pou yon pechè oswa yon yon maren, yon syèl sanzetwal, vle di navige san direksyon epi san okenn mwayen navigasyon. Pou yon jou osinon 2 jou, se terib men nou ka toujou jere sa. Sepandan, nan sitiyasyon plizyè jounen kontinuèl nan yon bato an deriv nan fè nwa sa vle di « yon dezas sèten », paske lanmè yo te twò vas pou yo ta rive navige ladann li san konsèy san oryantasyon.

Pòl Apot, antanke prizonye sou bato sa a, sètènman te andire menm emosyon ak menm santiman ke tout lòt moun yo te santi, pandan ke vag lanmè yo te fin anraje epi lestomak yo ap tounen lanvè. Plis jou yo ap pase, se plis mesye yo ap pèdi lespwa. Padan yon semèn, pifò te prepare pou mouri. Nan de semèn, pa gen moun ki manje, tout apeti te koupe, epi depresyon parèt nan figi chak moun nan bato a.

Sou 13e jou, malgre tout enfòmasyon kriyan nan Sans li yo (pòtay), van kap vante, lapli kap tonbe, kriye yo, grangou nanvant, Pòl refize entèpretasyon ke nanm li rive ramase epi Pòl te chache pito enfòmasyon nan lespri li. Si nou vle vin venkè kòm pitit Bondye, tankou Pòl, nou bezwen grandi espirityèlman pou rive nan yon nivo kote Nanm nou pa gen kapasite pou anvayi lespri nou. Avèk konpreyansyon sa a, Pòl leve kanpe sou 14e jou a epi li te adrese moun yo ki bouke anpil:

« Mwen ankouraje ou pran kouraj, paske pap gen okenn pèt lavi nan mitan nou, men se sèlman nan batiman an ke nap pèdi. Jou lannwit sa a menm, te gen yon Zanj Bondye ki se Mèt mwen an epi map adore, ki te parèt devan mwen. Li di li: Pa pè, Pòl, ou dwe parèt kanpe devan Seza. Epi gade, Bondye ba ou tout moun yo kap navige avèk ou. ’Konsa, pran kouraj, mesye, paske mwen gen konfyans nan Bondye ke tout bagay pral pase egzakteman jan Zanj la te di mwen an. »

Pou maren yo, pou tout lòt moun ki sou bato a, tout sa yo te wè se te fènwa, paske solèy la, zetwal yo ak lalin nan te rete kache, pandan ke tanpèt la te fin anraje. Pòl, yon fwa je espirityèl li te louvri, te kòmanse wè epi tande sa kap pase nan Lespri. Pòl wè zanj Bondye a, li tande mesaj Seyè a.

Kounye a, ame avèk Pawòl la, domèn lespri a rive gouvène domenn natirèl la atravè lafwa Pòl nan Bondye. Pòl te temwen ki jan sa kap pase nan natirèl la ka kontwole pa kapasite ou yo ou rive wè epi tande nan domèn espirityèl la. Kle a te rete nan refize enfòmasyon nanm nan epi rive jwenn nan revelasyon Lespri Bondye a. Nan 13e jou an, Zanmi, rankont Pòl ak Bondye chanje rezilta a pou tout moun.

Èske ou eksite pou’w kòmanse gen laviktwa sou tanpèt yo nan lavi ou? Nou priye pou ke Pawòl sa a pote gwo ankourajman nan tout nasyon yo, konsa, tanpri, pataje seri sa a avèk yon zanmi e moun ke ou renmen!