EKILIB NOU [Pati 6]: Ranpli vid emosyonèl nou yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 2, 2021

Chè zanmi, seri sa a sou Ekilib vle chanje lavi nou!

Nan jou sa yo, lavi nou plen avèk enkyetid; anpil nan nou ap konfronte gwo defi pou kenbe lapè andedan nou, pou kenbe lespri nou pwospere epi pou nanm nou nan kè poze.

Sètènman, pou kenbe nan lavi nou yon Ekilib apa pou Bondye, kwayan an dwe kontinye ale nan pye Senyè Jezi pou ranpli vid emosyonèl li yo, sinon aliyman vi li kote lespri dwe pran plas kòm dirijan ka rive sabote akòz ekzijans ke nanm li mande.

Koulye a, nan sa ki konsènen Nanm nan : aprè emosyon yo fin chaje nanm ou epi tout sans emosyonèl yo vin twò chaje avèk pakèt enfòmasyon panik mond la, souvan Nanm nou reponn avèk yon bann anvi. Zanmi, sa a se yon gwo pèlen lènmi an, pèlen sa a fèt pou dewoute e chanje destine ou antanke pitit Bondye. Gen kèk moun ki ka chache ranpli solitid yo avèk yon konpayon ki pral entèsepte pwogrè ou nan Seyè a. Gen lòt moun ki ka ranpli nanm yo avèk seri pwogram televizyon, bagay kap bèse (kap dodo meya) kwayan an nan distraksyon e dekoneksyon, epi tou gen anpil lòt moun ki chwazi lanbisyon oswa amizman monn lan pou ranpli asyèt yo.

Lè ou fin rasazye, paske nanm ou reponn avèk yon fo kè kontan (yon fo jwa!) epi, touswit apre sa, nanm ou kontinye mande plis ankò, menm jan ak lè ou anvi sèlman yon sèl grenn chip pòmdetè, nanm ou kontinye mande PIPLIS ankò.

Byeneme, ou dwe kite bagay sa yo, epi answit, ranpli nanm ou avèk sa ki fè Seyè a plezi.

Nan 2 Timote 2 vèsè 22, Bib la di nou : Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, se pou chache lajistis (fè sa ki dwat), lafwa, lanmou ak lapè, mete tèt ou ansanm avèk moun kap sevi Senyè a avèk yon yon kè ki pwòp.

Pou kenbe Ekilib nou kòmsadwa, nou pa kapab ranpli nanm nou avèk move bagay sa yo : tout konvwatiz ak anvi monden ke nanm nou dezire …. Nou dwe kouri lwen bagay sa yo!

Olye de sa, Byeneme mwen, se pou ou ranpli nanm ou avèk manje ki vrèman satisfè: Pran swen tèt avèk bon santiman, bon panse, bon aksyon, konsa ou ka kontinye kanpe dwat devan Senyè a.

Se nan sa, lapè ak kè poze abite. Se nan sa, nou va konsève Ekilib nou toutbon vre.