Kòman ou desann fon, pi fon, pi fon pi fon nèt la.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 27, 2018

Sòm 78: 15-16
“Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.”

Ou poko janm ale nan yon plaj pandan yon jou ete kote li fè trè cho. Ou gen yon sèl ide ki vinn nan tèt ou lè ou chita tròp nan sab la se al plonje nan dlo a pou ou ka vinn fre.

Nan jou sa yo , dlo rivyè–a cho anpil e li pi cho pase dlo ki soti nan toilèt la. Men plis ou avanse nan dlo a, wap wè li vinn pi fre. E si ou plonje pi fon, wap we dlo a pi fre toujou. Sa soulaje ou. 

 Bondye fè nou gras nan plizye nivo, Pawòl la konsidere yo kòm yon sous,yon larivyè e anba nan fon laryviè. Nan fon a se kote ki gen anpil dlo, se sous la. Larivyè yo se kote ki genyen anpil vizyon, anpil benediksyon, anpil projè ak presizyon. Gen anpil ti sous kap koule ki soti nan larivyè yo .

Gen kote se sous ou wè sèlman. Gen lòt kote ou tande bri yon gran larivyè ki gen sous pa li ki divize pa yon pakèt ti sous, pa yon ti canal ou yon ti ma dlo, oubyen yon pakèt ti gout dlo.
Lavi chretyen yo kòmanse lè yo aksepte sovè a. Fwa nou se yon chemen ki long anpil,se lè wap chache Bondye tout bon vre gen gras li ogmante nan lavi ou.

Nou pa dwe rete nan yon plas ki tièd kote ou vinn abitye tròp avèk Bondye, oubyen kote moun yo satisfè sèlman avèk yon ti gout dlo pou yo pase swaf yo. Paske nou se pitit Bondye, nou se eritye gro larivyè Bondye.

Bondye ap chache moun ki swaf li sa vle di moun ki kòmanse depi nan pi piti gout la jouk li jwenn sous la, lè li finn jwen sous la li ale nan larivyè a lè li jwenn rivyè a li ale kote ki fon anpil la pou-l jwenn Bondye.

Fòk ou jwenn pa Larivyè a anvan pou ka desann nan profondè a. Men pou ou jwenn rivye –a anvan , fòk ou jwenn sous la . E menm pou sous la tou, pou ou rive a li men fòk ou chache yon ti gout pou peze swaf ou.

Swaf la kòmanse pa yon anvi. Pòl di nou: nan 1 Kor:12:31: “ fòk nou chache don ki pi bon an“ Lè ou vle yon bagay, dezi sa soti nan kè ou. Men lè ou swaf ou pa janm fatige gen swaf.
Nan lavi kretyen an, nou jwenn 3 nivo nan mach nou avèk Bondye: mande, chache ak frape. Mande se premye pa. Chache se dezièm nan, men ou pa ka rete nan nivo sa sèlman, fòk ou kòmanse frape.Dezi kè ou kòmanse ak mande. Seyè, mwen vle konnen ou; mèsi pou ti gout ou ban mwen, men mwen vle plis toujou.

Lè wap chache, fòk ou jwenn yon fason pou jwenn plis nan men Bondye.
Ou dwe konnen kisa ou bezwen pou ou ka touche kè Bondye. Fòk ou reflechi sou kòman gout yo fè vinn yon sous. Chache konnen kle a pou-w ka avanse. Mande Bondye “kisa-m bezwen pou-m kontinye.Kisa mwen dwe sispann fè“. Tout kretyen gen ki gen yon histwa se sila yo ki avanse nan mande, nan chache ak frape nan pòt syèl la.

Frape se pa chache. Frape vinn yon bagay ke ou kontinye nan kè ou. Sa mete yon swaf pou yon revèy nan kè nou, san ou pa wè benediksyon , men pou konn Bondye vivan tout bon vre ,Papa nou an, pitit li a e sovè nou pou nou kite nou gide pa Sentespri a .
Zanmi-m yo, fòk ou frape jouk tan ou touche kè Bondye.

Pou ou pase pa ti gout kristianis pou rive nan sous Bondye, epi nan larivyè li e pase de la rivyè a pou rive kote ki fon anpil la, tout kretyen dwe pase pa etap mande, chache ak frape.

Pou byen lemonn nan, nou pa dwe kanpe, nou dwe sote ansanm jouk nou rive kote ki fon anpil la.
Profondè Bondye depase tout sa moun konprann. Nou pa ka kontrole sa.

Syèl la ouvri a moun ki grangou , ki dezespere ei ki gen yon swaf sinsè pou Bondye.  
 Pou ou pase pa yon ti gout pou rive anba fon larivyè a, se yon long mach ki kòmanse pa yon dezi ki sinsè pou rive gen plis swaf pou glwa li.

Zanmi mwen yo, monn nan bezwen yon arme ak kretyen ki swaf e ki pa abandone , men ki kontinye ap chache plis nan Bondye . Eske ou fè pati de lis sa a?

Nou swete ke nou gen plis swaf de Bondye pou nou ka ale fon, pi fon jouk nou rive pi fon pi fon nèt lan.