PÈSE ou AVANSMAN KWAYAN YO- 2e pati: Plas pou Transfòmasyon an

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 26, 2020

Nan sezon COVID19 sa a, Bondye nan syèl la trase yon Pèse/yon avansman pou chak kwayan! Nan premye pati Seri sa a, nou te wèi Chemen ki mennen nan benediksyon sanparèy”. Nan dat 29 janvye 2020, Pastè Shyju Mathew, Fondatè “Revive Nations” te fè yon vizyon, pandan li tap priye, sou « sik lavi yon papiyon ». Premyèman, li te wè yon cheni soti nan yon ze, answit apre cheni a, se te yon kokiy/krizalid epi finalman, yon papiyon soti nan kokiy la. Sèvitè Bondye a te deklare ke cheni a te sezon resant, menm jan atravè nasyon yo, Legliz la te gen yon momentòm, avèk nouvo pye ki parèt, mouvman ak lavi. Aprè sa, kòm COVID19 te komanse konen nan tout peyi, Lespri Bondye te pote limye ak repons sa a. Menm jan avèk yon cheni, apre li fin pwogrese epi monte desann, mouvman legliz la vin bloke, paske yo sispann rasanbleman nan tout peyi. Fason, ke tan izolasyon sa a afekte kwayan yo atravè lemond, pral depann de lafwa nou nan Bonbye. Èske nan sezon kache sa a, nou pa ta sipoze prepare pou yon transfòmasyon, pou yon metamòfoz? Pratikman, yon cheni ki reziste pou pase nan pwochen etap la, ki refize viv nan kokiy/krizalid ap mouri epi li pap rive jwenn tout kapasite li yo pou li tounen yon papipyon. Men, cheni an ki soumèt li epi rete kole nan yon ti plas kache, ap sòti transfòme, epi pare pou li pran vòl, sa se yon bèl temwayaj konsenan pouvwa metamòfoz, pouvwa transfomasyon Bondye. O Byenemen, penga ou mouri anvan ke destine ou konplètman revele. Sonje ke ou fèt pou ou vole tankou papiyon! Si ou reziste a sezon izolasyon sa a, sezon sa a pou rete devan Bondye vivan an, ou va manke opòtinite ou pou transfòmasyon an. Lè yon cheni mare li nan pwòp swa li yo, nan plas sa a, li izole tèt li epi retire li: byen fon nan pwofondè nan tèt li, ou pral wè yon bagay ki rive! Li te transfòme, li metamòfoze. Lè cheni a vlope tèt li nan swa a, po a ki te kouvri li a vin tounen yon kokiy pou li. Koulye a, cheni an, tankou yon vè, kòmanse mouri andedan kokiy la. Li degaje yon anzim (yon likid) ki likifye tout bagay ki antoure li, tankou tout misk li yo, selil yo ak tisi li yo. Anzim la fonn tout bagay, eksepte tib la ki pèmèt li respire ak disk li yo Men yon gwo mèvèy : Lanmò cheni an, se nesans papiyon an Byeneme, lènmi an ka eseye gaye Legliz la, men NOU PA depann de sikonstans ki tabli bò kote nou. Pèmèt anzim yo ki nan Pawòl Bondye a touche nou, koupe nan nou, boule nou, avèk nepe file-2 bò li a. Se pou Pawòl Bondye a fonn kò nou (pwòp tèt nou) nan sezon sa a. Sa ki pi bon nan nou, se paske nap pase tèst nan sezon difisil sa a. Lènmi an ap pouse tout bouton posib pou li gaye nou, men Pawòl la ap vini, pou fè kò nou ak nati chanèl nou an rive fonn pandan nap rete demere nan Senyè a. Nan sezon sa a, ou ka satisfè nati chanèl ou epi jwi yon lavi peche, men alafen ou pap vin transfòme. Chanjman/transfòmasyon an pa negosyab. Lè sezon sa a fini, opòtinite pou ou vini sa Bondye te destine ou pou ye a va ekspire. Cheni a pap janm rive jwenn tout potansyèl li si li refize antre nan kokiy la. Li pral mouri nan eta li ye jodi a. Cheni an pa konprann ke gen yon nouvo lavi. Yo pa ka konnen, sòf si yo mouri nan etap sa a. Dwe gen yon diven nouvo nan yon nouvo veso. Mezanmi, Bondye ap envite ou nan yon chanm pi fon nan sezon sa a. Sentespri a ap leve jeneral yo, vanyan sòlda Bondye nan sezon sa a. Kòm ou kòmanse tande epi reponn, repoze ou sou Seyè a. Se pou Pawòl Senyè a transfòme ou epi fè travay metamòfoz la. Penga ou batay kont pwosesis transfòmasyon an. Rete demere nan Li, pi fon epi ankò pi fon, se konsa travay sezon sa a ka akonpli objektif li yo. Men metamòfoz ke le Sentespri akompli : se soti nan lanmò, vini nan yon vi resisite. Jezi di nan Jan 12 vèsè 24 « An vérité an verite: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou li mouri. Men tou, si li mouri, lap bay anpil grenn » (Jan 12:24) Kòm ou mouri nan kò ou, menm jan tou ou mouri pou pasyans, kont kòlè, kont tout bagay sa yo ki te konn donte ou nan tan lontan, menm jan ou abandonen, menm jan ou lage tèt ou bay Jezi, epi ou di, “Seyè padonnen mwen pou peche mwen yo, Mwen vle fè ou plezi “. Konsa, se pou ou demere byen fon nan JeziKris! Repoze nou nan li, byeneme. Se pou prézans Li rete bò kote ou kòm Grandè’w. Paske ou repoze nan Li epi nan gras Bondye a, ou PAP vin gaye. Ou pral konprann. Menm jan anzim nan kokiy la fonn misk yo ak tisi yo pou vin fè youn ak pwosesis la, kidonk, ou menm tou, pral fonn nan Kris la. Kite Li travay andedan ou, tankou Enòk, epi ou va mache avèk Bondye. Men metamòfoz la: ou va soti kite eta yon moun òdinè pou ke ou tounen yon pi bon moun ki transfòme. Ou pral apresye lavi tankou ou pa janm apresye li anvan. Ou pral apresye moun. Ou pral apresye genyen yon kay kote Legliz la kapab adore Seyè a ansanm. Jodi a Senyè a envite yon moun pou nouvo sezon sa a. Lespri Bondye a va rive sou ou, ou va pwofetize avèk yo, epi ou pral tounen yon lòt moun. Ou pap menm moun lan ankò (1 Sam 10: 6) Mezanmi, lè Lespri Senyè a vin sou ou, tankou Sòl, wap fè sa ou dwe fè a. Lè ou vin yon sèl avèk Seyè a, ou pral pote anpil fwi. Lè anzim yo relache epi cheni an remèt tèt li volontèman pou li mouri nan eta li ye kounye a, li vin tounen yon sèl, paske tout sa ke li te ye yo fin fonn, eksepte tinèl la ki pèmèt li pran souf la, yon tib etwat/sere ki li itilize pou respire. Pèp Bondye, yon sèl bagay ki rete se van an, souf Bondye, Sentespri nou an Souf Bondye a va chanje nou tankou tankou moun ki konplètman diferan, kote lòt moun ap gade nou epi kòmanse panse : « se pa menm moun lan ankò». Dyab la avèk kèk nan fanatik li yo ta renmen pale sou pase lavi ou, men gen yon gras Seyè Jezi a pral lage sou ou, lè ou kite Lespri Bondye boule tout sa ki nan ou, kote Pawòl Bondye a vin tounen youn avèk ou. Se pou Pawòl la ale lwen nan fon lespri ou. Ou pral tounen yon moun ke ou pat janm te panse ki te posib, yon moun ke Bondye ka itilize pou pwòp Glwa li. Zanmi, li enpòtan pou ou konnen nan ki etap ou ye. Atravè lemond epi tout peyi, tout nasyon yo bloke nan izolasyon. Nan sezon sa a, Bondye ap reklame atansyon ou. Li reklame ou. Èske ou va tande Vwa li? Se pou Seyè a transfòme lavi nou nan sezon sa a! Nou deklare Pèse ak Avansman pou chak kwayan! Se pou nou bay Bondye tout laglwa!