Lonè,se lajan Wayòm pou ouvè tout pòt.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

November 23, 2018

Dis kòmandman yo anseye fondasyon lonè pou limanite. Nan seri mesaj sa yo, Pastè Shyju Mathew bay anpil bagay esansyèl kap pèmèt nou viv yon lavi nan onè. Abòne-w epi na voye mesaj la sou bwat lèt ou a. Pataje ak zanmi ou yo. Li pral chanje lavi yo!

Lonè retanti fò nan nenpòt anviwònman.

Yon mandyan nan lari a konnen lonè ouvè yon konvèsasyon poul ka resevwa yon bagay. Menm moun rich la nan gro machin Porche li dwe kanpe pou yon timoun ki ap travèse lari a, kèlkeswa sitiyasyon li oswa enpòtans li genyen. Tout anviwònman mande yon pwotokòl onè pou yo fonksyone.

Lonè bay chak moun ki merite apresyasyon.

Fason ou onore moun Bondye mete devan ou, se sa kap ede ou antre nan yon lòt nivo. Moun yo pa reyalize ke gen pòt pou antre nan lavi a. Kelkeswa edikasyon oswa richès pou antre nimpòt ki kote nan lavi a gen yon fason ou pa ka ale okenn kote san ou pa pase pa yon moun. Yon gad sekirite ka pa genyen diplòm men li te nonmen pa yon moun pou veye pòtay la. Si ou pa soumèt a otorite ou pap ka pase nan pòtay la.

Nan maryaj, madanm yo la pou ede mari yo, men si mari yo refize bayo lonè yo pral vin kòm yon pòtay ki fèmen. Nou gen bon konprann pou nou konprann tout lòt moun, men nou pa bliye moun Bondye te ba nou pou nou konprann! Menm jan an tou, li ka fasil pou yon madanm onore polisye a oswa doktè a, men lè li rive lakay, li ka meprize wa a nan kay li, nan pwòp peyi li, e lap lite pou onore-l. Èske ou ka onore moun ou wè chak jou a? Èske w konprann lang lonè?

Se Bondye ki pase lòd pou nou onore.

Plis nou konprann lang sa a, plis nou ale pi devan tout kote. Gen kèk kote lapriyè pa ka mennen ou men se onè ki ap pouse ou antre. Si nou pa grandi nan karaktè, lapriyè pa pral ede nou antre kote Bondye vle pou leve nou. Nou ka diskalifye nan pwomosyon Bondye vle ban nou an si nou pa aprann onore nan tout anviwònman.

Gal 4:1,2, Enben! Men sa m’ vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y’ap trete l’ menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
2 Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k’ap okipe l’ la, moun k’ap regle zafè l’ pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.

Etidye lavi Jozèf la. Lè li te jèn gason, li te anbete frè l yo. Lè l te fè rèv li, li tap fè djòlè devan frè l’, li pa t ‘soumèt revelasyon sa a bay papa l’. Sètènman, Jakòb te mande l pou l rete trankil. Ou ka gen anpil moun ki chwazi pou ou, men ou konprann, ou gen frè ak sè bò kote ou. Ou pa ka deranje yo epi wap atann pou papa defann ou.

Jozèf te abiye avèk rad li te genyen epi li te montre li devan frè yo kite deja fache kont li menm. Ou dwe konnen ki lè pou w pale ak ki lè pou w rete trankil. Fòk ou konprann prensip pou grandi nan fè nwa , rete kache jouk sezon akòz. Kite limyè a fè semans ou grandi, se sa ki lakòz grenn ki soti prematire ekspoze.

Si Jozèf te konn kimbe sekrè li tap konsève bon relasyon ak frè l yo. Men, Jozèf pat ‘gen matirite. Poukisa lite montre benediksyon l yo? Ki sa li te espere jwenn l`li finn dezonore fanmi Bondye te bay li a?

Nou dwe onore fanmi nou. Fè sa ki dwat. Bondye mande pou nou pran swen moun ki te pran swen nou yo, pou nou onore paran nou yo, se Lè sa a, nou va beni.

Frè Jozèf yo te retire rad favè li a e yo te jete l nan yon twou sèk. Gade nan lavi ou, epi chache ki sa ki te fè o kote ou ye la . Sa kif e ke ke frè pwòp ou yo ta jete ou sou kote? Gen moun Bondye mete sou chemen ou. Pa goumen moun Bondye mete bò kote ou. Pi vit nan ou konprann poukisa ou ap soufri sa et sa ki fè ke wap soufri, pi vit nan ou kite viv nan piye. Èske w konnen ki sa ka pasew la? Prensip Bondye a se irevokabl: favè nou gen rapò dirèkteman ak lè rekonèt otorite mèt nou an.
Jis ou pa jis, onore!

Kèlkeswa onksyon ou genyen, ou pa ka dezonore frè ou yo. Si ou derespekte frè ou yo, ou pral pèdi favè papa ou. Menm si y opa vle wè ou, ou pa gen dwa pou yo vle wè yo tou. Lè ou goumen , ou vin menm jan avèk yo. Sa lènmi an vle fè se se diminye pou ou ka menn jan avèk yo. Byento, ou pap diferan pase yo, ou pèdi favè Bondye a. Yo jete sèl san gou nan poubèl.

Respekte frè w yo pi enpòtan pase tèt ou.

Filip 2: 3 Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Aprann prensip onè nan lòd pou ka jwenn favè Bondye. Nan kèk pwen malgre tout lapriyè ou, ou pa kapab pa jwenn favè, si ou panse ke ou pi bon pase sè ou oswa frè ou.