Siksè nan tout bagay!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 7, 2018

Mwen pa yon viktim!

Ou pa janm panse poukisa chèf antrepriz yo, paste ak lidè politik yo pa jwenn gras aprè yo finn
pase tout vi yo ap chache pou yo reusi?

Se yon sijè matematik. Se pito yon diviziyon ki long anpil. Genyen 2 bagay ki fè yon moun ki gen yon gran siksè ka tombe: Lè li divize avèk li men-m epi lè li divize ak lòt yo.
Men sèl bagay ki rete nan keksyon sa, se echèk la.

Nou jwenn menm bagay sa nan legliz. Si ènmi an vle detwi nou, li kapab rive fè li, lè li divize nou avèk nou menm. Si li divize ou ak ou men-m, lap divize ou pa andedan. Lè ou divize pa andedan wap echoué epi ou pap kabab kenbe fèm. Lè ou divize ak ou menm, wap tonbe vit.

Men yon vèsè ke ou kab medite nan Matye 12:35 “Kòm Jezi te konnen panse yo, li di yo: tout rwayom ki divize kont li menn ap detwi e tout vil ki divize kont li menm pa ka kanpe”.

Genyen 2 kalite divizyon nan legliz jodia
– Lè ou divizyon avek ou menm
– Lè ou divize ak lòt yo.

Lè ou divize ak ou men-m

Gen moun ki tèlman rejte tèt yo ke yo atire atak ènmi an nan vi yo. Frè mwen yo, lè ou pa estime tèt ou, ou gen insekirite, e lè ou manke idantifie-w a Bondye, satan gen pouvwa sou ou.

Men sa Bib la di nan 2 Timote 1:7: ”Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.”

Lemonn di nou ke pouvwa se yon fòs. Men Bib la di nou ke pouvwa se lè ou ka kontrolè imilité ou. Lè ou gen imilité ou di“ mwen konn kiyès mwen ye epi mwen pa bezwen fè moun wè.

An gade moun yo sa yo nan Bib la.

  • Samson te blese anpil e rejte lè li te echoue nan premye mariaj li a. Li pral tonbe ap flate moun pita paske li te divize ak li men-m.
  • Sayil te gen yon ba estim de li men-m. Li tèlman te gen ensekirite, li te al kache dèyè valiz provizyon yo lè Bondye tap chache li. Aprè sa li te vinn jalou de David paske Bondye te onore li.
  • David pat jwi men-m dwa ak frè li yo, paske li pate ka ale nan lame. Men lè Bondye finn leve li, li te al pran yon fanm ki pat pou li, e li touye mari madanm nan ki tap anpeche li komèt zak malonèt.

Men gen yon lòt istwa ki diferan. Frè Jozèf yo te rejte li, men li pa kite sa fè efè sou la vi li. Li te tèlman gen konfians, lè Bondye te ba li pouvwa, li pat chache touye frè li yo kite trayi li, men li sove yo anban gro fami-n ki te genyen an.

Ou konprann sak pase la? Lè ou gen insekirite, ou gen ofans ki pral fè ou pa ka padone konsa ou pral peché e peche ap mennin rankinn. Peche avèk rankin fè ou tris nan lespri ou. Ou vinn pèdi la fwa e se sak ki pral fè ou echoue. Sa ap vinn fè ou pa ka prye paske ou vinn pa kwè ankò nan Bondye pou prye.

Pa kite bagay ki pase gen pouvwa souou. Si ou pè pou ou pa reviv men-m tribulasyon yo ankò, ou pa kapab genyen lafwa epi wap divize kè ou. Fòk ou fè atansyon ak tout sa ki kapab divize kè ou.

Pito ou chwazi aji ak lespri-a, ak lanmou epi kontrole tèt ou. Pa espere ke Bondye ap vinn ede ou si wap aji ak lachè-w. Fòk ou chwazi mache nan sajès ak gras Bondye . Ou dwe ale lwen moun kap fè ou mal. Fòk ou kontrole tèt ou pou ou kite bezwen ou pou ou ekspose pouvwa ou. Gen konfians nan puisans Bondye pou delivre ou. 
Moun ki divize ak yo men-m tonbe nan prop pièj ke yo tann. Yon nonm ki divize ak li men-m ap divize mezon an tou.

Se poutèt sa, lè ou santi ou ofanse, pa kite insekirite sa atake lespri ou. Ranpli kè ou pito ak imilite e rekonesans.

Divizyon avèk lòt yo.

Gen yon seri de mou ki fò nan divize moun. Moun sa ka divize maryaj ou tou. Si se selibatè ou ye li ka divize ou an de. Moun sa yo se ekspè yo ye pou yo atire atansyon ou pou yo ka divize enèji ou.
Lè atansyon ou divize sa fè ou echoue.

Pòl di nou konsa: “M’ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m’ yo: Veye kò nou ak moun k’ap simen divizyon, k’ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.” Rom 16:17

Fòk ou poze-w keksyon sou zanmi ou yo. Konbyen zanmi ou genyen? Kisa ki fè yo ka zanmi ou? Sou ki krité ou chwazi yo ?

Tout touman ke wap viv gen rapò ak yon moun ke ou te aksepte fè zanmi ke ou pat dwe kite antre nan vi ou.

Imajine kòman monn nan tap ye jodi ya si Èv te deside pa okipe sèpan. Bagay sa pat rive nan 2 semèn, li rive nan yon ti moman.

Fòk ou rekonèt moun ki se espesyalis nan divizyon ki ap kreye konfli nan kè ou. Pòl di nou fòk nou rekonèt yo epi evite yo.

Jak 4:4 di nou:”Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye”

Poukisa Pòl pa di pou nou prye pou nou ka vinn pi fò. Pòl di si nou vle ke fwa nou vivan, fòk nou evite moun sa yo kap distrè nou e retire atansyon nou de Bondye. Make yo kòm yon pwazon, epi evite yo.

Bon zanmi mwen yo, proteje kè ou de insekirite, pa rete bò kote moun kap chache divize ou.

Ke Bondye vin tabli gouvènman li pou yo fè volonte li sou latè, tankou yo fè l’ nan syèl la! Pandan ke nou ap rete lwen moun ki renmen divize lòt yo, nap chache sajès Seyè-a pou nou retire tout division ki nan kè nou, nap genyen laviktwa. Seyè Jezi, mete deyò tout mansonj ki divize kè nou. Sentespri, bannou kouraj pou nou ka separe nou ak tout zanmi ki vle divize nou ak ou.

Tout glwa se pou Bondye!