10 Etap pou rankontre Bondye nan lekti LaBib

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

November 1, 2019

Mwen kontan anpil pou pote ansèyman sa a pou ou. Èske gen moman kote lekti Bib la parèt raz pou ou? Bagay konsa fini jodi a. Pran kèk minit pou ou li tèks sa a nan lapriyè e mwen priye Bondye pou ke nan fen lekti a, ou jwenn yon nouvo estrateji ak fason pou rankontre Bondye nan Pawòl Senyè a

1. Posede pwòp Bib ou sou fòm yon liv.

Lè yon telefòn selilè oswa tablèt IPAD se sèl sous Bib ou, sa se yon gwo pwoblèm, paske gen nan telefòn nan yon pakèt lòt aplikasyon rezo sosyal ki antre an konpetisyon pou atire atansyon ou. Pandan ou ap li Bib ou nan telefòn nan, gen 10 zanmi toudenkou kap pale avèk ou sou Facebook. Oswa, pandan ou nan yon rankont ak Bondye, se lè sa a Instagram voye ba ou yon mesaj ke zanmi ou pa tande depi lontan lontan voye yon mesaj pou ou. Ki sa w’ap fè? Ou sispann li Bib la epi koute zanmi an. Byeneme, lènmi an ap toujou sèvi ak distraksyon pou mennen ou lwen Seyè a. Chak kwayan dwe genyen yon Bib fizik (yon Liv) ke ou ka fè pwòp Bib ou.

2. Kenbe yon jounal lekti la Bib.

Bib la se KLE pou pèmèt ou tande vwa Bondye. Mwen ta rekòmande ou pou fè epi kenbe yon tijounal biblik. Sou tou de bò paj yo, gen ase espas pou ou ekri kèk ti nòt.

3. Etidye diferan vèsyon Bib la

Ou ka konsidere vèsyon sa yo: Bo`n Nouvèl, Bib la nan nouvo òtograf, ou Fouye Bib la ki se yon vèsion sou intènet. . Mwen itilize KJV, ki se yon vèsyon anglè ki konplike. Nan yon Applikasyon sou la Bib ki rele Tecarta, mwen pral mete aksan sou yon sèten mo ki te kapte atansyon mwen. Mwen konnen gen yon revelasyon lè mwen mete aksan sou kèk mo, kèk liy, sou kèk detay nan Bib la. Mwen li Bib la nan vèsyon KJV, apre sa mwen li menm vèsè a nan vèsyon ESV ak nan vèsyon NLT konsa, mwen jwenn yon konpreyansyon konplèt sou ekriti a. Mwen ekri nòt mwen yo fidèlman selon konpreyansyon m’jwenn. Se mwen swete ke ou vin tankou yon etidyan pasyone nan Pawòl Bondye a!

4. Dokimante vwayaj ou

Chak fwa ou louvri Bib la, ekri dat la sou paj la. Gen kèk fwa kote Bondye voye’m tounen nan menm paj la. Gen paj ke Bondye voye m li pandan 8 a 10 fwa! Chak fwa ou louvri Pawòl la, ekri nouvo dat la nan kwen Bib la, mansyone kote a, moman an oswa kèlkeswa sa ki enpòtan pou tan sa a. Bib ou a vini yon kote byen reyèl pou rankontre ak Bondye.

5. Itilize yon Kòd koulè pou make revelasyon Bondye bay ou

Kòmanse itilize diferan koulè pou mete aksan sou sa Bondye montre ou nan lekti Bib la. Mwen jwenn yon fason pèsonèl pou soulinye chak tip revelasyon mwen jwenn. Lè Bondye pale yon bagay, make li avèk koulè jòn. Lè Bondye rale zòrèy ou oswa ba ou yon enfòmasyon enpòtan, make li an wouj. Lè Bondye pale sou yon benediksyon oswa yon pwomès, make li ak koulè vèt. Lè li se yon bonjan enfòmasyon, mete li an ble. Nan yon ti bout tan, ou ka fè pwòp sistèm koulè pa ou.

6. Respè ak chapo ba pou Pawòl la

Bib la se Pawòl Bondye epi Pawòl Bondye a se Bondye menm. Si se konsa, chak fwa w ap li Bib la, se Bondye menm ke wap rankontre! Oh, sa ta dwe fè nou tranble e an menm tan adore Li. Sa se yon fason trè rapid pou’w rive rankontre Bondye chak jounen. Selon Bib la, sentete se pa nan yon liv ou Bib fizik. Kidonk sa ki pote sentete nan Liv la, se pa bon jan kalite paj Liv la, men nan fason ou montre pou Liv la. Pa kite bib la pran pousyè! Se pou w gade li ak pote li avèk anpil reverans ou respè.

7. Mande Bondye bonjan konprann

Moun ou Otè ki te ekri Bib la abite anndan ou! Chak fwa ouap li Bib ou, mande Sentespri a pou fè w konprann verité ki gen nan chak vèsè ou li! Kèk fwa Bondye ap montre ou limyè sou sa ki vrèman rive. Li va ba ou enfòmasyon ke je’w ou pa pèmèt ou wè. Li pral mete konprann nan lespri ou paske li fè kay li anndan ou. Pa atann pou Bondye pale nan zòrèy ou, paske li abite anndan ou epi Li ap pale ak konsyans ou. Mande Sentespri pou pran plas nan kè ou.

8. Pran tan pou dijere Pawòl la tankou yon moun ki grangou

Sa ki enpòtan se pa kantité chapit ou rive li nan yon sèl kou, men pito se pwofondè pawòl ke ou li a. Separe vèsè yo, gade byen tèks la, li vèsè a, chache konprann li, re-li vèsè epi medite sou li.

Si ou santi ou yon vèsè enteresan, pa kouri ale nan lòt vèsè aprè a! Rete sou li, epi mande, “Seyè poukisa vèsè sa a trakase mwen? Ki sa ou vle di? De ki bagay w ap pale? “. Re-li vèsè a epi re-li vèsè a ankò. Plis ou rete tranpe nan vèsè a, se plis ou pral vin fè yon sèl avèk Pawòl vèsè sa a. E plis ou vin fè yon sèl avèk li, plis ou pral fè eksperyans pwisans ki nan pawòl sa a!

9. Lè ou kole nan lekti a, adore Bondye

Si ou pa konprann yon vèsè, premye bagay pou cheke ta dwe Jan lespri ou konekte avèk Sentespri. Tcheke pou wè: èske lespri mwen distrè? Pran yon poz, dekonekte ou avèk mond lan epi rete silans nan lespri ou anvan ke ou kontinye avèk lekti a. Chante yon chan pou Bondye. Re-li vèsè a ankò. Plis lespri ou rive konete, se plis ou kapab resevwa nan men Lespri Bondye a.

10. Jwenn yon grenn abitid pou rive touche Bondye a

Anpil moun pèdi tan ak enèji pou diskite e chache ki pi bon chapit oswa pi bon liv ki gen nan Bib la. Anpil relijyon pran nesans epi fonde sou agiman ki soti swa nan Ansyen testaman oswa nan Nouvo Testaman. Men nou blye ke Bondye nou an, ki te ekri liv Jenèz la, te enspire liv Sòm yo tou, epi Li te enspire ekri liv Revelasyon an tou. Si se konsa, Bondye ka pale avèk ou nan nenpòt ki liv nan Bib la. Sèl kondisyon ki kenbe se nivo atansyon ou bay e konsakre a sa, sa pa depann ditou de ki chapit oswa ki liv ke ou ap li nan Bib la. Dirije’w nan yon atitid pou rankontre ak Bondye chak grenn fwa ke ouap li pawòl Senyè a !!

Se lapriyè mwen ke ou li Bib la yon fason diferan apati jodi a! Pran plezi nan rankont ou avèk Bondye nan lekti pawòl Li! Pa blye ede lòt moun, pataje leson sa a avèk yon zanmi.