Yon kont labank byen ranpli kap debòde

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

November 26, 2019

Men yon kesyon ki ka ba ou sezisman: Kisa ki genyen nan kont labank ou a?

Nan Lik 7 :1-10 Jezi te antre nan Kapènawòm. Te gen yon kaptenn lame ki te gen yon sevitè l kite malad, sete yon sitwayen romen ke yo te apresye anpil. Kaptenn sa a te mande ansyen jwif yo pou yo pale ak Jezi pou li epi pou sèvitè li a tou. Ansyen Jwif yo te mande e sipliye Jezi pou Jezi te ale geri sevitè malad la, se pa yon demann pou kaptenn lan, ni pou madanm ni, ni pou pitit kaptenn la, men yon demann pou ofisye/sèvitè kaptenn lan. Nonm lan te yon romen, moun lame okipasyon ki tap toupizi e maltreté pèp jwif yo? Alò poukisa ansyen Jwif yo te sipliye e mande Jezi yon gwo favè konsa pou Katpenn romen an?

Pandan ke Jwif yo tap sipliye Jezi, yo tap esplike epi deklare konsa: “Paske Kaptenn nan renmen nasyon nou an, se li te bati sinagòg pou nou adore Bondye.” Lik 7: 5

Kaptenn lan te bati yon kote pou jwif yo adore Bondye. Menm lè kaptenn romen sa a pat pataje ni pratike menm sistèm kwayans avèk jwif yo, nonm sa a te gen bonjan konprann, lè lap gade relasyon jwif yo avèk Bondye, alo kaptenn lan pran pwop lajan li’, pou li bati yon sinagòg pou jwif yo adore Bondye.

Malgre misyon Jezi te voye l dabò ann Izrayèl, Jezi pat rejte demann Jwif yo te fè pou kaptenn romen an. Gras a rezònman e temwayaj Jwif yo fè sou kaptenn lan, Jezi te vwayaje nan direksyon kay nonm sa a ki te bati yon lotèl avèk pwòp sakrifis li te fè. Pèp Bondye ki renmen kò Kris la: chak bagay ou fè pou Seyè a li depoze epi anrejistre dirèkteman nan Kont espirityèl ou genyen devan Bondye nan syèl la.

Pral gen yon tan, wi yon jou konsa, kote ou ka vrèman bezwen Gras Bondye, mizèrikòd osinon favè Bondye oswa favè Li. Ki sa nou pral jwenn anrejistre nan kont espirityèl ou jou sa a? Lè yo louvri liv lavi-a yo, epi yo rive sou non ou nan liv sa a, ja jwenn Mizèrikòd enskri, tankou sa te jwenn pou Kaptenn romen an ak sèvitè li a, se pou Seyè a gade e wè sakrifis ou yo nan pwòp Kont espirityel ou!

Nan Travay 9: 36-40, nou li ke te gen yon fanm yo te rele Dorcas ki te leve soti vivan nan lanmò. Li te yon gwo benediksyon pou pèp la, sa fè ke legliz la mande e siplye apot Pyè ijan ijan pou resisite fanm sa a. Yo di Pyè “vini prese prese san delè!”

Imajine byen paske se te yon gwo benediksyon pou Jwif yo, ke lòt moun tal deranje Jezi, epi di Li, “Tanpri Senyè, ede nonm sa a! Nan tout lavi l, nonm sa a te depanse fòs li al kòb li pou bati sinagòg la kote Jwif yo adore Bondye; Jounen jodia nonm nan gen yon bezwen spesyal, Senyè ou dwe vini pote kaptenn nan sekou!

Imagine ke ou pat gen okenn valè, epi ou wè lafwa tout yon kominote leve kanpe, kap sipliye Bondye pou ou ka rekipere-w (leve kanpe sou pye w) rapidman! Menm jan avèk Dorcas, ou ta dwe reprezante yon benediksyon pou Kò Kris la (legliz Kris la), konsa ou pap ka rete mouri!

Gen anpil bagay ou ka fè, nan kay Bondye a, nan wayòm Bondye a, nan non Senyè a, bagay kap konte lontan apre ou fin ale (mouri), bagay ki tankou yon depo asire ke ou fè nan Kont espirityè ou kap frape pòt syèl la pou di konsa, “Senyè, se pa ko lè (ni jou) pou li mouri!”

Gen yon gras ki pral vini vèse sou pitit ou yo paske maman oswa papa te renmen Kò Kris la. Pèp Bondye, lè ou pran swen moun ki nan Kò Kris la, Bondye ap pran swen kò ou tou! Lè w pran swen fanmi Bondye a, Bondye ap pran swen fanmi ou tou!
Sa lènmi an ta renmen fè-w, se dekonekte ou epi dekole ou nan Kò Kris la, fè ou tounen trèt, paske akizatè (satan) rayi e pa renmen inite nan mitan kreyen yo. Li ta renmen divize kè ou, pou fè w separe, paske yon kò ki divize (depatcha) ap rekòlte selman soufrans ak doulè.

Gen yon taktik (yon vye lide) ki vle konvenk ou ke legliz la se jis yon òganizasyon. Nan kilti jounen jodi a kote gadjèt yo vle depase yon moun, nou ap deplase pi lwen ak pi lwen, byen lwen ke yo te ini. Jounen jodi a Legliz Kris la plen divizyon ak chirepit . Jezi te pwomèt, “Benediksyon pou moun sa yo ki renmen fè lapè yo.” (Matye 5: 9) Lè w ap lite pou pote lapè nanmitan 2 moun, yon benediksyon lapè ap vini desann sou lavi ou. Gen kèk benediksyon k-ap vin jwenn ou ak pitit ou yo lè ou pa trete legliz la tankou yon òganizasyon, men pito kòm pwòp fanmi ou, tankou Kò Kris la!

Avèk yon pèspektiv santre sou lanmou pou Kò Kris la, yon moun ap ka rete byen anrasinen epi grandi.

Lè nou konsidere travay sakrifikatè yo: si ou etidye rad yo pote pou abiye tankou rad Arawon gran sakrifikatè a te mete, ou ap remake rad li a, tankou rad Seyè nou an, te tise epi fèt avèk nan yon sèl grenn pyès twal sankouti depi anwo jouk anba. Lè lwil sent vide sou tèt Arawon, la Bib di lwil la te koule desann jouk anba pan rad li (Sòm 133: 2).

Byeneme, lè nou ini nou epi rete kole ansanm, menm gras ki vèse sou Tèt la, se menm gras la kap koule desann jouk nan zòtèy yo. Menn gras Bondye mete sou lidè legliz la, se menm gras la ki tonbe sou yon moun ki ap fè sekirite nan pakinn deyò a, paske lè nou aliye nou e rete kole ansanm, nou tout ap beni tankou yon sèl rad san kouti.

Lènmi an ap travay san pran souf nan plizyè milye legliz, lap simen divizyon, chirepit ak batay, pou fè kwayan yo itilize plizyè zam pou yo ka dechire sel grenn rad la an dives mòso, paske se yon sèl fason lènmi an ka fè nou rete kanpe se lè gen division ak cheri pit nan mitan nou.

Fòk nou reziste lènmi an. Chwazi envesti pito nan zèv letènite.

Mwen beni ou nan non Senyè a, Mwen swete ke gras Bondye pap kanpe nan li ou, men ke gras Bondye kontinye koule nan lavi tout jenerasyon ou yo!
Menm jan lè Abraram te bay ladim te gen benediksyon ki te tonbe sou moun Levi yo. Se pou pitit pitit ou yo kontinye rekòlte benediksyon lanmou Bondye ke ou vèse sou Kò Kris la, nan Non Jezi!

Se Bank lanmou ou gen nan syèl la devèse sou pitit pitit yo pandan mil jenerasyon. Se pou ou beni!