YON TI MO ANKOURAJMAN POU MADANM PASTÈ YO – pa Pastè Tiny Mathew

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

December 24, 2019

Semèn pase a, Pastè Tiny, madanm Pastè Shyju Mathew ki se Fondatè Revèy Nasyon yo, te gate lektè nou yo avèk yon kado espesyal ke li te pataje sou ‘’10 Fason pwisan pou byen apresye ak resevwa sa ki soti bòkote madanm Pastè ou’’. Semèn sa a, Madanm Pastè yo nan tout peyi ap jwenn yon edifikasyon sèten avèk Pawòl pwisan Pastè Tiny Mathew pote pou ankouraje madanm paste yo, sou apresyasyon fanm/sèvant Bondye nan lavi nou..

Pou nou ki madanm pastè, premye bagay epi avan tout lòt bagay se pou nou gen yon relasyon pwofon avèk Bondye. Se vre, travay yon madanm pastè pa fasil. Nap pote yon chay, yon fado ki lou anpil. Li trèz enpòtan pou madanm yon pastè  gen yon relasyon entim pwofon avèk Sentespri a. Lè yon moun fè ou mal epi blesse kè w, kouri ale nan pye Bondye, koute byen vwa Bondye, epi kontinye fouye nan Pawòl la pou rive konprann koumam Bondye  konsidere sitiyasyon sa a selon kè Bondye.

Anpil madanm paste yo gen kè yo blese epi yo chode avèk  sa moun fè yo ki mal. Gen nan yo ki anmè kou fièl akoz anpil abi avèk movèz eksperyans ke yo te viv. Men, gen yon sèl kote, yon grenn plas, kote ou ka resevwa gerizon ou bezwen paske ou dwe kanpe epi fèm fò pou soutni mari ou, pou legliz la, epi pou pitit ou yo. Se sèlman nan men Bondye Senyè a ke ou ka resevwa  fòs ke ou bezwen an.

Dezyèmman, toujou rete soude epi ini avèk mari ou, paske si lènmi rive divize nou tou de, Lè sa a, lènmi an ap kapab divize fanmi ou. Si mari ou pa rete fè yon sèl avèk ou nan lespri, li pap kapab akonpli konplètman travay li  kòm Pastè nan bonjan fason ke li te sipoze fonksyone. Ou se moun ke Bondye plase pou ede li. Se pou ou rete kòm yon gwo èd oswa sipò pou li, ede li pote chay la, epi lapriyè anpil pou li. Se pou vini yon gwo sipòtè pou mari ou, yon sipotè vayan pou pastè a.

Se pou nou pran tan pou nou priye ansanm tankou yon fanmi, kòm yon koup (madanm ak mari), paske lè nou rete soude nan inite, se yon gwo tonton menas pou Lènmi an. Satan pa renmen epi rayi anpil lè ke ou rete soude e ini avèk mari ou. Lè ou menm ak mari w ap viv tout tan avèk flanm Sentespri a, pitit ou yo ap pote fwi ki soti nan inite ou mennm ak mari ou. Men lè nou divize, pitit ou yo ap rekòlte menm bagay la tou, kidonk fwi divizyon.

Apresye mari ou pou chak bagay li fè; ou pa gen okenn lide kijan ti mo apresyasyon kapab ede mari ou nan ministè li. Se pou ou fè bonjan enfliyans pozitif sou mari ou, epi si yon moun fè ou mal oswa blese ou, pa itilize okazyon sa a pou enfliyanse mari ou. Si ou konstate gen enjistis, ou ka pale sa avèk mari ou, men souple pa eseye enfliyanse li, ni anpwazonnen kè mari ou paske apre tout bagay Pastè a se yon bèje li ye. Konsa, li dwe renmen tout mouton yo (tout fidèl legliz la).

Sonje byen ke relasyon ou avèk mari ou se relasyon ki pi pre, pi kole, pi soude epi pi entim. Fè tout sa ki nesesè pou veye sou relasyon sa yo, epi pou pwoteje relasyon sa a.


Lè yon moun fè ou mal oswa blese w, ale nan pye Jezi, pran tan pou ou priye pou moun yo ki fè ou mal, pran tan pou kè ou jwenn gerizon. Pale ak Seyè a sou sa. Kontinye pèmèt Sentespri a ede ou pou rive wè/gade moun ki fè ou mal tankou ou tap gade yo avèk grenn je Bondye menm, answit se pou pran tan pou renmen moun sa yo. Sonje ke Jezi, Seyè nou an, te sibi anpil move tretman, lèzòm te fè li mal anpil, li te viv anpil trayizon, men malgré tout sa Jezi te toujou chwazi bay lavi Li pou pèp li a. Ou menm tou, Fè menm bagay la ak Jezi. 

Fè Ministè se fè tout sa ki mande ou renonse oswa abandonen lavi ou. Gen yon Bondye nan syèl la kap veye sou ou. Kolosyen 3:23 di, “Kèlkeswa sa ouap fè, swa pou renmen moun,  tankou pou ankadre ou pou bay moun konsèy,  swa pou ankouraje lòt moun, se pou fè li pou Senyè a epi Li va ba ou yon  rekonpans konsistan. Li wè lefèt ke ou pa bandonen moun ki nan bezwen epi ke ou renmen yo. Bondye ap rekonpanse ou!

Kenbe fèm, pa abandonen. Penga ou abandonen mari ou, pa kite ministè a tonbe, oswa pou ta kite tout bagay tonbe. Seyè a ap pote ou sou zepòl Li pou ede w travèse sitiyasyon difisil yo. Pa janm blye : Gras Senyè a ase epi sifi pou ou.

Andenye lye, men se pa pwen ki pi piti a, pa janm santi ke ou pa kalifye. Bondye ekipe ou menm jan ak mari ou! Si Seyè a rele mari ou, sa vle di ke Li te rele ou tou! Pa janm kite move santiman ranpli tèt ou pou fè w kwè ke ou pa kalifye, yon fason pou limite ou. Se pou w agi tankou yon fanm vanyan, kouraje kap avanse avèk lafwa. Bondye gen yon plan pou ou, alo kòmanse fonksyone tankou yon fanm ke Bondye te rele nan lèv Li . Si ou genyen yon manman espirityèl ke ou respekte, li ta bon anpil pou w swiv epi imite fason li yo epi kontinye grandi selon konpreyansyon manman espirityèl la.

Leve kanpe, fanm sèvant Bondye! Pran swen epi nouri lespri ou. Pandan w ap nouri lespri ou, mwen kwè Bondye ap voye moun nan lavi ou pou pale ak yo, pou ankouraje yo epi nouri yo, konsa li enpòtan anpil ke ou nouri epi pran swen pwòp tèt ou. Kwasans ou, se kwasans pa yo tou. Kontinye grandi, paske Bondye genyen yon seri gwo plan pwisan pou ou epi tou atravè ou.