5 kle pou ou plane kòm Sentespri-a – parti 2/5: atansyon a lide ou yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

September 22, 2018

(Men dezyèm pati seri de devosyon  yo sou 5 kle pou nou plane kòm Sentespri-a . Semèn pase–a nou te etidye rasin nou yo. Lè ou konn kote ou soti sa a kap ede ou genyen yon vie meyè. Al sou lien sa si ou te manke ou si ou vle li premye pati a: konnen ki kote ou soti.)

Lespri–a ap plane sou dezòd ou yo jouktan Bondye pale.

Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.»Lè latè te fin-n fòme, Bondye  te renmen sa e li te kreye Adan.

Jenèz 1:26-27. « Bondye di ankò. Ann fè moun. N’ap fè l’pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. Bondye kreye moun. Li fè l’ pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. »

Tout moun nan limanite, chak nan nou, jwenn kòmansman nou  nan premye nonm sa a, Adan, ki te fòme ak sèlman de engredyan: pousyè tè ak souf lavi Bondye tout-pwisan.

Jenèz 2 :7 « Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l’ ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan ».

Èske w te konnen, lè yon timoun nan Bondye  rejenere, lespri li vini vivan, menm jan Adan te fè nan sizyèm  jou kreyasyon an?

Lè Bondye te pale, li te bay Adan yon otorite klè pou- l dirije sou tout bagay sou tè a. Noumen-m ki se moun ki retabli nan Kris la, nou dwe konnen ke sa ki te pale ak Adan yo dwe aplike nan lavi nou.  Nan Kris la, nou gen menm dwa pou nou domine kòm Adan et Ev ki te premye resevwa dwa sa nan jaden an.

Kounie a, Bondye te avèti Adan, “Jou ou dezobeyi, wap mouri.” Bondye pa tap pale de kò Adan an; Li te pale de lespri li.  Lè Adan te fè peche, lespri-l te chanje. fason li konekte ak Bondye, vivan ak aktif te  sispann lè peche te antre nan kreyasyon an. Tout bagay te kòmanse deteryore lè peche separe koneksyon li a Bondye.

Pa yon sèl konvèsasyon ak lènmi an, tout kreyasyon an te defile. Yon sèl semans dout ki te simen avèk anpil atansyon, fè peche te pran plas epi lespri a te dekonekte.

Anvan chit la, Adan te mache nan gwo pouvwa, pa Lespri ki te nan li a. Li menm ak Èv te dirije kreyasyon an epi yo te pale ak Bondye chak jou.

Men poukisa nou pa wè menm pouvwa sa jodi a?  Pouvwa Lespri sa a pa absan. Pouvwa  Lespri a abiye kò chanèl  nou.

Lè nou te sove, menm souf Bondye a fè lespri nou an vivan.

Si mwen fèt vivan avèk menm souf la, poukisa mwen pa fonksyone menm jan ak Adan te fonksyone avan chit la?

Jezi te di nan Jan 3: 8 moun ki fèt nan lespri a se lespr li yei. Ki kote menm fonksyònman Lespri a te manifeste sou tè a jodi a?

Pòl di nou nan Ròm, pwoblèm lan se peche:

¨ « Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m’, li fè m’ tounen esklav li.

Lè m’ fè yon bagay, mwen pa konprann sa m’ fè a. Paske, sa m’ ta vle fè a, se pa sa m’ fè. Epi sa m’ pa vle fè a, se li mwen fè….

Nan kondisyon sa-a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. » Rom 7:14,15,17

Se kò chanèl nan mwen  ki  fè-m peche. Pòl esplike ke chwa a se swa ke ou-dirije pa peche ou ou dirije ou pa  Lespri a:

Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze. (Rom 8:5-6).

Gen de pati nan chak kò nou, chak ap eseye jwenn kontwòl ou, youn se lespri epi  lòt la se chè nou. Kò a pa rejenere: se sèlman  koki a, men koki a se yon bagay kifè nou  peche..

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm.

« Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. (Rom. 8:7-8)
Mezanmi, kò nou ap fè pou pèsiste. Lespri chanèl nou nòm kont   Bondye. Li pa janm soumèt a  Bondye epi li pa janm vle fè sa ».

Ou ka priye pou yon èdtan, ranpli avèk dife Bondye  men ou ka ale lakay ou epi ou goumen ak madanm ou, ou ka bat tèt  e lè ou fini  manwap mande  ki sa kap pase ou la.

Se se lachè ou.

Men map di Segne–a mèsi pou Lespri li.

« Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a ».(Rom 8:5)

Zanmi byeneme mwen yo, souf  Bondye se la vi Bondye epi lavi sa nan ou menm. Si nou pa fonksyone jan nou sipoze fè sa, se paske lespri nou  pa soumèt a  Sentespri a. Lè nou kite nati pechè pote nou ale,  nati pechè nou  kontwole lide e mennen nou  nan lanmò.  Men lide ki kontwole pa Lespri Bondye a mennen a lavi.

Èske lide ou kontwole pa Lespri Bondye a oswa pa kò chanèl ou a?

Yon lespri renouvle pa jis panse; li kite van dirije li.

Ki diferans ki genyen ant fason Adan oswa Apot Pòl te fonksyone ak fason nou fonksyone? Se jan nou panse.

Anpil moun pa wè grandè ke yo sipoze ye paske idantite yo pa renouvle. Lespri yo limite yo panse tankou yon esklav, pale tankou yon esklav, aji tankou yon esklav, paske anvan Kris la, se konsa yo te ye!  Toutotan lespri nou yo pa  renouvle, laperèz pral kontwole nou  epi peche pral pran plas nan chak  pa nou fè.

Pou nou menm, nou p’ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. (Rom8:9).

Pandan tout tan lènmi an ka fè ou yon esklav peche, li pral kenbe lespri ou enfim ak lavi ou san fòs. Nan chak atak lènmi ki pral fè ou aji nan mo, nan panse, wi, chak fwa lènmi an pote peche nan lavi ou, se lespri ou lap atake .

Mezanmi, ki sa ou kite dirije ou?  Eske se chè ou oswa Lespri ou?

YON KLE pou aprann plane tankou Sentespri, se pou ou fè atansyon à lide ou yo.

Ou se tankou van an! Soumèt lide ou yo nan men Sentespri a epi yo dwe renouvle!

Twazyème  pati se : pèsistans  enpòtan  anpil.  Klike isit la pou  abòne ou epi ou pral  resevwa blog sa a nan bwat lèt ou.