5 kle pou ou plane kòm Sentespri

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 12, 2018

Sou kisa wap plane? A kisa wap panse oswa a kisa wap reve ou kisa kpa strèse ou?

Èske w te janm wè yon van kap bouje yon peyi? Imajine yon van kap soufle sou yon pil pousyè tè. Latè a komanse deplase dousman! Van ka transfòme nenpòt ki anviwònman.
Men,nou pa ka wè van ak je nou, li envizib. Van enprevizib epi li pwisan, li fòme lè li chanje modèl chalè yo nan atmosfè latè a. Li se yon ajan chanjman nan nenpòt anviwònman.

Van an ka fè figi ki pi cho a vin-n pi frèt epi li ka timoun ki pi frèt la vinn cho. Nan yon sèl segonn van ka ramase grenn sab nan dezè a ak glas ki sou yon gran wout.
Nan bib la yo konsidere Sentepri a kòm yon van oubyen kòm yon souf.

Jezi, Seyè nou an, lè li tap pale ak Nikodèm la, te di l klèman:  Van an soufle kote l’ vle. Ou tande bri l’ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l’ soti, ni ki bò l’ prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye. Jan 3:8

Lespri a tankou van an! Se poutèt sa, nou menm ki soti nan Lespri Bondye a nan Jezi Kris la, se tankou van nou ye tou!
Mwen vle pataje avèk ou ki jan ou ka plane tout bon vre tankou van Bondye a, ak opere kòm yon fòs nan wayom Bondye a. Mezanmi, se destine ou!

(Nan semèn kap vini yo, nou pral voye ansèyman sa a chak semèn .. Zanmi, èske ou ka pran tan pou li yo nan devosyon ou? Li pral gen anpil ankourajman pou ka avanse pou ou ka pran yon lòt nivo nan mache ou ak Bondye.)

Premye pati a: konnen ki kote ou soti

Jenèz 1:3 pale de kòmansman kreasyon Bondye a:
Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
2 Men latè pa t’ gen fòm, li pa t’ gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t’ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. 3 Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.

Jenèz se liv kote tout bagay kòmanse. Ou dwe kòmanse vwayaj ou pa komanse konprann Lespri Bondye isit la, kòm li se liv lavi a, nan tout kòmansman lavi a.
Vizyèlman, ou ka wè ke, depi nan konmansman an, latè a pat gen fòm. Men Lespri Bondye tap plane. 

Mond ou kapab san fòm. Maryaj ou ka san fòm. Ou ka gen yon lavi ki vid menm jan tè a te vid epi ak fènwa te kouvri li. Nan dezòd sa-a, Sentespri a te plane sou dlo sa a jiskaske vwa Bondye te pale.
Mo ki vle di la nan Lespri ki nan Jenèz la nan lang ebre se ruach, pou van oswa souf. Souf Bondye a plane sou dezòd la epi li tap tann.

Lespri a tap plane. Si ou ta vle delivrans kounie-a, konnen ke Bondye pa te gen okenn pwoblèm pou plane sou yon bagay ki pat gen okenn sans.

konsidere sa a: Ki sa ki ka rive si nou ka plane nan lafwa soumaryaj la se ki difisil. Bondye kreye ou sanble avèk li, selon imaj li. Lè ou te sove, bagay yo te chanje. Sonje ki moun ou ye! Kelkeswa sa kap pase nan lavi ou, tout bagay deja byen paske Seyè ap plane sou ou!

Paske nou kreye ak imaj epi resanblans Bondye, nou dwe gen bon rezilta. Se yon bagay ki long anpil? Nou dwe fonksyone tankou Lespri a.

Lè sitiyasyon ou sanble fè nwa, lè ou se pi piti a.

Èske w ap plane sou dezòd ou avèk laperèz oswa avèk lafwa? Avèk lapriyè oswa avèk enkyetid?

Èske wap fè travay di pou ou plane jouk tan Papa pale?
Menn si Lespri Bondye ap plane, Bondye Papa a fòse pale. Chak fwa ou kanpe na espas la san ou pa bouje, sou tout sa ou ap plane,Bondye dwe voye Pawòl li sou li. Sa vle di, si maryaj ou vid, si finans ou yo boulvèse, si pitit ou yo nan doulè, si gen konfizyon oswa si bagay yo pa klè, ou ki fèt nan lespri a, dwe kanpe nan espas la epi refize bouje, jouk tan Bondye pale limyè sou dezòd sa a.

Bondye ap chache yon moun ki pasyan epi ki ap soufri tankou Lespri Bondye a, ki moun ki pran pozisyon..

Rete la. Pa abandone tro vit. Ke ou tande li ou pa, Vwa Bondye a ap pale sou ou. Bondye Papa nou va pale.
Jezi nou an te pran yon gwoup kwayan indign epi li tap plane sou gwoup la pandan 3 zan. Tankou wa nou an, konsistans enpòtan pou pote lòd nan dezòd.

Apre rezirèksyon an, Jezi te plane sou kwayan li yo yon lòt 40 jou. Li te di yo “Jis tann. Rete tan Sentespri a ..Tann.”

Apre Pannkòt, disip yo mande plis de Bondye, se sèlman kèk jou apre. Mezanmi, nou dwe rete depann de li menm.
Rete ko-depann de Bondye. Chache li pou tout bagay. Endepandans se yon fason pou lènmi fè ou tonbe. Ou pa te fèt pou rete poukont ou. Nou te fèt pou nou toujou anba prezans Bondye.

Dè milye de ane de sa, Lespri Bondye a te plane sou fènwa, ak revelasyon, lòd, estrikti, limyè, e tout bagay bon yo te vini. Pou plane tankou Sentespri a te plane, yon sèl KLE : ou dwe konnen ki kote ou soti! Bondye te kòmanse tout bagay!

Plane pa Lespri Bondye a sou dezòd la!
Ou dwe konsistan avèk lanmou, ak onè epi gade lòd vini nan chak zòn nan lavi ou!

(Dezyème pati :: atensyon a lide ou se pwochen an … Abòne isit la pou ou ka resevwa blòg sa chak semenn nan bwat lèt ou a. Pataje-l ak zanmi ou yo epi yo ap beni!)