Prepare nou pou lè minwi kase (Premye Pati): BATI YON REVÈY

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 11, 2020

Nou salye tout Fanmi « Reveye Nasyon yo » ak lektè nou yo avèk yon nouvo seri trè eksitan, « Prepare nou pou lè minwi kase ». Jodi a, Premye Pati a montre nou fason pou « Bati yon Revèy », kote Pastè Shyju deklare yon pawòl pwisan pou Legliz leve kanpe epi pou pote revèy ke Seyè a vle pou legliz!

Zanmi, nou bezwen prepare kè nou pou yon revèy (yon renesans) sanparèy ke Bondye vle lache sou nou nan sezon sa a. Se pou nou kòmanse priye epi renmen Jezi tankou nou pa janm fè sa anvan, renmen youn lòt epi nou dwe montre imilite tankou nou pat ko janm fè anvan! Mwen kwè ke nou pral jwenn anpil rekonpans nan preparasyon nou an, nan Non pwisan JeziKris. Amèn.

Se pou ou reyalize gras favè Sentespri a, tan an vin rive sou nou: Genyen yon gwo revèy ke Seyè a vle vide nan sezon sa a kap vini an.

Premye kesyon nou ka poze se: Kijan pou mwen prepare mwen? Zanmi, tout sa gen rapò avèk chak bagay pou ou fè : KISA epi KIJAN nou ap bati.

Nan Sòm 127: 1 nou li « Si se pa Seyè a bati kay la, moun ki bati li a travay pou gremesi. Si se pa Seyè a kap veye sou lavil la, santinèl yo rete reveye pou gremesi ».

Men si nou gen yon bon bòs mason (yon konstriktè) ki ap bati yon kay, men Bib la di « sof si Seyè a ki bati li, sinon moun yo ki bati li, ap travay pou gremesi ». Zanmi, gen anpil moun ki tap bati depi plizyè syèk. Yo tout pa nesesèman mande Seyè a pèmisyon Li pou konstwi. Yo bati anpil bagay, yo akonpli anpli bèl reyalizasyon ke yo prezante kòm siksè.

Labib deklare : sòf si Seyè a bati kay la, moun yo travay pou gremesi. Kisa Seyè a vle di ke « yo travay pou gremesi »?

Nou dwe konprann kisa Bib la rele « vanite ». Si yon bagay ap bati, li ka reyèl, fò, akseptab, epi inogire/selebre avèk anpil ekla, men nan je nan Seyè a, Bondye rele li « vanite », si se pa yon bagay ke Senyè a te apwouve. Li pa vo anyen.

Gen anpil bagay ke nou bati nan lavi nou. Nou ka pase deseni pou bati karyè nou, anpil. relasyon, zanmitay, anpil bagay sa yo, men sof si men Seyè a bati li, Seyè a konsidere efò nou anven.

Nan preparasyon pou revèy la, nou dwe fè envantè nan lavi nou jodi a epi mande tèt, an premye: Èske sa mwen ap bati a soti sèlman nan mwen, oswa, eske Seyè a mete men li nan konstriksyon an?

Si yon konstriksyon pa jwenn aprobasyon Seyè a, Si li pa fèt selon kè Bondye, Si se pa Seyè a ki apiye konstriksyon an, alò pèp Bondye, Bib la di ke « konstriksyon sa pa vo anyen ditou ».

KANPE. Ou ap travay pou gremesi.

Konsidere yon pwojè konstriksyon byen bonè nan liv Jenèz, se istwa ki konsènen « Tou de Babèl”. Apre moun sa yo, san yon sèl pèmisyon, te bati (avèk brik ak mòtye) yon gwo gwo kay tout won byen wo ki prèske rive jouk nan syèl la. Seyè a te vini enspekte:

Seyè a di konsa: « Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y’ap pare pou yo fè sa yo vle » (Jenèz 11: 6).

Sa a se temwayaj Bondye, ke kèlkeswa sa moun sa yo te planifye, anyen pa ta enposib pou yo. Poukisa? Yo te fòme yon sèl pèp, tankou yon lame yon sèl moun, nan inite pafèt, fonksyone epi mete tèt ansanm avèk yon sèl rezon, konsa anyen pat enposib pou yo.

Isit la nou se yon legliz epi gen tèlman bagay ki parèt enposib pou nou. Poukisa?

Si Bondye ta gade Legliz jounen jodi a, nou manke inite. Li trè difisil jwenn inite nan legliz jodi a, pou jwenn yon pèp ki ini epi ki kanpe avèk vizyon pastè yo, yon gwoup moun ki pral detwi kalomnye ak tripotay, yon gwoup moun ki renmen youn lòt san kondisyon, ki montre jantiyès epi atansyon yon pou lòt, moun ki pral ede youn lòt leve Kanpe.
Ou menm ak mwen nou tou lède konnen, se trè difisil jwenn sa koulyè a.

Men, menm avèk inite nan mitan pèp peyi Babèl, lè Bondye gade gwo kay sa a, sa pat fè Li plezi. Bondye mete konfizyon nan lang yo epi li gaye yo toupatou sou latè. (Jenèz 11: 7)

Pèp Bondye, yo te gen gwo inite men yo te rate divinite. Yo te gen yon gwo sans direksyon, men yo rate opòtinite pou yo konprann vizyon Senyè a.

Èske se pa pwòp istwa nou jodi a? Èske se sa ke Bondye ap di sou nou, sevre ke nou se gwo bòs mason men nou desevwa kè Senyè a?

Pèp Bondye, nan sezon sa a, pa gen pwoblèm si nou ap bati gwo kay tou won ki rive nan syèl la, sa ki enpòtan se fè Senyè a plezi.

Annou konsidere dezyèm pati nan vèsè pwisan sa a:

Sòm 127: 1b. « Si se pa Seyè a kap pwoteje lavil la, travay moun kap veye yo pa vo anyen

Isit la nou gen Santinèl ki ap fè travay li byen. Li rete reveye epi lap gade tout nannwit, men Bib la di : sof si Senyè a kenbe lavil la, Santinèl yo rete reveye pou gremesi.

Ki sa ki vil sa a? Èske se lavil Jerizalèm? Bangalore? Harare? Monreyal?

Annou konsidere chòk sa fè, lè Jezi eklere verite sa a, bay disip li yo, lè Li pwoklame, « Ou se limyè pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn »(Matye 5:14)

Chè kwayan, lavil sa a se ou menm! Jezi di ou se limyè a nan mond lan! Li di ou se vil limyè ki pa ka kache.

Wi, zanmi mwen, Seyè a di : ou se yon vil. Ou gen estrikti. Ou gen sistèm. Ou gen jesyon avèk estanda. Ou gen atant. Ou te kreye sistèm plonbri, elektrisite, sistèm jesyon fatra. Ou te kreye fason lavi ou ye, jan vil sa a fonksyone. Bonjan planifikasyon avèk yon vi entansyonèl ap detèmine kijan vil ou a reyisi.

Fason nou kreye estrikti ak sistèm nan lòd diven pou lavi nou ap detèmine kantite limyè ki klere. Kèlkeswa sa ou wouze nan lavil ou a, li va grandi epi tout sa ou pran swen, ke ou bay atansyon, pral fleri. Se pou byen konsidere chwa yo.

Vil nou an sipoze gen limyè Kris klere, sa pral pote kè kontan nan anpil lòt vil alantou. Pwoblèm nan jodi a, se ke nou pa vrèman pèmèt Seyè a veye sou lavil nou yo. Esansyèlman, nou mande Senyè a pou beni plan nou yo, pou ede nou nan sa nou vle, pou bati kay nou jan nou vle, epi ou kenbe vil nou jan nou vle. Men, Seyè a pa te envite, dabò pou bati, answit, pou veye sou li.

Byeneme, Seyè Jezi a ap mande nan èdtan minwi sa a, « Pitit mwen an, ou ka pèmèt mwen veye sou lavil ou a? ».

Wi, nou nan yon sezon tranblemanntè, yon sezon kote tout bagay alantou nou ap souke. Men, ou menm ak mwen, byeneme, nou rete reveye ap veye. Sezon sa a, Seyè a ap reveye nou. Sezon sa a Seyè a ap reveye nou nan renmen Li. Seyè a ap rele ou, epi lap di : « Pèmèt mwen bati. Kite mwen veye sou ou tankou Santinèl, paske Lè Minwi vin rive!»

Se pou nou gen kè kontan nan lè minwi sa a epi se pou nou prepare nou, tankou yon Lamarye, pou revèy kap vini an! Pou koute tout mesaj sa a lang Anglè, Punjabi, Hindi, Malayalum, Franse, Panyòl oswa Italyen, klike sou lyen sa a epi pataje avèk zanmi ou! Tanpri pataje sou medya sosyal ke ou pi renmen. Mèsi.

Anglè: https://youtu.be/ycgVeqI85KU
Panyòl: https://youtu.be/qN34c_bzbMw
Franse: https://youtu.be/hnJhl1U-ufw
Italyen: https://youtu.be/ihVwape43M8
Malayalum: https://youtu.be/ddw0lyEGNpQ
Hindi: https://youtu.be/lEDrOI9LVBg
Punjabi: https://youtu.be/FXRARw5uv-0