Men 4 nivo jwèt move lespri ou dwe simonte

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 19, 2018

[Spanish | English | French]

Eske lè ou pa  estime prop tèt ka fè ou pa antre destine ou?  Lè  estim tèt ou ba, ou pa genyen   yon bon avni devan-w. Pwofèt Samyèl te chwazi Sayil. Sete yon  nonm ke yo di ke Bondye te  avèk li epi li pat kite mo li tonbe atè paske pat gen tankou nonm sa nan mitan pèp Izraèl la.  Yo te rele li pou li vinn  rwa  peyi Izraèl la. Ki  kote yo te jwenn li? Li te al  kache dèyè valiz  pwovizyon yo. (1 Samyèl 10:22)

Poukisa?  Paske li te panse li se menm ak valiz  pwovizyon yo. Nan fo konsepsyon li, paske Sayil te gen yon  ba estim pou tèt li, li pat rekonèt chwa Bondye te fè pou li kòm rwa, lè li te al kache dèyè valiz yo  jou pou yo te kourone li a. .

Ou pa janm mande  ou pou kisa ou pa gen yon bon estim pou tèt ou?  Ènmi an ka anvayi lide ou yo pou anpeche ou antre nan destine  pou li ka pran eritaj ke Bondye vle ba ou a.  Premye fason ke ènmi an ka anpeche ou, dekonekte-w nan Bondye , epi fè ou pèdi lafwa e relasyon ou avèk li, se atravè yon zam ke fòs  militè konn  deploye nan tout  monn  sa  POU JWE NAN LESPRI OU.

Men 4 jwèt move lespri ke ou dwe konnen epi evite yo  pou ou ka travèse nan destine ou.

1. Lè ou pa gen yon bon estim pou  tèt ou.

Nou dwe konnen kiyès nou ye nan Bondye. Lakwa asire nou ke san Jezi rachte pitit Bondye Toupwisan yo. Si ou aksepte verite saa, ou pap kòm Sayil, ki tap viv nan insekirite. Menm si li te gen anpil siksè nan wayòm li an, Sayil te jalou anpil de yonn nan pitit gason li yo.  Ensekirite e ba estim tèt ou  ap fè ou pèdi eritaj ke Bondye rezève pou ou a.

Sayil te two pè pou-l te tann konsèy papa espirityèl li, Samyèl, ke li te dezobeyi san ke li pat  menm repanti.

Sayil te tèlman gen  jalouzi pou  David  ke li te pase 13 lane ap chache  konbat  vanyan gason sa kite delivre  nasyon an anba dominasyon Golyat.

Lè ou gen jalouzi nan kè ou, ou ouvè yon gran pòt bay ènmi a epi ou voye jete tout sa Bondye di sou destine ou.  Koupe tout rasin  ensekirite nan lavi ou é pa kite move lide ou yo pale nan tèt ou plis ke pawòl lanmou ki soti nan Bondye .   Bay tèt ou valè  men-m jan Bondye ba ou valè.

2. Lè ou gen nuaj kap atake mantal

Nuaj ki atake mantal ou pap rete pou  lontan. Yon jou, wap adore Bondye e tout bagay ale byen e nan yon ti moman, ou pèdi chemen ou. Yon ti bagay ka  detounen lespri ou epi emosyon ou yo vinn fò anpil, kòm yon avyon kap pase nan you zòn ki gen tanpèt.  Ou  dwe realize, Zanmi mwen, ke ou pa dwe reponn moun ki di ou pawòl avèk kolè.  Fòk ou rekonèt ke sa wap viv kounie a se yon tanpèt, you atak pou lespri ou. Yon lòt fwa ke lespri ou atake, kòmanse ri ènmi ou a  prye e pale an lang jouk tan sa pase.

Yon lòt fason ke ou ka gen nuaj ki atake mantal ou se lè ou pran yon desepsyon,  lè ou pran  nan yon mansonj.  Ènmi an pral eseye fè moun ki eli yo pran desepsyon. Lè ou gen desepsyon, menm si ou konnen ou gen rezon, emosyon ou yo ap  fè ou rete lwen verite nan Bondye a. Se sa kite  te rive Èv kite kouvri nan glwa Bondye.  Se pou Bondye ede nou pou nou mete tout desepsyon nou yo  deyò.

Si yon koup marye, ki se moun ki pròch  anpil rive goumen, konbyen li nòmal pou moun mal komprann yon lòt nan legliz. Se pou nou youn padone lòt. Kenbe kè ou de tout bagay ki ka deranje ou paske moun gen kapasite pou fè ou fèbli.

Chache nan kè  ou  pouk a wè eske se nan Bondye ou kwè  pou leve ou  osinon nan lèzòm? Eske ou ap tann Bondye ou Lèzòm  pou aksepte ou.?

3. Lè ou gen atak nan enkonsyans ou

Gen atak ki vini lè ou ap dòmi, nan rèv ou yo.  Ou ka pase anpil tan ap prye men yon jou ou  ka gade yon fim violan e ou ka gen atak nan somèy nan nwit  sa.  Nan maten, ou ka leve dekonekte avèk Bondye.  Ou dwe kòmanse prye e  prezans Bondye va ranpli ou. Lè ènmi a atake enkonsyans ou, gen yon fo realite ki parèt yon vrai realite pou ou. Fòk ou pran kanpe sou tèt fo realite yo. Fòk ou  detwi tout fo realite ki vinn atake ou nan rèv lè ou ap domi.

4. Lè demon atake ou dirèkteman

Pi gran fòs yon lidè se lè mantal li fò. An nou imajine yon samouray ke yo kombat  emosyonèlman. Menm si li gen anpil entelijans, men yo pa vo anyen. Fòk ou proteje mantal ou. San la fwa, nou pa ka fè Bondye plèzi. Menm si ou ap jene, men si ou  pa gen viktwa sou mantal  ou wap pèdi tan ou. Ou dwe prye konsa:  “ Seyè proteje-m de tout bagay ki  negatif.”

Zanmi Mwen yo, lespri ki nan zòn kote wap viv la ap gen problèm si ou pran kontròl  tèritwa yo.  Ou dwe grandi nan yon pwen ke anyen pa ka  rive nan zòn kote ou  ap viv la san pèmisyon ou. Si ènmi a ka defèt lespri ou, destine ou konronpu. Ènmi an pap kapab grandi si nou pran desizion pou nou pa nouri li.

Ou dwe prye pou konbat tout atak yo .Ou dwe gen viktwa sou move lidé ou yo .

Ke pè Bondye bay la rete avèk ou, zanmi mwen yo. Adore Li nan lapè.  Konba avèk move lide ou yo  dwe fini  nan prezans Seyè a.

Yon kretyen gen maturité  lè li kapab ranpòte viktwa sou lespri nan yon ti moman. Wap gen laviktwa.