Lavi Jozèf (Pati 4): EPRÈV YO POTE PWOMOSYON

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 26, 2021

Fanmi Legliz Global Reveye Nasyon yo (RN Global Church Family) te lanse pou touche moun ak fanmi yo nan anpil nasyon avèk Pawol Bondye selon Pouvwa Sentespri a! Benisaw Letenel! Tout Lwanj pou Bondye!

Jodi a, pandan nap dekouvri kat (4) zòn nan tès ki mennen nan pwomosyon nan syèl la bay, nou priye ke ou pwofite Pawòl pwisan sa a ki taye-konfeksyone jis pou ou!

Èske ou pa janm wè yon gwo flè byen bèl byen klèrè nan you plant sou yon biwo, ou jis lonje men ou epi santi fèy yo pou wè si se yon flè natirèl?

Kouman lafwa ou ye? Kouman lafwa ou rive pase anba tès yo oswa eprèv yo?

1 Pyè 1: 7 deklare « Eprèv Lafwa ou gen plis valè pase Lò kap peri »

Zanmi, lafwa nou gen anpil valè pou Bondye, lafwa ou tèlman presye pou syèl la, ke li dwe pase anba tès!

Nan seri sa a sou lavi Jozèf, nou te li nan Sòm 105: 17-22, ki jan Jozèf te teste pa Pawòl la. Pou moun ki detèmine pou wè men Bondye nan lavi nou, 99% nan nou ap gen pou pase tès nan kat (4) menm zòn sa yo:

1. TÈS LA NAN LWAYOTE: Jozèf te teste pa papa li lè li pote rèv li, men li te toujou voye soti jwenn frè li yo. Èske w ap toujou onore papa espirityèl ou lè li rete an silans, oswa lè pa jwen aksè a don ou yo? Kijan sa ye avèk Papa ou ki nan syèl la?

2. TÈS IMILITE A: Jozèf te teste pa frè li yo epi frè li yo te teste tou avèk favè papa Jakòb te genyen pou Jozèf. Èske ou ka respekte nenpòt veso Bondye chwazi, san ou pa kite lespri fyète (ògèy) oswa konpetisyon fè ou deraye? Èske ou ka respekte frè ak sè Bondye ba ou, pou ou ka grandi oswa ou kite jalouzi voye ou jete lwen chemen Bondye papa ou?

3. TÈS IDANTITE A: Etranje te teste Jozèf. Soti nan komèsan esklav yo rive nan kay Potifar, pase nan gad prizon pou rive devan wa Farawon, Jozèf te rete fidèl a idantite li kòm yon pitit Bondye renmen anpil epi li refite tout manti ak rejè ki soti nan sikonstans lavi a. Èske malè nan mond lan detèmine pèspektiv lavi ou, diminye konfyans ou (lafwa ou) nan Bondye? Oubyen èske wap rete djanm epi kontinye kwè tankou yon pitit Bondye malgre nenpòt sikonstans ki vini sou chemen ou?

4. TÈS NAN FIDELITE A:  Jozèf pa janm kite Pawòl pwomès yo ki deklare sou lavi li. Pandan 13 long ane anba zeprèv aktès nan peyi Lejip, li rete kole avèk Bondye epi li pa ta kite anviwònman an chanje destine lavi li. Èske, malgre tout bagay, ou pral rete kole sou Pawòl pwomès la sou lavi ou epi pèsiste nan lafwa nan Bondye ki renmen ou, pa sèlman jodi a, men chak jou nan lavi ou?

Se vre wi dosye biblik la klè – Jozèf te pase epi reysi tès la! Nan moman li te rive nan prizon peyi Lejip la, oksyon li te tèlman fò, menm Farawon tap fè rèv ki soti nan syèl la! Jozèf soti nan pi a pou antre nan palè a! Pawòl la te sonde (epwouve) li epi pwomès Bondye a manifeste pou byen tout nasyon yo nan jou Jozèf la!

Zanmi, lè lafwa ou teste, èske ou pral klere tankou Jozèf, oswa vin anmè kou fièl? Èske bouch ou ap konfese bonte Bondye, oswa èske li ap bougonnen epi tonbe plenyen nan desepsyon?

Se pawòl nou deklare nan moman difisil yo ki pwouve vrè temwayaj lafwa nou. Se pou konfesyon nou an epwouve epi vrèman vre, se konsa ke lè nou pase tès la, elevasyon nou vini nan pòsyon sèten epi Seyè a jwenn lwanj atravè temwayaj nou an!

Se pou Bondye beni. Pataje Pawòl sa a avèk zanmi yo ki nan bezwen!