EKILIB NOU [4e Pati]: Se Lespri ki dwe dirije nou, Nanm fèt pou swiv Lespri

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 14, 2021

Chè lektè, èske ou renmen bèl seri sa a sou Ekilib nou?

Nan dènye tèsk nou publiye nan 3e pati a, nou te wè kouman sans nou yo kapab chaje nou depase, epi kijan lè sans nou vin twò chaje, se nanm nan ki kòmanse mennen epi dirije nou avèk fòs. Byeneme, men kote pwoblèm nan chita, se ke Bondye kominike avèk lespri ou, Bondye PA kominike avèk nanm ou. Si ou kite nanm ou pran kontwòl pou dirije ou, se sèlman lanmò kap rive.

Reflechi sou sitiyasyon Jezi nan dezè a, Li tap anseye disip li yo, lè toudenkou, Li resevwa yon demand ijan ki enteronp Li: “Mèt, moun ke ou renmen anpil la malad!” Koulye-a, nan sosyete a, toukòm lè sa a oswa kounye-a, lè nou tande gen ka maladi, sa sonnen nan zorèy nou byen fò tankou sirèn anbilans. Yon mesaj tankou sa a se yon mesaj “ijan ijan”!

Men, èske Senyè nou an te sispann tout bagay epi kouri ale nan vilaj Betani? Si ou gade nan Jan 11, ou pral wè kijan, nan lapè ak kè poze, Jezi te deklare, “Maladi sa a pap mennen nan lanmò. Maladi Laza a se pou Bondye jwenn tout la Glwa, se yon maladi ki va pèmèt Pitit Bondye a jwenn tout glwa” (Jan 11: 4). Jezi rete 2 lòt jou ankò kote Li te ye a.

Zanmi, èske maladi sa a te lakòz lanmò? Nan yon sans natirèl: wi. Paske Laza te mouri. Pou yon ti bout Tan! Jezi te vwayaje ale Betani epi Laza te leve soti vivan nan lanmò, 4 jou apre dènye souf li te koupe. Li te viv!

Ou wè, Seyè nou an te refize opere selon enfliyans Nanm li. Okenn kantite enfòmasyon Li te resevwa deyò pat rive deplase sa Jezi te konnen anndan Kè Li, sa Papa li tap pale a. Jezi te toujou opere sou Latè selon Lespri, Li te viv dirije epi opere selon Lespri Bondye a, epi Li envite nou fè menm bagay la tou.

Chè zanmi, lavi bò kote nou ap nouri nanm nou avèk anpil mesaj, avèk yon pakèt enfòmasyon ijan ijan, chak moman nou reveye. Si nou kite panik mennen nou, si nou rete jis ap koute nouvèl, konsa nanm nou pral byen nouri! An reyalite, plis sans nou yo ap ranmase enfòmasyon sansoryèl (sa nap tande, sa nap wè oswa gade, sa nap manyen), se plis epi pi fò nanm nou ap dirije nou pou nou reponn.

Se fason sa a mond la ap mennen nou. Men nou menm, zanmi nan Jezi Kris, Bondye rele nou pou yon pi gwo reyalite. Se pou w kite lespri ou mennen ou. Pran swen lespri ou ak tan ou pase nan lapriyè epi aprann kè Bondye. Adore epi kite kè ou monte nan espwa nan Bondye vivan an ki renmen ou. Medite sou Pawòl la epi kite jaden andedan kè ou a fleri piplis chak moman. Answit, gade kijan bonkonprann ap koule nan lavi ou epi jan lapè (kè poze) ap dirije ou, pandan ke lespri ou ap refite tout enfòmasyon sans yo epi kite bonjan konprann kondwi la vi ou gras a Lespri Bondye.