Liv memwa ki gen souvni ou yo: Kijan pou louvri nan syèl la yon kont Labank

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

January 6, 2020

Eske ou konn tande ekspresyon sa a “Peye li Davans”? Kisa ou panse konsènan lide pou ou rekòlte sa ou simen? Èske w konnen ke Bondye nan syèl la kenbe yon kanè bank pou moun ki onore Seyè a, epi Li anrejistre rekonpans yo, e menm pou pitit pitit jenerasyon aprè yo?

Nan Lik 7, lè Jezi tap antre nan Kapènawòm, yon kaptenn lame, yon Romen ki te gen anpil otorite, te plede pou Jezi (ki kapab geri tout kalite maladi) ale vizite lakay li, paske yon moun ki te gen anpil valè pou kaptenn nan, swa pwòp sèvitè li, ki te malad nan kay la. Kaptenn sa a tap dirije poupiti 100 sòlda, li te imilye li pou li te mande ansyen Jwif yo pou yo pwoche bò kote Jezi pou mande favè sa a pou sèvitè malad la ke nonm nan te renmen anpil. Malgre sa pèp jwif la tap sibi anba men fòs okipasyon romen yo, se menm lidè Jwif yo ki te mande Jezi pou li ale geri sèvitè kaptenn romen an.
Poukisa? Poukisa jwif yo tap chèche mizèrikòd pou yon chèf romen?

Nonm sa a (kaptenn romen an) te envesti yon bagay presye nan nasyon Izrayèl la:

Lè lidè Jwif yo rive bò kote Jezi, yo mande li prese prese imedyatman, epi yo di Jezi di ke nonm nan merite pou w ta fè sa pou li, paske: “Li renmen nasyon nou an, e li te bati nou yon sinagòg (tanp, legliz) kote pou nou menm Jwif kapab adore Bondye.” Lik 7: 4-5

Imajine byen ki gwo benediksyon sa reprezante, ke kwayan jwif yo ta vini deranje Jezi, epi li di, “Ou dwe ede nonm sa a, paske nan lavi li kaptenn sa a te depanse enèji li ak kòb li pou bati sinagòg la. Jodi a, nonm nan gen bezwen, Jezi ou dwe vini pote li sekou!”

Pa blye ke kaptenn lan, pat pataje menm kwayans yo avèk jwif yo, li te gen yon kokennchenn konprann epi limyè. Paske li te temwen relasyon jwif yo genyen avèk Bondye, nonm sa a te detèmine pou bati yon sinagòg, yon kote ke pèp jwif la ke yo peye li pou l kòmande kapab adore Bondye.
Remake byen, Jezi pat rejte nonm lan: kado kaptenn te konn fè rive plede trè fò anfavè li. Jezi te aksepte demann lan paske kaptenn romen an te bati yon lotèl pou Bondye vivan an, avèk oswa san konesans sou Senyè a.

Pèp Bondye, chak bagay ou fè pou Seyè a, se yon depo ke ou fè nan kont bank espirityèl ke ou gen nan syèl la.

Menm jan ak kaptenn romen an, lè ouap travèse yon moman difisil kote ou bezwen gras Bondye, mizèrikòd ak favè Senyè a, nan lè sa a Bondye ap louvri liv souvni li a (liv memwa ki anrejistre tout depo ou yo), epi yap jwenn non ou ekri an grantlèt. Byeneme, tout sèvis ou fè oswa tout sa ou bay pou Senyè a anrejistre nan syèl la.

Annou konsidere yon lòt istwa menm jan an: 

Te gen yon fanm, yon sèvant Bondye ki te rele Tabita (Dòkas), ki te mennen yon vi angaje pou JeziKris, fanm sa a te yon kokenn benediksyon pou pèp Bondye a, ke lè yon jou li tonbe mouri, manm legliz yo (kwayan yo) te reyini epe yo declare: “Non! Non! Sèvant Dòkas pa ka mouri! Li te yon gwo benediksyon pou nou. Nou pa ka kite li mouri! ” Disip sa a te gen revelasyon ke li te kapab montre lanmou li gen pou Jezi lè lap sèvi legliz la, epi li te menm konn koud rad pou vèv yo ak moun ki nan bezwen yo. Anpil moun te pwofite lanmou disip sa a.

Nan jou lanmò Tabita, menm jan jwif yo te ankouraje Jezi pou li te ale lakay kaptenn romen an, nan ka sèvant sa a se tout legliz Jope ki sipliye apòt Pyè, epi mande li: “Tanpri, vini jwenn nou, prese prese san pèdi tan!” Travay 9:38

Se pou Bondye fè ou tounen yon benediksyon pou kò Kris la, konsa ou menm tou, ou pap ka rete nan lanmò!

Gen anpil bagay ou ka fè pou kay Bondye a, pou Wayòm Bondye a, nan non Seyè a, ki va konte lontan apre ou fin ale, se depo apa ke ou fè epi kap frape pòt syèl la pou mande Bondye agi pou ou. 

Byeneme, se pou lanmou ou pou Seyè a epi pou kay Bondye a kòmanse pale nan non ou!

Gen yon gras pwisan kap vini sou ou, ak sou pitit ou yo, lontan apre ou fin ale kite tè sa a, paske ou te montre lanmou ou pou kò Kris la. 

Lènmi an ap jwe pyezemen pou fè nou pa onèt e enfidèl a Kò Kris la, pou nou viv tankou yon kwayan frèt ki vini legliz chak dimanch maten, epi ki di “se te yon bon sèvis” epi ki pati apre.

Koneksyon ou nan Kò Kris la fè lènmi an pè, paske ou renmen Kò a, se yon pakèt benediksyon ke ou ap estoke  pou jenerasyon pitit ou yo!

Lènmi an rayi linite. Li toujou ap chèche fè divizyon anndan kè ou. Li vle ke ou rive  viv separe (nan izòlman tankou grenn senk), paske li konnen byen ke divizyon, izolasyon ak chirepit lakòz anpil doulè nan legliz la.

Lènmi an vle konvenk ou epi fè ou kwè ke legliz se sèlman yon òganizasyon. Nan kilti jounen jodi a kote anpil gadjèt ak rezo sosyal ap mennen, tizòm vin gaye nan bwa. Izolasyon pote dekoneksyon ak paralizi, alòske Bondye fè nou pou nou mache soude ansanm!

Lè ou pa trete Legliz la tankou yon òganizasyon, men ke ou renmen epi sèvi Legliz la tankou kò Kris la, benediksyon ap vini tombe sou ou ak sou pitit ou yo, paske Bondye li menm ekri e anrejistre tout zèv yo ke ou fè!

Si ou etidye kijan rad gran prèt la te fèt, ouap wè ke rad la te fèt sankouti avèk yon sèl grenn moso twal ki soti nan tèt jouk anba nan zòtey. Konsa, lè Moyiz vide lwilsent sou tèt Arawon (sakrifikate a), pou konsakre li kòm gran prèt, lwilsent la koule desann jouk nan pwent zòtèy pye prèt la. Se yon imaj ki montre nou ke Linite genyen yon gran pouvwa! 

Lè nou ini epi soude ansanm, Gras Bondye ki vini sou tèt la se menm gras Bondye a ki koule desann nan zòtèy yo! Lè nou rete soude e aliyen nan kay Bondye a, gras ke Bondye lage sou lidè a ki responsab kay Bondye a, se menm gras la ki ale sou Gadyen yo oswa Ajan yo kap fè sekirite epi sèvi deyò a nan pakin legliz la! 

Linite se yon rad sankouti ki pèmèt lwil ki soti nan syèl la koule desann sou tout moun ki rete konekte/soude. (Sòm 133)

Zanmi mwen yo, rete soude byen konekte nan kay kote Bondye plase ou, se pou ou montre avèk pasyon lanmou ou genyen pou moun yo ke Jezi mete devan ou!

Menm jan Abraram te peye ladim ki fè benediksyon tonbe sou tout Levit yo, se pou ou renmen epi sèvi kò Kris la, konsa lontan apre ou fin ale, pitit pitit ou yo ka kontinye rekòlte benediksyon lanmou Bondye, nan Non Jezi!

Koulye a, peye li pou avanse!