Men 7 gran rezon ki diw poukisa ou dwe fè jèn.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

July 7, 2018

Fè jèn te pase nan nouvèl nan Amerik lan dènièman. Yo te fè yon plan pou moun fè dayèt epi yo mete pou moun fè jèn nan plan sa tou. Yo fè konnen nan gro plan dayèt sa ke moun dwe manje kèk jou epi yo dwe fè jèn pou kèk jou. Aprè yo rekòmanse. Si yo koupe li konsa, ou kap vinn piti nenpòt kilè. ( nou pa dwe kwè a tout sa nou li)

Fè jèn nan legliz, se yon bagay ke anpil moun ap goumen anpil pou yo fè.
Gen lòt ki fè li kont yo men-m. Yo fè jèn nan yon tan espesyal nan ane ya kòm nan epòk Lavan, Pak, ou nan kòmansman mwa janvye souvan yo fè li lè lidè lègliz yo mande pou fè-l.

Men verite a, lè ou fè jèn ou vin-n gra. Paske lespri ou grandi plis nan jèn nan epi kò ou pa jwenn ase paske ou pèdi pwa, sa vinn fè kè ou pi prè Bondye.

Nan tan Jezi te sou latè, fè jèn se te you mak pou moun ki zele, sete yon sign pou sila yo ki te devwe, epi sa te fè rekonèt sila yo ki te chwazi de sa yo kite lese ale.

Kòm Rabi e farizyen yo te konn pratike li an piblik devan moun pou yo te ka montre lòt yo ke yo te konn pratike li kòm relijye.

Men se pa kòm disip Jezi yo. Yo te parèt tèlman diferan men-m disip Jan Batis yo tap grate tèt yo lè yo te mande poukisa sila yo ki tap suiv Jezi yo pat konn mete sac ou tèt epi yo pat kite manje lè yo te dwe fè jèn pou montre ke yo te devwe nan sa yo tap fè-a.

Mak 2:18 “Yon jou, patizan Jan Batis yo t’ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn?”

Lè yo mande Jezi, li te esplike yo ke li te la. Yo pa bezwen chache li. Men lè li gen pou li ale, disip li yo va fè jèn.

De mil lane pita, nou menm Legliz ki se epouz li a, dwe kontinye fè jèn jouk tan Jezi va retounen.

Men poukisa nou dwe fè jèn?
Men 7 rezon ki montre poukisa ou dwe fè jèn
.
1- Jèn ba nou direksyon epi li fè nou wè klè. Lè Eli te pèdi direksyon li epi li te vle mouri, yon anj Bondye parèt devan li e li te pase li lòd pou li te monte sou montay la paske Bondye ap tann li la pou rankontre avèk li.(Rwa 19: 4-8) Pandan 40 jou et nwit, Eli te fè jèn epi Bondye parèt devan li. Jèn prepare nou pou nou genyen yon direksyon klè de sa Bondye vle pou lavi nou.

2-Jèn fè nou tande plis Bondye tou Pwisan.
Lè nou pa manje, lespri nou vinn pi aktiv, pi entelijan e sansib pou nou tande Bondye. Lè ou nouri kò a, lespri ou vinn fèb. Lè nou nouri lespri nou, kò nou vinn fèb. Plis nou mache ak Bondye, plis lespri nou vinn konprann kisa Bondye ap di. Bondye ap gide nou. Nou swete ke lespri nou ranpli pandan nou pa manje pou nou chwazi vwa Bondye kòm priorite nou.

3-Jèn relache pwisans Bondye.
Fè jèn se yon alians, yon promès angajman ke ou fè avèk ou menm e Bondye pandan yon period de tan. Jezu, pitit Bondye a, te fè jèn pandan 40 jou. Li te fè tout sa ke lèzom sipoze fè.

Lik 4:1-2 « Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l’ nan dezè a.

Se la satan vin tante-l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t’ manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. »

Lè 40 jou jèn nan fini, zanj yo vini pale avèk li epi Jezi soti avèk yon pwisans. Si Seyè nou an resevwa pwisans aprè li finn fè jèn, nou dwe ap tann men-m bagay sa lè nou ap fè jèn. Pwisans Bondye dwe relache nan lavi nou.

4-Lè nou fè jèn nou rankontre Bondye.
Pandan nap jene e chache Bondye tout bon vre, Bondye ranplase grangou a pa li men-m. Bagay sa rive sèlman lè nou monte sou tèt montay la. Nou dwe monte anlè a pou pryè nou yo ka rive pou nou ka rankontre ak Bondye. Gen yon bagay ki rive lè ou ap fè jèn ak chache fas Bondye, lè nou pran desizyon pou nou mete nou apa pou nou ka rive nan prezans Seyè a.

Danièl nan ansyen testaman ak Jan nan nouvo testaman te gen yon vizyon klè epi yo te rankontre ak zanj pandan yon tan ke yo te retire yo pou yo lapryè ak fè jèn.

Kisa Bondye ap montre-w si ou mete tan apa pou ou fè jèn?

5-Lè nou fè jèn nou gen laviktwa sou ènmi nou yo.
Tout Pièj ak strateji ke ènmi an itilize kont nou, men-m si nou pakonen, yap pèdi fòs nan lavi nou lè nou nan jèn ak lapryè. Nap kòmanse ba satan kout fouèt le nap jene. Jèn fè dife Bondye tonbe sou tout sa ki vini epi ki kanpe kont nou, ki fè nou pa konnen bon eritaj nou. Lè nou rete bò dife a, nou rete pre Bondye.

6- Lè nou fè jèn, nou jwenn padon nan men Bondye.
Nan Bib la e nan tout chapit ki pale de histwa pèp Israèl yo, nou wè ke Bondye pat kontan avèk tout yon jenerasyon. Anpil tan pase, Pèp la te tonbe sou jenou yo pou yo te mande Bondye padon, e li te padone tout nasyon an. Jijman sou nasyon ou, sou kay ou kapab efase si ou rete nan jèn. Malediksyon jenerasyonèl ou yo, soufrans ki pa janm fini yo kapab disparèt nan jèn ak lapryè.

7-Jèn se yon-n nan plan Bondye pou nou ki se disip Li.
Jezi di a moun kite avèk Jan yo ke lè li va ale, jèn nan ap impòtan. Nou fè jèn paske Seyè nou an te fè li. Nou fè jèn paske dezi nou se pou nou rete pi pre Bondye. Men sa mande nou pou nou abandone manje nou pou nou chache Rwa nou an. Nou fè jèn paske nou vle pou nou vinn yon epouz ki dign pou-n ka wè fas li. Tout moun gen yon kote nan lavi yo ke yo bezwen mete bon lòd.  
Èske ou bezwen yon otorite espirityèl pou detwi travay ènmi an lakay ou?

Ou dwe deklare ke pa gen okenn lespri de rezistans ni lespri infimite ni konvwatiz lachè, ni okenn bezwen lakay ou nan pwisan non Jezi. 
 Kòmanse fè Jèn pou viktwa ke ou genyen deja jodia nan non Jezi.