Navigasyon espirituèl sanfay: Lè nou Swiv Vwa Bondye!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 10, 2020

Èske ou pa janm swiv GPS ou pou deplase, pou finalman ateri nan jaden yon kiltivatè a? Oswa ou an reta pou ale travay? Oswa pi fou pase yon chapelye?

Anjeneral, lè pwoblèm sa rive, nou mete zouti nou yo ajou (GPS la), nou chache yon pi bon aplikasyon, tankou Waze oswa Google Maps, oswa nou mande yon zanmi pou’n jwenn pi bon direksyon

Kisa nou ka di nan sitiyasyon Abraham? Fason li te viv se te lontan anvan telefòn selilè, san kat sou papye oswa san menm pano sinyal sou wout! Semèn pase a, nou te tande pale de Abraham, ki jan li te vwayaje nan tout lavi li, ap koute vwa Bondye pou gide li deplase. Nou te wè ki jan Bondye te mennen Abraham ak pitit li yo pandan tout lavi li.

Abraham te deplase (sou yon pakèt distans ki long anpil) pwòp tèt li avèk tout fanmi li, ak tout moun lakay li, epi li te vwayaje plizyè santèn ak dè santèn de kilomèt, paske Abraham tap koute epi obeyi Vwa Bondye.

ta di Abraham, “Ale nan kote sa a … Koulye a, ale nan peyi Haran … Koulye a, ale Betèl … Ale nan peyi Lejip … Koulye a, ale nan peyi moun Filisten yo … “

Èske ou ka imajine lavi Abraham? Pa blye ke Abraham pat tou sèl pou fè tout deplasman ak demenajman sa yo. Chak kote li te ale, li pat etabli ni abite, se te konsa pou tout fanmi an ki te toujou ap deplase avèk li! Yo pat gen sekirite, yo toujou ap deplase, paske Abraham te dirije selon jan Bondye montre li nan vizyon, oswa jan Bondye pale avèk li.

Lè ou byen gade Abraham, yon moun ta dwe rele li : “yon moun fou!” Petèt, yo te menm pase li nan betiz pandan yo ap vwayaje soti Betèl, nan peyi Lejip, nan peyi Jida, epi ankò retounen Betèl, toujou ap deplase, li te raman rete chita yon sèl kote.

Lè Abraham te rankontre Abimelèk, Bondye te rele pwofèt Abraham, menm si li pat janm pwofetize. Yon pwofèt se yon moun ki kapab tande epi konprann vwa Bondye, epi ki kapab navige (deplase) nan lavi li kòmsadwa selon plan Bondye.

Abraham te yon pwofèt paske li te tande/koute Vwa Bondye. Te genyen yon gwoup moun ki tap swiv Abraham,  alòske Abraham tap swiv Bondye pa lafwa, se te plizyè santèn lòt fanmi ki tap swiv epi deplase avèk Abraham.

Abraham te tande kè Bondye. Si Bondye di, “Ale agoch”; li te ale nan direksyon agoch. Si Seyè a di, “Ale adwat”, Abraham te ale adwat. Si Vwa a di, “Ale tou dwat”, li ale tou dwat. Abraham te navige tèt li selon Vwa Bondye avèk plizyè santèn moun ki tap swiv direksyon Abraham te pran.

Abraham pat bezwen vire bòkote manm fanmi li, epi di yo, “Pitit Bondye, Men sa Seyè a di nou”. Lè li te pran yon chemen selon wout Senyè endike li, kòm Abraham te konnen batman kè Bondye, moun yo te fè Abraham konfyans. Abraham te yon pwofèt pou moun yo ki te swiv li.

Lè Bondye te di Abimelèk, nonm sa a se yon pwofèt, Bondye te di’l tou, pa chache gen pwoblem avèk Abraham. Lè ou kòmanse tande vwa Bondye, epi avanse lè Bondye avanse, lènmi ou yo ap vini lènmi Bondye. Pwoblèm ou yo, ap vini tounen pwoblèm Bondye!

Lè wap koute Vwa Bondye epi obeyi Senyè a, si ta gen yon sèpan ki vini fofile pou atake ou.  Lè ou pran pozisyon fèm e kanpe kote Bondye di ou kanpe, pwazon sèpan an pap rive touche ou. An reyalite, se ou menm kap genyen jòb pou antere sèpan an ki te vini pou atake w pou pike ou!
Plis ou kite Vwa Bondye gouvène ou, se plis Bondye ap konsidere ou tankou yon pwofèt. Kèlkeswa kote ou ye, ou ka yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye ki aprann kòmsadwa fason pou tande epi koute Vwa Senyè a.

Bondye vle chanje epi pase avèk nou nan yon lòt nivo siperyè, pou chanje konpreyansyon nou, pou chanje fason nou panse, fason nou tande, epi jan nou fonksyone!

Si nou vle tankou Abraham, yon moun ki te swiv Vwa Senyè a, nou dwe prepare tèt nou pou peye pri a. Moun ap moke nou oswa pase nou nan betiz. Pwoblèm yo ap gen pou vini sou chemen nou.

Abraham ki te swiv Bondye pa lafwa! Avèk  benediksyon oswa san benediksyon, Abraham te swiv Vwa Bondye. Si te gen lagè oswa si pa gen lagè, li swiv Bondye! Kit fanmi li te konprann oswa ou lafanmi pa konprann, Abraham kontinye swiv! Abraham te tèlman konsistan ke Bondye te di : (Abimelèk pat konnen sa, men pou enfòmasyon ou) Abraham se yon pwofèt!

Zanmi byeneme mwen yo, se pa jan moun rele ou ki enpòtan. Sa ki vrèman enpòtan: se sa Bondye konnen ke ou ye vreman.

Jezi te idantifye disip li yo, kòm moun ki tap koute Li, lè Jezi di: “mouton mwen yo  tande Vwa mwen.” (Jan 10:27)

Bondye ap chache monte grad yon sèten gwoup moun. Gen divès lòt nivo ak dimansyon ke Bondye ap rele nou rive, wi yon gwoup moun nan jenerasyon nou an, nan yon lòt nivo piwo. Selman: antre nan pwochen nivo a,  pral depann konplètman sou kalite atansyon nou bay enfòmasyon ke Bondye mete nan lespri ou, epi sou fason nou koute epi obeyi Vwa Bondye.