Plan Bondye: Konprann jan Bondye fè konsepsyon Plan lavi ou!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

December 29, 2020

Byeneme, Bondye gen yon Plan pou lavi ou!

Lè yon ti bebe fèt, ti bebe sa a fèt avèk yon lespri epi yon nanm, ki loje nan yon kò k’ap devlope atravè letan. Kounyèya, lespri ou nan eta pasif, nan mòd landòmi jiskaske JeziKris vini epi reveye Lespri w atravè delivrans ke li bay. Apre ou fin reveye, lespri ‘w ap grandi chak jou nan kominyon avèk Lespri Bondye. Nanm ou te fòme nan syèl la epi li te depose nan vant yon manman lè timoun nan premye fòme. Bondye te kreye nanm ou, avèk ADN pwòp pèsonalite’w deja byen make, men san enfòmasyon ekri, tankou yon tablo adwaz klere byen pwòp.

Zanmi, kouman nanm ou nan devlope?

Nanm ou kòmanse resevwa enfòmasyon atravè senk (5) sans li yo, depi menm anvan lanesans, tankou yon “pis memwa elektronik” kote done yo ajoute tou dousman, epi sa kontinye pandan tout rès lavi ou. Se “la” (nan nannm ou) ke lènmi an ap chache detounen chak kwayan, nan fon nanm ou.

Poukisa li kritik anpil pou byen konprann? Lè lespri ou reveye gras delivrans Kris la, lespri a “fèt yon lòt fwa” (ne de nouvo) yon fwa pou tout. Men, Nanm ou pa “fèt yon lòt fwa”, pandan yon sèl grenn fwa, tankou lespri ou.

Nanm ou dwe renouvle, refèt ankò chak jou pa Pawòl Bondye. Lè nanm ou pa renouvle, li ap grandi pi fò pase lespri ou, epi pandan ke ou te fèt pou lavi’w grandi nan Bondye, nanm ou ka kreye koutsikwui nan chemen desten ou epi defòme trajektwa ou, ke ou pa janm ka rive vini moun Bondye te kreye a.

Twa (3) kle esansyèl pou grandi nan Bondye

Men 3 kle esansyèl ou bezwen kenbe pou’w grandi nan Bondye pou vini yon nonm oswa yon fanm nan Bondye ke Li kreye: 1. Kenbe yon Ekilib nan lavi a. 2. Kenbe Vizyon desten ou nan Bondye 3.

Pa janm pèdi Espwa nan Kris la. Si ou veyatif nan 3 zòn (domenn) sa yo, volonte’w ap chanje nan Bondye pou chak opòtinite epi nanm ou, lespri ak kò ou pral rete nan lapè, epi yap toujou kontinye grandi pi pre Bondye. Nou va diskite chak nan sijè sa yo nan seri blog kap vini yo.

Konsa nou envite ou pataje avèk zanmi ou yo, ke okenn moun pa rate Pawòl pwisan sa a pou sezon jounen jodi a. Penga nou bliye, lavi kwayan an se yon vwayaj! Se pou nou rete kole avèk Sentespri epi grandi nan konpreyansyon pandan n’ap kite Li dirije lavi nou pi fon nan Bondye!