Simonte nwayad espirityèl

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 7, 2018

Ou pa janm mande poukisa disip ki tap mache avèk Jezi yo pat rekonèt li aprè Li te finn resisite a?

Lè ou rete lwen Bondye

Gen yon lè Pyè te telman santi li koupab  lè li te fin renye Jezi  twa fwa  ke li te tounen nan ansyen vi ke li te konn mennen an ki te peche pwason. 

La Bid di nou nan Jan 21:4 ke gran bonè nan maten Jezi te kanpe bò rivaj la e disip li yo pat rekonèt li.

Li di yo: “Zanmi, nou pa gen pwason?”

Yo reponn “Non” Li di yo ankò “jete filè a bò goch bato a nou va jwenn kèk pwason” 

Lè yo jete filè a, yo pat kabap rale li tèlman li te plen ak yon pakèt pwason. E disip ke Jezi te renmen anpil la di Pyè konsa: “se Seyè a” 

Men-m kote Simon Pyè tande sa, li vlope rad li bò kòt li (paske li te retireli li sou li) e li plonje nan dlo a.

Jezi pa janm kite okinn moun tonbe.

Kòm Pyè te nan dlo a, Jezi te vinn chache li. Li pap jam kite nou tonbe.

Jezi tap tann disip li yo bò rivaj la pou yo retounen, men yo pat rekonèt Li.

Anvan sa, Jezi te gen dwa rale zorèy disip li yo pou fidelite yo. Men kounie a, paske yo te lwen Jezi, Jezi te ankouraje yo.

Gen anpil moun ki rete lwen Bondye paske konsians yo ap reproche yo. Lè nou lwen Jezi, repròch fè nou ale pi lwen ankò. Lè disip yo te lwen Jezi, li te montre yo plis lanmou pase li te rale zorèy yo.

Ki sa ou te fè nan mach ou ak Jezi nan lane 2017 la?

Eske out e rete tro lwen rivaj la? Eske ou toujou ka tande vwa Bondye?

Si ou te rale kò ou, se lè pou ou vin-n pi pre Li. 

Mande Jezi pou gide ou anvan ou ale tro lwen pou ou pa pèdi direksyon espirityèl ou.

Gen anpil gras nan Jezi. Bondye pap lage nou men-m nan move moman nou.

Gen moun ki avèk nou sèlman lè sa bon. Men, Jezi zanmi pafè a ap vinn pi pre-w nan move moman yo.

Lè Jezi pale, fòk ou tande e fè sa li mande a.

Jezi mande: “èske ou pa jwenn okenn pwason? Poukisa yo pat wè li? Epi yo toujou voye filè a nan lòt bò–a.”

Li enpòtan pou nou respekte pawòl Mèt la, e koute sa Seyè Jezi di nou. Lè ou koute  e reponn a sa Li di nou fè, menm si ou nan yon move éta, wap atire grandè Bondye nan lavi ou..

Anpil kretyen tonbe paske yo pa chache tande vwa Bondye lè kè yo trouble.

Si ou fè atansyon a sa mèt la di ou, wap wè bonte li.

Men-m si pa gen okenn pwason nan bato–a. Men-m si ou pa wè delivrans ou, chache koute vwa Bondye. Fiske zye ou sou Sentespri a, e tande sa li ap di ou. Pa kouri ap chache delivrans sèlman.

Èske ou  ka tande vwa li e blye tout lòt chwa yo.

Anvan ou rele lòt yo, chache èd e delivrans lòt kote, eske ou ka chache Li? Anvan ou kite sikonstans yo depase ou, ou ka chache tande vwa li?

Chache Bondye et vwa li. Si ou ka tande sa Bondye ap di ou, ou pap bay tout lòt problèm enpòtans. Si ou ka tande vwa li, wap viv kriz ou yo avèk kè poze.

Si ou ka pran you ti tan pou ou chache vwa papa ou, wap pare pi byen pou ou soti deyò e fè fas a monn nan ankò.

Si pi gro dezi nou se poun fè Bondye souri, delivrans nou asire.  Piga nou chache mirak, ni delivrans, men Pawòl Mèt nou an, delivrans avèk mirak yo ap vini aprè sa.

Nou bezwen plis tande vwa Bondye pale avèk nou  ke nou chache  provizyon, travay, pou sikonstans nou yo ka chanje.

Lè nou vinn pi pre Li se sa ki fè nou gran.

Bondye gen yon opinyon sou tout sa ki rive nan lavi ou. Si ou koute sa Li gen pou di ou, e ou reponn vit, wap gen fòs pou simonte tout bagay.

Pafwa, se echèk nou yo ki atire atansyon nou. Bondye pap reponn demand nou yo, kolè nou yo e plèzi emosyonèl nou yo. Bondye reponn yon kè ki gen imilite kap chache koute vwa Li.

Fè atansyon a vwa li e reponn vit. Gras li ase pou nou.

Jezu , te rele disip li yo pa amou. Bondye nan mizèrikòd li, pale ak pitit li yo. Pou ou ka tande vwa Li, pou ou ka  konnen Li, Li fè  nou gras sa  pou nou vinn pitit Li.

Lè nou vinn pi pre Li se sa ki fè nou gran.