Men 10 verite pwisan ki soti nan Sòm 106: Se yon seri devosyon pou premye a katrièm jou a. (Jou 10)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 6, 2019

Byenvini fanmiy GTH! Jodia se jou 10 seri devosyon sou Sòm 106 ke profèt Shyju Mathew te fè non yon etid biblik nan legliz Emmnuel à Montreal. Nou espere ke ou ap profite seri devosyon sa yo. Tanpri, ekri yon kòmantè anba si ou ta renmen resevwa lòt devosyon ankò.

Yè kite jou 9 la, nou te aprann kòman nou dwe onore lidè nou yo, olye ke nou konpare nou a yo menm. Jodie, profèt shyju egzòte nou pou nou konsidere lanmou e miserikòd Bondye pwuisan epi pou nou pa kite familiarite fè nou ale lwen kè Bondye.
Pataje li avèk vwazen ou yo . Inskri nan blog la pou ou ka resevwa lòt seri yo nan bwat ou. Pase yon jounen nan jwa segnè-a.

JOU 10 : . DIEU KI GEN MISÈRIKÒD LA VLE RESTORE-W.

Sòm 106: 34 – 39 Yo pa t’ detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a. Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. Avèk sa yo t’ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.

Chak fwa ou melanje ak yon moun, ou aprann fason li. Bib la di move konpayi koronpu bon karaktè . (1 Kor 15 :33)

Jezu te ale nan mitan pechè yo, men yo te vinn kòm li menm se pat vise vèsa. Jezu te avèk prostitiye yo paske yo te vinn kote li. Si ou avèk yon peche epi ou kòmanse aji menn jan avèk li, ou pa dwe rete avèk li. Olye de sa, mennen li legliz, epi kite Bondye chanje li pa kite zanmi ou yo chanje ou.

Lapriyè: Segnè kite zanmen mwen yo vinn tankou mwen.

Bondye damou a se yon Bondye jistis li ye tou. Pa kite familiarite ak amou li fè ou pa wè jistis li.
Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute pitit yo.

Bondye ki gen anpil lanmou an konn fè gro kòlè tou. Toujou kouri tounen vinn jwenn Bondye.

Zanmi, peche toujou mennen moun nan esklavaj.

Sòm 106.41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.

Ke peche ou yo pa bay moun ki rayi ou pye sou ou.
Fè lapè ak Bondye jodia-
Padone
Kouri pou peche kounie-a.

Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. Si ou tonbe,pa gade peche ou yo. Bondye ki gen misèrikòd la ap restore-w

Sòm 106: 44-46. – Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y’ap rele. Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.

Bondye fè moun kite kenbe yo prizonye yo gen pitye pou yo pa gran amou ke li te genyen pou yo.

Lapryè: sove nou , Segnè fè nou tounen kote ou vle ke nou te ye a pou nou ka fè kè ou kontan. Nou fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki ap viv pou tou tan gen tan! Ke abondans lanmou li ranpli nou jodi a. Amèn.!

Pataje-l avèk yon zanmi epi nou swete ke Bondye ki gen miserikòd la sere ou pi pre li jodia.