2018: se ane pou nou travèse

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 15, 2018

Men-m Jan Jozye ak izrayelit yo te travèse larivyè Jouden an, Bondye di ke lane 2018 sa, ou se yon mirak.

2017 se te you ane espesyal. Bondye te revele ke 2017 la ta pral you ane de nouvo komansman. Nou te viv avèk imilite e rekonesans pou sa li fè pou famiy nou e legliz nou yo nan ane ki sot pase a . Nou wè ke Segnè a te konfime pawòl li lè nou wè yon nouvèl chapit nan plizyè vi moun avèk tout kalite delivrans.

Nan lane 2018 la, Bondye ap fè sa ou pa janmè imajine. Menm jan Jozye te kondwi pèp Izraèl nan larivyè Jouden an, (Jozue 2 :4) 2018 se lane pou travèse nan tè promiz lan. Lè nou mete lafwa nou nan Bondye e fikse je nou sou Segnè-a, nap genyen viktwa ke nou pat janm panse.

Nan lane 2018 sa, nou pa dwe rete ap tann yon mirak! Nou se moun ki genyen mirak la! Menn jan ak prèt yo ki te kwè nan Bondye e kite ale avèk prezans li nan larivyè Jouden an, nou dwe fè Bondye konfians pou nou ka travèse nan destine nou. Lè nou fè youn nan la fwa, Bondye promèt pou fè rès la.

Pou tande messaj puissan sa ke fondatè Revive Nations, ki se pastè Shyju Mathew te preche nan jou ki te 31 desanm lan. Video sa a retranskri anba paj la.

Transkripsyon video

Mwen salye nou non presye Segnè a e sovè Jezu nou an ! Nou kontan dèske nou kapab fè video sa nan nouvèl ane a pou ou.

2017 te espesyal. Bondye te di ke sa ta pral you ane de nouvo kòmansman. E Bondye te kenbe mo li a ankò e ankò.

2018, se enpòtan pou nou komprann kisa Bondye ap fè paske lè nou byen komprann sak ki nan kè Li, nou ka byen sipòté kelkeswa sitiasyon ki vini sou chimen nou. Tout zanmi nou yo, famiy yo e sipòtè nou yo ki kwè nan sa, an nou fè yon sèl nan lafwa a travè video sa a.

Mwen kwè ou menn tou kapab aplike li.

Lè nou tap antre nan nouvèl ane a, nou te reyini nan nwit kite 31 desanm lan. Nou te gen you bèl sèvis. Youn nan bagay enpòtan ke nou te souliye se 250 moun ki te batize pandan ane a nan Montreal. Sa te touche kè nou anpil. Nou te antre nan ane a avèk 24 legliz kap mache avèk Revive Nations e ki kwè ke Bondye ap delivre yo. Bondye ap fè sa nou pa janm imajine.

Mwen vle pataje anpil bagay ke mwen kwè ke Bondye di konsenan 2018.

Nan lane 2018 la, fòk nou se de moun k’ap fè tout pou Jezi; Nou kanpe pou li. Nou pale pou li. Nou pa dwe pè pou nou pèdi travay nou . Nou pa dwe inkiete nou pou kay nou. Chache wayom Bondye a an premye, e tout lòt bagay yo ap vini aprè.

Bondye te voye-m nan peyi sa. Sim-pa gen viza, se pa problèm pam. Se problèm Bondye.
Sa mwen dwe fè se renmen Jezi pi plis ke anvan. Poum danse pi plis, poum louwe pi plis ke anvan. E lè m renmen Jézi pi plis ke anvan, m’ap kòmanse delivre pi plis ke anvan.

Si nou prè pou n delivre pi plis ke anvan, sispann gen krent pou sa ou wap tande. Sispann enkyete w pou sa wap manje. Sispann enkyete w pou maryaj ou.

Sijè ke Bondye ban nou an se sou lavi izraelit yo lè yo tap travèse pou yo al Jeriko, yo te rete bò larivyè Jouden an ki te gen kouran fò. É sa te you danje pou yo ak fanmiy e pitit yo. Bondye te di yo: “men fason pou nou janbe: fòk pye nou touche dlo a e lap vinn sèch e nou va travèse li.”
En 2018, pa genyen Moyiz ankò pou separe lanmè rouj la. Sispann rete tann elastik la tire. Sispann rete tann van vini. Kote van? M pa wè van. Bondye di, fwa sa pa gen van kap vini. Mwen fè-w vinn pròp van an.

Lè a rive pou nou aji kòm si nou konnen kiyès Bondye w la ye.
Si-w te konn aji kòm you timoun piti, kap di, manman, vini ! manman vini! Nou konn kouman timoun ye.

Yo kache dèyè manman yo.

Men nan 2018 la, ou pap kache dèyè ankò. Men ou gen pou-w di mwen konnen kiyès ki nan mwen! Mwen konnen kiyès mwen ye. Kisa Li di mwen ye. Mwen pral mache sou dlo.

Ou sonje nan ansyen testaman, kouman yo te konn tann pou Bondye voye lamann nan ? E lamann nan te tonbe. Nan nouvo testaman, pat gen lamann kite konn tonbe. Yo te di: o pa gen manje, pa gen manje. Kisa Jezu te di li.

Li te di yo, ba yo manje. Kisa ou vle di la, Jezi? , Yo di, Jezi m-panse ou pat konprann. Mwen swete ke ou ouvri syèl la e fè lamann tonbe.

En 2018, Bondye di: “ map tan ou” Mwen kwè ke 2018, pap yon ane ki sal. Lap vini ak defi pa li kòm tout lot ane yo. Lap gen prop rivyè Joudan kap vinn kombat nou. Men Bondye bay moun kap mache avèk li yo garanti ke si ou ka mete fwa ou nan Bondye, si ou ka fikse zye ou sou li ak lafwa wap gen you gran viktwa ke ou pa ko janm imajine.

En 2018, sispann rete tann you mirak.
Paske Bondye di m pou m di ou ke ou se mirak la.

Mwen vle pale a tout demon ki tap kombat ou ak fanmiy ou: ou fè tout sa w kapab pou atake nou nan 2017. Men nan 2018, lan li tro ta.

Pran 30 segond pou rejwi e selebre pou viktwa w. Nou pral travèse pa la fwa.

Gen kèk moun kap rete tann Jouden an seche. : petèt nou pral rete tann sa ou konnen.. Mwen konnen Bondye se yon bon papa. Mwen konnen li konn abitye fè lamann tonbe. Mwen konnen li te ban nou keyi blé, men sa te mache lè yo tap janbè riviè–a , men sa pa lojik. Bondye vle pou nou utilize bon sans nou. Se pou nou itilize sèvo nou. Pran sa fasil. Pa bouke pale de revèy toutan.

Bondye attire pa yon group moun ki kwè e ki fou pou li.
Pa la fwa, nou pral gaye wayòm nan.
Pa la fwa, , nou pral resevwa promès nou.
Pa la fwa, nan 2018 la, nan fèmen bouch lyon yo.
Pa la fwa, nou pral etènn pwisans dife a. kite dife a limen, men li pap boule w.
En 2018, pa la fwa, sa ki pi fèb pral vinn fò. Ou ap vinn puisan nan batay la. Ou gen lame ki pral fè batay la pou ou. Lè yo vini kont ou pa you sèl chimen. Yap retounen pa pliziè chimen.
Pa la fwa, nou pral chape l’epe. Kriye : pa la fwa, mwen pral travèse”

Mwen vle fini video sa a pa yon panse.

Menm jan lè Eli e Elize te travèse Joudan an te gen yon bagay ki te pase. Te gen you gro echanj, te gen yon gran benediksyon, te gen yon gran onksyon ki te lache. Men bagay sa pat fèt san li pat peye yon pri. Li te kite pase-l dèyè. Li te dechire vye rad li ya pou’l te kapab resevwa yon rad tou nèf.

Se you bagay ke nou dwe siveye pandan ane sa a . Fòk nou mouri a nou menm. Nou dwe touye tout bagay negatif, tout defo e fòt nou yo, e depoze yo nan pye Jezi. E lè nou fè sa, pwisans rezireksyon an ap soufle sou nou.

Bondye di , “ eske ou kap di pèp mwen an pou yo kwè nan mwen san yo pa poze kesyon.”
Paske lè ou kwè nan you moun, ou sispann poze kesyon. nou pa bezwen mande Bondye poukisa nou pèdi twazyèm pitit nou an. Nou pa bezwen mande’l poukisa nou pèdi nenpòt kisa.

La Bid di nou, “pou la jwa ke nou te jwenn nan li, Jezu pran koup soufrans lan paske li te konnen kisa ki tap pral rive aprè.

Lè ou pa gen espwa, pi piti bagay ka detwi ou. Men, lè ou konnen ke 2018 se travèse, ou dwe travèse promès ou yo. Sa Bondye te promèt ou a dwe akonpli nan 2018.
Maten an, mwen reveye avèk yon vwa nan tèt mwen kap mande: eske ou ka bwè koup soufrans lan san ou pa poze keksyon.

Lè ou konnen ke Jezi avèk ou, Bondye ki promèt ke 2018 se ane promès la, nimpòt sa ki rive, ou pral gen souri nan figi ou. Kelkeswa sa enmi an voye sou ou, ou pral sèlman di : se bon, an nou kontinye.

Si ou renmen statuko e mediokrite, 2018 pap yon bèl ane. Paske, Bondye ba ou defi pou ou reve sa ou pa janmè imajiné e espere sa ou pa janm wè anvan. Sa ka posib si ou pa abandone paske ou blese. Sa ka posib si ou aji fwa ou e mache sou problèm nan e di “ akòz de Jézi, kiyès ou ye , Zorobabèl? Mwen chase-w. Se pa ak fòs, ni avek pwisans, men pa Lespri.

Mwen espere ke ou beni . Si video sa beni ou, pa blye pataje’l avèk fanmi e zanmi ou yo.

Mwen vle priye avèk ou: papa, nou vle di ou mèsi pou okazyon ou ban mwen pou priye e pataje pawòl sa yo avèk fanmiy e zanmi nou yo. Segnè, nou priye pou tout moun ki soti lwen nan vi yo. Mwen mande ou gras ak benediksyon. Mwen swete ke lane 2018 sa a kapab you ane espesyal , Segnè, e pa kite nou viv san komprann, men fèl you ane avèk anpil gran benediksyon e delivrans . Mwen priye pou ou fè nou grandi nan fason nou pral fè fas a tout benediksyon yo. Nou di ou mèsi pou pawòl ou. Mwen priye w pou tout moun kap gade video sa kapab antre nan ane sa avèk you onksyon e yon gras ki fre. Ogmante kapasite yo , espri yo pou yo kapab non sèlman gen viktwa sou tout atak enmi an men pou yo kapab kombat nan sezon sa a. Mwen priye’w nan non Jezi.
Amèn!

Mwen swete ke ou te beni. Mwen ankouraje ou , si ou poko fe sa, enskri nan chanel sa a e vinn you patnè. Ke Bondye beni ou!