Men 10 verite pwisan ki soti nan Sòm 106: Se yon seri devosyon pou premye a katrièm jou a. (Jou 5)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 1, 2019

Byenvini fanmiy GTH ! Jodia se senkièm jounen pou seri devosyon nan Sòm 106 ke profèt Shyju Mathew te fè pandan etid biblik nan legliz Emmanuel nan Montreal. Yè nou te aprann kòman nou dwe soumèt dezi nou yo a Bondye. Jodia, nap apran-n sou krent Segnè-a. Pa blye pataje-l avèk yon zanmi epi profite jounen ou!

Jou 5: GEN KRENT POU BONDYE EPI PIGA NOU MANDE

Sòm: 106.15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l’ la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.Mwen wè ke lè yon moun toujou ap mande Bondye yon bagay, li ka ba ou li men nou responsab konsekans ki vini avèk li. Se men-m bagay ki rive nan histwa ti gason prodij la. Papa te bay pitit gason li a sa ke li te mande li-a. Epi anvan lontan li le gaspiye tout.

Yon bon sign ke ou dwe siveye se lè ou gen yon dezi e ou pa ka dòmi sou dézi sa. Se yon bagay danjere. Nimpòt dezi ou genyen nan nanm ap pote fwi nan nanm. Tout dezi ou genyen nan lespri ap pote fwi nan lespri.
Si se yon dezi lachè ou genyen, wap rekòlte lachè. Si se yon dezi espirityèl wap rekòlte lapè avèk la jwa.

Fòk ou ka santi kè Bondye nan tout dezi ou genyen. Fòk ou toujou mande si Bondye nan sa-a. Vini nan yon plas kote tout dezi trete nan je Bondye.

Pa janm mete yon pri sou obeyisans ou. Pa janm kite menm dezi ki pi piti a deplase plim ki nan je li.

Mache nan lafwa epi soumèt tout dezi ou yo bay Bondye. Fòk ou pasian pou koute li epi aji.

Lapryè: Segnè, retire tout dezi ki soti nan kò mwen ki anvayi panse mwen yo, somèy mwen, kè mwen epi espri mwen. Soti nan mwen nan non Jezi. Ke se sèlman dezi Jezi ki anvayi mwen.
Demen, nou pral pale kòman ou dwe trouve Moiz ou. Nou sweke ke ou te beni anpil!