10 Fason pwisan pou byen apresye ak resevwa sa ki soti bòkote madanm Pastè ou

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

December 18, 2019

Anpil moun ap dakò ke pastè a se lidè espirityèl ki montre moun kijan pou yo mache avèk JeziKris. Pòl te dirije Legliz yo ke nou jwenn nan liv Travay apot atravè patènite pèsonèl ak ankadreman (Konsèy) apostolik. Avèk pitit gason l ‘yo, Timote ak Tit, Pòl ankouraje yo devlope yon relasyon yon sèl-ak-yon sèl kote li montre lidè li yo nan yon nivo pèsonèl. Pou legliz yo nan liv Travay Apot, Pòl te ekzèse ministè li nan lèt li ekri yo pou anseye ak ankouraje, Ekriti ki te gide Kò Kris e ki kontinye gide nou menm jodi a.

Men, ki jan nou konekte avèk madanm pastè nou, ki se manman kay la (legliz la)?

Pwofite yon kado eksepsyonèl pou tande sa ki soti bòkote Pastè Tiny Mathew, madanm Pastè Shyju Mathew, kado ke li pataje nan yon seri konpoze ak 2 pati, sou kijan pou konekte epi resevwa kichoy bòkote madanm pastè nou, pou w ta gide pa yon sèvant Bondye ki resevwa onksyon Bondye avèk yon manda ki soti nan syèl la pou akonpanye w tankou yon manman kap pran swen ou epi ede w grandi nan lafwa! Semèn pwochèn, rete tann kèk mo pwisan kòm egzòtasyon ke madanm pastè nou yo gen pou pote pou nou kòm yon pati nan seri espesyal sa a sou apresyasyon madanm pastè yo.

Pou kòmanse, se pou w byen konprann ke, relasyon ou avèk madanm pastè ou, se tankou yon koneksyon espirityèl, òdone pa Sentespri an, e ke lespri ou resevwa.

Ebre 13: 7 di, “Konsidere rezilta ki soti nan fason dirijan nou ap viv epi se pou nou imite lafwa yo.” Pandan ouap obsève lanmou madanm pastè a montre pou Jezi, fason lap mache ak Bondye, fason li sèvi ak soumèt bay mari li, fason li adore, e menm fason li kondui tèt li, ou ka resevwa anpil, aprann epi grandi. Etidye byen avèk anpil atansyon nenpòt ansèyman, blòg (diskisyon ak pataj sou Entènèt), twit oswa metòd ke madanm pastè a anplwaye pou pataje lafwa li, ou ka menm konsidere li kòm yon egzanp. Pa gen okenn moun ki pi gran ou ka imite pase manman espirityèl ou ak papa espirityèl ou.

Apot Pòl te di, “imite m ‘menm jan mwen imite Kris la.” (1 Kor. 11: 1) Lè ou imite manman espirityèl ou a, w ap imite Kris la paske li imite Kris la. Gade ki jan madanm pastè ou a mennen, ki jan li fonksyone epi swiv egzanp li byen.

Petèt, ou ta vle jwenn yon ankadreman pi kole sere, tankou Timote, Tit avèk apot Pòl. Pou rive konekte avèk madanm pastè a ap pran tan epi mande konfyans. Pa gen okenn relasyon ki rive grandi epi kap dire yon lannwit sèlman. Tankou tout bonjan lanmitye, Relasyon ankadreman/konsèy pran tan pou li grandi.

Nan cheminman ou pou resevwa bonjan kichòy, men 10 fason pwisan pou konsidere e ki ka ede w onore ak apresye madanm pastè ou yo:

1. Mande Sentespri a

Nan lide pou resevwa nan men lidè ou a, pou gen yon relasyon pwòch epi kole, mande Sentespri. Li kapab revele ou ki jan ou ka rive touche kè madanm pastè a epi fè yon fason pou w jwenn aksè bòkote manman espirityèl ke Bondye mete epi plase devan ou.

2. Respekte madanm pastè nou

Pran inisyativ pou ou vin yon pitit fi oswa yon pitit gason se yon benediksyon konsistan. Gen diferan fason pou sèvi yon sèvant Bondye. Pa bliye ke li pa yon moun envizib, ke li se moun vizib tankou mari. Pifò nan madanm pastè yo (85% ) santi yo pa kalifye epi yo dekouraje, souple penga nou inyore madanm pastè a. Se pou nou manifeste rekonesans epi apresye madanm pastè yo, nan tout fason ki posib.

Men kèk fason pratik pou sèvi ak onore yon sèvant Bondye:

a) Ofri pou gade timoun piti si li gen timoun piti, lè konsa li menm ak mari li yo ka gen jwenn yon titan pou soti an tètkole lannwit.
b) Si madanm pastè a gen pou li pataje la Pawòl, ofri li èd ou (kout men) pou li ka konsantre pou prepare li.
c) Espesyalman nan jounen dimanch, lè gen anpil reyinyon nan legliz la, ofri yo èd, ak manje, gade timoun, ospitalite, oswa menm pote valiz li.
d) Achte yon bagay espesyal pou madanm pastè ou.
e) Fè madanm pastè a konnen ki jan li gen anpil valè pou ou epi kijan li koute chè nan zye ou.

3. Poze kesyon epi chèche konsèy li

Pran tan pou ou mande sèvant Bondye a kesyon ou genyen epi aprann avèk dilijans nan men li. Lè ou pase tan avèk li, aprann otan ke ou kapab. Enfòmasyon ou pral resevwa nan men li, ou pa pral jwenn enfòmasyon sa yo nan yon lòt kote. Pwofite byen ti tan nou jwenn pou pataje.

4. Sonje wòl madanm yon pastè a se pa yon travay fasil

Madanm pastè a pote anpil chay: se pa sèlman chay legliz la ke li pote, men li pote chay mari li paske sa se premye manda ministè li, pou li renmen epi kanpe men nan men avèk nonm Bondye a. Madanm yon pastè andire inevitableman abi, manipilasyon, kè blese ak kritik nan legliz la. Lavi a fòse li pran pozisyon nan batay. Se pou ou veye epi pwoteje Sèvant Bondye a kap lapriyè pou ou chak jou devan Seyè a.

5. Konnen kisa ki motif ou

Anpil fwa, gen moun ki vle vin kole kole avèk madanm pastè a pou yo ka rive pi pwòch (pi pre) pastè a. Si se sa ki nan tèt ou kòm motif, atann ke plan ou a pap mache. Si ou vle vin pi pwòch madanm pastè a paske ouape chèche konsèy li, direksyon ak konfyans, nan ka sa a, se yon entansyon ki bon, wi yon bon motiv.

6. Se pou ou bay sèvant Bondye a valè

Malaki 2:15 di “avèk pòsyon lespri a yo fè yon moun.” Pastè a ak madanm li, tou 2 fè youn e yonsèl, se konsa lè ou resevwa nan men madanm pastè a, se tankou ou resevwa nan men pastè a. Yo fè yon sèl nan lespri. Bondye mete yo ansanm.

7. Egzamine objeksyon ou yo

Kèk fanm ka rete kole plis sou yon pastè gason epi rejte madanm pastè a. Petèt yo pa te gen yon papa ki te prezan nan lavi yo oswa yo gen yon espri òfelen ki fè yo rete kole sou yon pastè gason olye yon pastè fi. Gen kèk fanm ki te rejte pa madanm pastè yo nan tan lontan an, se konsa yo gen anpil difikilte pou konekte avèk yon pastè fi paske yo gen krentif pou yo te rejte ankò. Si se konsa, ale devan Seyè a epi travay sou sa pou li soti nan ou. Depoze bezwen ou yo yon sou yon lòt epi kite Bondye geri ou.

8. Gade madanm pastè a menm jan Bondye gade

Mande Sentespri a revele ou ki moun li ye nan lespri. Si ou wè ke madanm pastè a se yon moun trè timid oswa pa yon moun ouvè, eseye konprann li. Petèt li te gen kè brize, petèt li ap travèse zeprèv ou pat ka wè, konsa aprann renmen li pou ki moun li ye a epi lanmou ou va geri li. Li pa fasil pou ou yon madanm yon pastè; batay yo ke li mennen yo entans anpil. Gen pasyans ak bonkè pou li, menm jan Senyè a gen bonte e pran pasyans avèk ou.

9. Evite kritike oswa korije madanm pastè ou

Se pou ou tankou yon benediksyon pou madanm pastè ou epi evite kritike. Si ou pa renmen yon bagay sou madanm pastè ou a, rete trankil olye ou kritike li. Se pa travay ou pou ranje (repare) madanm pastè ou. Ou pa Bondye li, ou pa konseye li ni manman espirityèl li, ni papa espirityèli, kidonk, pa enkyete tèt ou pou repare madanm pastè a. Enkyete pito pou travay sou relasyon ou avèk Bondye. Krent Bondye epi travay sou Sali ak delivrans ou. Fè pito jefò pou ranje e repare pwòp tèt ou.

10. Evite pale (pwofetize) oswa gide madanm pastè ou a

Ou pa pwofèt madanm pastè a. Li gen pwofèt li, li gen paran espirityèl li, li gen mari li kap gide li. Pa eseye mennen li epi bay direksyon paske li pa gen pou resevwa direksyon nan men ou. Pafwa ou fè sa paske ou ap chèche yon afimasyon oswa yon apwobasyon, pou pwouve ke ou gen don (ki vre), ke ou gen don pou tande vwa Bondye. Okontrè, se pou w bay madanm pastè a chans pou gide ou avèk revelasyon li resevwa, ba li chans pou li ka anseye epi pou li gide e kondwi ou. Pa eseye anseye li epi gide li.

Byeneme, se pou nou selebre apèl madanm pastè nou! Se pou nou bay anpil vale pou chwa li fè pou renmen Kò Kris la, pou sèvi fidèlman mari li, fanmi li ak kongregasyon an, se pou nou swiv egzanp li trase avèk onksyon Senespri. Si nou fè, se sèten nap viv yon kwasans eksponansyèl (ekstraòdinè).