Chape anba tantasyon epi koute Vwa Bondye!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 18, 2020

Èske ou pa janm demenaje peyi an peyi, chanje travay, oswa chanje pou yon nouvo pwogram lekòl? Chanjman se yon bagay ki difisil pou pifò moun!

Annou imajine chanjman nan lavi Abraham:

Bondye di, “Kite peyi ou, ale nan peyi mwen pral montre ou” (Jenèz 12: 1).

Lè Abraham te rive nan peyi Kanaran, Abraham te ale nan Sichèm (Jenèz 12: 6). Kite Sichèm, li te ale Betèl (Jenèz 12: 8).

Soti nan peyi Betèl, li te dirije nan peyi Lejip. (Jenèz 12:10). Soti nan peyi Lejip, Abraham te pran direksyon Negeb, ki se peyi Jida. (Jenèz 13: 3).

Soti nan peyi Jida, li vwayaje nan Gerar, tou pre Kadès, peyi moun Filisten yo (Jenèz 20: 1). Soti nan Gerar, Abraham demenaje nan peyi Beersheba, yon lòt kote nan peyi Filisten yo (Jenèz 21:34).

Zanmi, Abraham, yon nonm fòmidab, Papa nasyon yo, te viv tankou yon nomad. Tizòm te ka menm rele li “moun fou”!

Kòm Abraham tap demenaje soti yon peyi pou ale nan plizyè lòt peyi, li te mache sèlman pa lafwa nan Bondye ke li tap swiv.

Kòm nou te ka atann nou, vwayaj Abraham yo te ranpli evènman, Bondye te toujou fè pakèt entèvansyon nan deplasman ak monte desann Abraham yo.

Yon jou, Abraham te vwayaje ale nan peyi wa Farawon (peyi Lejip). Labib di ke wa Farawon te pran Sara mete nan arèm li “kay kote tout lòt madanm wa a rete” (Jenèz 12: 11-20). Bondye te atake wa Farawon ak kalamite grav akòz aksyon li yo kont Sara.

Plizyè ane apre sa, Abraham te rankontre wa Abimelèk. Wa a pran Sara ankò. Abraham te tèlman pè, li te di Abimelèk,  ke Sara se “se sè mwen ‘” (Jenèz 20: 2).

Avèk anpil mizèrikòd, Bondye fè entèvansyon bò kote wa Abimelèk. Bondye te parèt pandan lanwit nan yon rèv, epi avèti wa Abimelèk, “Gade, ou se yon moun ki pral mouri poutèt fanm nan ke ou te pran an, paske Sara se yon madan marye.” (Jenèz 20: 3).

Abimelèk te vin pè anpil! Li lapriyè Bondye, “Seyè, ou pral touye yon inonsan? Eske li pat di mwen : « Li se sè mwen ”? Aprè sa, Sara li menm te di : « Li se frè mwen ». Nan entegrite ki  nan kè mwen  avèk inosans ki nan men mwen,  mwen te fè sa “(Jenèz 20: 3-5).

Bondye reponn li: Mwen konnen ou fè sa ou fè a, san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen (Mwen pa kite ou manyen li). Koulye a, renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye; konsa li ka lapriyè ou pou ou ka viv. Men, si ou pa retounen li, konnen ke ou pral siman mouri, ou menm ak tout moun ki nan fanmi ou. “(Jenèz 20: 6-7).

Bondye te aji yon fason ki trè diferan avèk 2 wa sa yo:

Avèk wa Farawon, lè li pran Sara, Bondye pa anpeche li peche. Okontrè, Bondye te bay Farawon gwo pinisyon ak kalamite poutèt li te manyen Sara.

Avèk Abimelèk, Bondye anpeche wa a peche paske li te wè entegrite kè wa Abimelèk.

Ann nou Koute sa byen:

Si ou vrèman vle fè Bondye plezi tout bon vre, Bondye ap ba ou Gras li pou rive simonte nenpòt peche! Si ou gen yon dezi vrèman sensè pou fè Bondye plezi, lè sa a Bondye ap pwoteje ou! Lè ou gen krentif pou Bondye, Bondye ap fè je ou louvri epi Li va montre ou laverite pou ede ou.

Tout moun bezwen konprann sa: Bondye vle ede moun ki vle èd.

Men, anpil moun rete fasine pa tantasyon kè yo genyen, yo anvi yon tantasyon, yo reveye avèk tantasyon an nan tèt yo, epi answit, yo ale dòmi avèk tantasyon an nan kè yo.

Byenneme, si ou renmen tantasyon ou piplis pase Bondye, Bondye pap janm kanpe ou epi rale’w mete lwen sa ke ou desire.

Bib la di nan liv 1 Korentyen 10 : 13 «Nan tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, Bondye ap ban nou fòs pou nou ka sipòte’l epi chape anba li». Men, si ou renmen tantasyon ou a piplis pase jan ou renmen Bondye, se sèten ou ap kontinye rete nan esklavaj ou!

Kijan ou ka rive soti nan konfizyon /dezod konsa epi pou ka jwenn èd nan men Seyè a?

Koute Pawol Bondye epi gen krentif pou Bondye!

Anpil moun rele tèt yo kretyen, men yo pèdi sou wout la, yo san direksyon, paske yo refize tande ak obeyi vwa Bondye.

Poukisa Bondye ta dwe goumen nan non ou, goumen nan non pitit ou yo? Paske, tankou Abraham, ou se pitit Bondye, epi ou bay prèv ke se verite, lè ou swiv Vwa Senyè a!

Zanmi, nou pa posede pwop tèt nou! Nou se posesyon yon Moun ki renmen nou epi ki te bay lavi Li pou nou (Efezyen 5: 2).

Se Bondye ki dwe kondwi epi dirije lavi nou

Abraham te yon pwofèt Bondye. Yon pwofèt se yon moun ki kapab tande epi konprann Vwa Bondye epi ki kapab navige (deplase) nan lavi li kòmsadwa selon plan Bondye!

Abraham te yon pwofèt paske li te tande/koute Bondye epi li te swiv Bondye nan chak chemen oswa kote Senyè a te dirije li!

Plizyè santèn moun tap swiv Abraham pa lafwa, ladan yo te gen pwòp fanmi Abraham, tout sèvitè/domestik li yo epi tout kòt kay fanmi sèvitè li yo.

Paske Abraham te tande epi obeyi, li te vin pwofèt pou moun nan pwòp kay li! Lè li swiv epi mache nan chemen Senyè a trase, plis jan li te konnen batman kè Bondye, Abraham te vin yon pwofèt pou anpil moun ki tap swiv li.

Tankou Abraham, lè ou kòmanse koute dous chichotman vwa Sentespri a, Lespri Bondye a ap kòmanse pran ou epi mennen ou kote ki pli pwofon. Plis ou ap tande Vwa Bondye, epi ou ap deplase lè Bondye deplase, tankou Abraham, tout lènmi ou yo ap tounen lènmi Bondye. Pwoblèm ou yo tounen pwoblèm pa Bondye.

Zanmi, ou dwe reziste anba tantasyon epi reponn avèk obeyisans selon direksyon trankil ke Sentespri bay ou.

Lespri Bondye deja prezan nan jounen Lendi ou a, nan jounen Madi ou, li déjà avèk ou nan Mèkredi, epi tou byen byen lwen devan ou! Men ou menm, ou pa prezan, ou pap tande.

Se nou prezan pou tande Vwa Bondye pou jodi a. Renmen koute vwa Segnè a

Pandan w ap soti anba tantasyon epi swiv Senyè a, se pou ou pran epi kenbe chak bagay ke Bondye genyen pou fanmi ou, pou nasyon ou epi pou jenerasyon sa a, menm jan ouap viv pa lafwa nan Bondye Papa ou ki renmen ou!