EKILIB [3e Pati]: Yon Pouswit konstan epi sèten, menm si gen opozisyon

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

January 23, 2021

Byeneme, nou espere ke ou renmen vwayaj sa a, sou sijè: “Grandi nan Bondye.”

Si nou defini EKiLIB tankou yon pozisyon kote ou “rete nan sant volonte Bondye”, alò, ki fòs kontrè k’ap travay kont Balans sa a oswa kont Ekilib nou?

Lènmi an toujou ap eseye divize inite ki genyen ant nanm ak lespri nou, li pouse nanm nou pou ke nanm la dirijé pito pa emosyon nou yo.

Nan levanjil Mak: Nou wè lè Jezi te voye disip yo ale nan bato yo, pandan ke Li tap pase tan avèk Papa Bondye nan lapriyè. Vè 3 zè dimaten, yon tanpèt vyolan te leve epi disip yo pat rive fè anpil pwogrè avèk zaviron yo (yo pat deplase bato anpil).

Pandan Jezi tap pwoche bò kote yo, disip yo kòmanse ap kriye, paske lapèrèz te anvayi yo, kèk nan yo panse ke yo te wè yon fantòm!

Lè nanm ou kite emosyon dirije li, kòm rezilta ou jwenn yon defòmasyon sou kilès Bondye ye. Isit la, Seyè Jezi ap pwoche bò kote disip yo, olye de sa, laperèz ki anvayi nanm yo fè ke yo pwojete imaj yon fantòm!

Tout sans disip yo vin twò chaje, avèk tout sòt enfòmasyon ki soti nan gwo van kap gonde, dlo frèt fin ranpli bato a, misk ponyèt disip yo fè yo mal, yo fin boule epi pa gen fòs ankò pou pouse bato a vanse, tout disip yo rele byen fò, epi laperèz te anvayi nanm yo konplètman. Poutan, JeziKri kanpe sou menm dlo sa a, Li tap anonse LAPÈ.

Byeneme, penga ou kite enfòmasyon ki rive nan nanm ou anvayi konpreyansyon lespri ou. Rekonèt kijan lènmi an ap eseye divize epi kraze ekilib nou, epi tou, kijan pou nou ranpòte laviktwa nan moman kritik sa yo!