ANRASINE NAN KRIS (pati 7): MISTÈ YO NAN SYÈL LA

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 24, 2021

Bonjou zanmi lektè GTH yo! Men Pati 7 nan seri sou ANRASINE , Pawòl kap gide nou pou lane 2021 an nan « Revive Nations ».  Pati 6 la te montre nou ke nou dwe kenbe kè nou lib, konsa nou kapab rive tande Vwa Bondye byen klè. Pwoche bò kote pwofèt Shyju Mathew, Fondatè Revive Nations, pandan nap kontinye eksplore sijè pwisan sa a pou nou ANRASINE nou pwofondman nan Kris!

Miche 4: 2 deklare ” Anpil moun lòt nasyon va vini, y’a di: Annou monte sou mòn Seyè a! Annou ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! Li va moutre nou jan Li vle nou viv. Konsa, n’a mache nan chemen Li mete devan nou an.

Nan tout Bib la, nou wè ki jan lè pèp Bondye a pwoche bò kote Senyè a, Li va pwoche bò kote pèp la. Si ou pa genyen Seyè a tou pre ou, se sètènman, paske ou pa te vrèman pwoche bò kote.

Pouswiv nou selon chemen Senyè-a ap toujou kenbe nou nan imilite.

Anvi nou pou rete nan vwazinaj Senyè a kenbe nou pou fè rechèch, pou fouye, epi vle konprann fason Li piplis.
Lè w ap monte sou montay Bondye a, lè w ap monte nan kay Senyè a, lè sa a nou pa pèmèt chemen pa nou yo okipe okenn plas ankò. Pa gen plas pou pèmèt pwòp tradisyon nou yo. Pa gen plas ankò pou pwòp eksperyans nou.

Sou montay Bondye a, nou dwe anbrase chemen Li yo.

Paske nan Wayòm Bondye a, fòs yon kwayan chita nan kapasite li yo pou konprann bagay Bondye yo epi konpreyansyon sa, li menm, se yon mirak.

Isit nan tèks Miche a, Bondye ap di, lè yon moun grangou ase, swaf dlo ase pou monte sou mòn sa a, monte, peye yon pri, pou pran tan pou chèche Bondye, pou jwenn kay Bondye Jakòb la, ke yon fwa yo rive la, Bondye pral kounye a kòmanse anseye fason Li yo.

Bondye toujou ap gade nou, ap gade sou legliz, ap gade sou nasyon yo, pou wè si gen yon moun kap chèche Li avèk dilijans, pou Li ka montre yo chemen Li yo.

Matye 7: 7 di : « Mande, yo va ba ou; chache, epi n ap jwenn. »
Lè grangou ou ogmante, Lè sa a, Bondye ap kòmanse ba ou plis.
Lè ou kòmanse frape epi chèche, Senyè a ap kòmanse ba ou plis.

Men, kesyon nou te ka poze tèt nou se : poukisa Bondye kache bagay sa yo? Poukisa Li kache kèk bagay?

Pou reponn kesyon sa a, annou gade vèsè ki jis anvan defi a pou w mande, chache ak frape:

Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon, pou yo pa pilonnen yo anba pye, pou yo pa tounen vin atake ou. (Matye 7: 6)

Pèp Bondye a, nan Ekriti yo, gen 2 bagay ke Senyè a kache:
Premyèman : sa ki apa pou Bondye ka sèlman vin jwenn ou lè ou ap bwè (wouze) nan Lespri sentete a.
Sa ki Sen vin jwenn moun ki te sanktifye tèt yo nan San presye Jezi a epi ki konsakre tèt yo pou Bondye.
Dezyèmman : Genyen bèl grenn pèl, mistè espesyal, ke Seyè Jezi entèdi nou jete bay kochon. Nan lòt mo, yo entèdi nou anseye tout moun bèl grenn pèl. Se konsa, kouman Seyè a te fè sa? Li kache yo.

Nan Pwovèb 25: 2, Bib la deklare: « Se Bèl Glwa Bondye pou kache bagay yo epi se glwa pou Wa yo fouye chache dekouvri yo. »

Ekriti yo pa sèlman di ke se nati Bondye pou kache bagay sa yo. Ekriti yo deklare, li se tout bèl Glwa pou Bondye! Se pa sèlman sajès Li. Li se Grandè Li, pou kache mistè Li yo! Konsa, ki jan nou fè konnen si nou se yon Wa oswa si nou se yon kochon?

Zanmi, kijan nou pral konnen si nou se yon chyen, oswa yon pitit kay Seyè a? Avèk yon pouswit pasyone pou nou dekouvwi mistè Bondye yo epi nan fè sa, nou va rankontre tout bèl Glwa Senyè a!

Nou espere seri sa a enspire lavi ou! Pataje li avèk yon zanmi, kontinye bay zèv Bondye bourad epi se pou Senyè a louvri kè nou ak lavi nou pou nou aprann chemen Li yo chak jou!