ANRASINE (pati 6) : KIJAN POU RIVE JWENN AKSÈ A VWA BONDYE

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 16, 2021

Bonjou tout Fanmi GTH! Men Pati 6 nan seri pwisan an sou: ANRASINE nan prezans Senyè-a, Pawòl kap gide nou pou lane 2021 an nan Revive Nations. Pati 5 te pale sou jan pou nou atire Onksyon Bondye a! Jodi a, nap gade kisa li pran (kisa li mande) pou nou Rive Gen Aksè a Vwa Bondye nan lavi nou. Nou aplodi Pwofèt Shyju Mathew, Fondatè Revive Nations, ki te relache yon seri Kle fòmidab soti nan syèl la, nan sezon de glwa sa a pandan nap aprann kijan pou nou grandi ANRASINE nan Kris!

Byen bonè nan seri sa a, nou te gade moman lè Jezi tap mache avèk 2 disip yo sou wout Emmaus. Lik 24 vèsè 16 di nou: Yo te wè Jezi, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt Li.’

Vèsè sa a montre nou 2 disip Jezi ki tap mache ansanm avèk Jezi sou wout Emmaus, tande pale de Jezi, pandan dèzèdtan! Men, li di ke, je yo te vwale, pou ke yo pa ta wè Li ‘!

Koulye a, 2 disip sa yo soti Emmaus, yo te disip ki renmen Jezi anpil.

Yo te kapab wè Jezi devan yo ak 2 grenn je yo, men san yo pa ni wè ni san yo pa konprann. Zanmi, kouman sa ka posib ?

Nan Matye chapit 13: 13, Jezi te di: Se poutèt sa m’ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y’ap gade yo pa wè, lè y’ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann. Nan Matye 13:15, Senyè a te eksplike plis: « Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou Mwen geri yo

Tande se dabò yon bagay ki kole kole avèk eta kè nou!

Si kè nou vin frèt, fyè, vin gra, je nou rete avèg, konsa menm jan ak 2 disip sa yo, nou ka wè men san nou pa wè, tande, men san nou pa tande, epi menm jan zòrèy nou vin sere, kè nou tankou kè wòch. Tande Vwa Bondye depann totalman de eta kè nou!

Annou koute konvèsasyon 2 disip sa yo, jis twa jou apre lanmò Kris la:

Èske ou se sèl vizitè nan lavil Jerizalèm ki pa konnen bagay sa yo ki te pase nan jou sa yo?”

Jezi di yo: Ki bagay sa yo?

Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn Li: “Gen lè ou se sèl moun k’ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l’ amò, epi yo kloure l’ sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t’ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a.”(Lik 24: 18-22)

Si ou remake konfesyon yo, ou ka wè gen yon pwoblèm. Yo tap akize Bondye!

Gen yon dout nan konfesyon disip sa yo. De disip sa yo tap di, “Hey, nou te espere sa a, men li pat konsa.” Malgre yo te tande nouvèl rezirèksyon Li, yo te konfese dout pito, epi kounye a, malgre Kris tap mache bò kote yo, yo pa menm ka rekonèt Li.

Nan sezon sa a kote nap grandi pi fon, pou nou anrasine nou nan Kris, nou bezwen retire chak lasi nan je nou, touye fyète nou yo, rale zòrèy konfizyon, refite eksperyans ki fin vye granmoun epi refize rete nan konpreyansyon ki fin vye granmoun.

Pandan nou ap imilye tèt nou devan Bondye, se pou nou wè epi tande Vwa Bondye a avèk yon vizyon pigran pase tout tan anvan yo!

Nou espere seri sa a ap beni lavi ou! Pataje avèk yon zanmi. Se pou Senyè a louvri kè nou ak lavi nou pou tande Vwa li pi gran chak jou!