Analize lavi ou avèk 7 kle pou ranfòse fondasyon ou yo/

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

October 17, 2019

Eske ou pa janm mande tèt ou poukisa gen kèk moun ki rive monte trè wo nan lavi a, pandan ke gen lòt moun kap cheminen tou dousman sou wout chaje pousyè? Zanmi, ou bezwen analize e fouye lavi ou. Dezespwa ou genyen pou grandi nan Jezi Kris detèmine davans vitès ou fason ouap ka akseleratè pou w pwogrese!

Aplike 7 Kle sa yo ranpote laviktwa nan lavi ou:

1. Trete pase w ou listwa lavi ou

Ou pa ka ale lwen nan destine ou si ou pa konsidere e trete pase ou. Lè yon moun remèt tèt li e abandonen’l nan men Senyè Jezi, peche li yo padone. Men, anpil moun rete kole bloke paske yo pa derasinen peche nan lavi yo, menm si yo konfese peche yo. Malgre yo konfese konplètman Jezi Kris, esklavaj ap rete kanpe nan vi’w si pa trete pase ou.

Sonje ki jan Abraham te lite pou li mete Aga deyò nan lakay li? Bondye te blije parèt pou di Abraham, “Kite yo ale”. Si genyen kè brize nan pase ou ki toujou rete grave nan memwa ou, kite kòd lonbwit sa yo kase! Idantifye relasyon ak lyen sa yo, epi di yo: babay!

Pa montre pyès kè sansib pou pase lavi ou. Penga ou rezone avek istwa lavi’w epi pa karese li .

Kòm ou ap trete pase ou, ou dwe kite pati tout santiman ke ou toujou koupab pou peche sa yo. Tout moun sou latè fè peche, eksepte Jezi Kris. Satan ap fè ou sonje peche ke Bondye bliye depi byen lontan! Ou pa gen okenn obligasyon pou rete mare e blayi atè akòz pase ou. Seyè Jezi te padonnen ou, li mete ou an libète. Koulye a, se pou ou padonnen pwòt tèt pa ou!

2. Byen trete sezon Jodi-a

Sòm 1: 3 Mwen tankou yon pyebwa ki plante bò larivyè. Moun ki plante bò dlo, epi ki pote fwi (donnen) nan chak sezon.

Manman mwen renmen fè jaden. Yon jou li te montre mwen yon gwo touf bwa byen wo nan jaden an, ki te grandi pi plis pase tout lòt plant li te plante yo. Nan tè byen pwofon nan jaden an, plant yo te kapab pouse rasin ki fò anpil.

Kalite teren kote ou plante, detèmine fwi ke ou pote.

Anplis, fason ou pouse e grandi depann de fòs semans ki soti nan ou! Kèlkeswa sa ou envesti ou plante jodi a, pral afekte jenerasyon pitit ou yo.

Abraram te bay Mèlkisedèk ladim e Bib la deklare ke Levi te peye ladim li nan Abraram menm lè Levi pat ko fèt (Ebre 7:10)! Kouran dlo kote w plante a gene konfians epi afekte chak pati nan lavi ou.

3. Etidye fwi ou donnen pou etidye lavi ou

Nan peyi Lend, mango gen gou siwo myèl nan bouch. Lè mwen te ti timoun, mwen te konn gade papa m ‘kale mango, tranch mango byen dous. Yon jou, mwen te achte mango nan yon magazen lakay mwen nan vil Montreal. Mwen te eseye premye mango e m’te panse, petèt li te jis yon move grenn mango. Mwen te eseye yon lòt mango byen klere nan lo mango a kote a, e m di tèt mwen, mango yo te tèlman jòn, yo ta dwe dous. Apre 12 lòt esè pita, chak rezilta se toujou desepsyon : mango byen klere sou deyò, men mango sirèt sou anndan.

Malerezman, pou anpil nan nou se menm bagay la.

Nou ka gen gwo merit ak gwo don, men manke karaktè Bondye mande pou monte nan prezans Li.

Byeneme, lajistis/ladwati gen anpil pwisans. Gen yon Gras ki soti bò kote Wa a paske jistis Li ap travay pou leve nou monte wo nan Wayòm nan.

Aprann retire bagay pa pwòp nan lavi ou epi fè tèt mouri jou apre jou. Lè nou pote dwat devan Bondye nan Jezi, gen yon pouvwa ak onksyon ak otorite ki vini nan nou, pou fè limyè nou klere, konsa se nou pote chak mo, chak aksyon ak chak panse anba san Jezi. Nou dwe fè sa chak jou.

Olye pou w pouswiv avèk onksyon, konsantre w pito pou donnen fwi Lespri nan lavi ou. Konsantre pou w trete fanmi w avèk dwati. Trete moun ou renmen yo avèk pasyans, lanmou, jantiyès, fidelite, mizèrikòd, kontwòl tèt yo, dousè.

Ekzamine tèt ou: Èske mwen dous oswa eske mwen jis parèt dous?

Pitit ou, mari’w oswa madanm ou, pastè w ta dwe yo tout temwaye ke ou pi dous kounyè-a pase ane pase! Eske yap gen plis anvi pou rive jwenn Fwi ke ou pwodi yo oubyen plis anvi pou pouse panye fwi pa w la pi lwen.

4. Pwoteje antouraj ou:

Moun kap mache avèk ou kapab swa apiye w oswa distrè akitivite ou yo. Yon move zanmi ka detwi avni ou. Yon zanmi ka ankouraje w fè kòlè, oswa mache lwen nan lòt chemen lè ou ta dwe imilye tèt ou. Move konpanyi gate bon moral (1 Kor. 15:33). Renonse tout zanmitay avèk moun kap mache selon prensip mechan nan lavi a. Sa dwe fini/kaba nan lavi ou.

Èske w antoure avèk moun ki renmen Jezi jan ou menm ou renmen Li a?

Netwaye antouraj ou epi kenbe jaden ou pwòp et byen netwaye. Gen kèk moun nan lavi ou ke Bondye voye epi gen lòt moun ki antre nan vi w pou w fè mal. Aprann pran swen jaden ou ak tout antouraj ou, kenbe limyè ou limen. Aprann bon jan fason wayal/respektab pou trete ak kretyen vivan.

Rete fèmen sou tèt ou se pa yon rezon pou tounen yon kretyen tòti. Pa kite laperèz ou gen pou moun rive pote viktwa sou ou. Mete anba pye w fèb estim ou te gen anvan an pou pwòp tèt. Rete fèmen sou tèt ou, se pa yon chwa ditou! Jezi renmen moun, konsa ou dwe renmen moun tou. Travay pou fè zanmi selon plan Bondye.

Èske ou ka imajine si Ruth pwoteste e refize enstrilsyon pou ale kote Boaz? Fòk ou swiv enstriksyon ki soti nan syèl la pou jwenn benedidiksyon! Fè tèt ou soti bon e byen bwòdè! Aprann swiv pwotokòl yo.

Se pou limyè Bondye a transfòme chak ti kwen nan lavi ou

5. Rekonèt vwa Bondye a:

Si lènmi an gen pi wo altitid ou, li ka wè dwa kote ou ye a. Aprann entèprete lang Bondye a ak vwa Bondye a jwenn pèspektiv pi wo l ‘yo.

Sentespri a bay direksyon li yo bay moun ki rapid pou reponn li. Si Sentespri ape de w ou men ou refize, Malerezman, Doulè ap anseye w pwochen fwa

Aprann entèprete vwa Bondye a nan rèv, vizyon ak lapriyè. Chèche Lespri Bondye a devan tout lòt bagay. Etidye Vwa a ke Bondye te voye pou lavi ou. Laperèz ap lakòz sèvo ou fèmen, kidonk panche nan vwa yon moun Bondye voye pou gide ou pi devan.

Jwenn pèspektiv lè ou tande Bondye ou.

6. Piga ou sispann prye:

Kèlkeswa jan w ap viv avèk dwati, san lapriyè, lavi ou pa konplè, e menm si ou ap viv yon lavi apa se pa ton rezon pou w pa enterese lapriyè.

Le Seyè Jezi te pwomèt, “Si ou rete nan mwen epi mwen rete nan ou, kèlkeswa sa ou mande nan lapriyè, mwen pral ba ou li” (Jan 15: 4), Se poutèt sa, nou dwe devlope kominyon san fay ak Seyè a.

Majorite nan nou lapriyè jis konsa epi nou pa resevwa repons demann la priyè nou yo. Men, Bondye reponn lapriyè selon relasyon nou gen avèk Li.

Se relasyon ou avèk Bondye kap atire repons pou priyè ou yo.

Pèrsistans nan lapriyè ka fè Seyè a louvri pòt pou ou (Lik 11: 8).

Eske ou konsistan anpli nan pèsistans ou devan Bondye?

Yon fiyanse fidèl gen aksè a lamarye li. Kenbe frape pòt la pi rèd. Rete nan lapriyè tout tan. Konsa, lè lènmi an vini, ou pap dekouraje paske ou deja kanpe ak Seyè a.

7. Kite semans ou ak sa ou bay pale pou ou.

Anpil moun lapriyè anpil, men yo bay tankou moun chich, ofrann nou bay yo pale pi fò pase jan nou kriye devan Bondye.

Yon dam kouri al nan prezans Bondye epi li dekachte e louvre yon boutèy pafen byen chè ke li vide sou pye Jezi. Gen kèk istoryen ki kalkile ke pafen sa a koute plis pase senkant mil dola (50 000$). Li dekachte boutèy pafen an e vèse li sou pye Jezi Kris!

Si nou vle zanmi Bondye, nou dwe fonksyone tankou Bondye’. Jenewozite li pa gen parèy. Anyo a (Kris la) te mouri kòm sakrifis anvan kreyasyon fondasyon latè selon volonte Papa Bondye pou peche moun ki poko menm kreye!

Kote trezò ou kache, se la kè ou ye. Sa ou bay kòm ofrann gen pouvwa pou fè avanse anpil bagay ki mare avèk avni ou. Fè tèt ou yon donè ki konsetan.

Mezanmi, se pou fonksyone nan la vi a avèk èstrateji e bon jan entansyon epi gade kijan Seyè a ap fè gwo chanjman pou mennen w nan pwochen sezon pwochen ou an!

Nou espere ke 7 prensip kle sa yo libere desten/avni ou! Se pou ou monte avèk zèl tankou ègl, antre nan van Lespri a, epi monte wo pou glwa Bondye ki renmen ou an.