8 konsèy pou ou ka byen prepare-w pou sèvis dimanch yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

September 20, 2019

Ou pa janm mande tèt ou poukisa kèk moun jwenn anpil nan yon sèvis pandan ke ge lò gen lòt moun kip a jwenn anyen ditou?

Èske w panse jèn Jakòb tap pi byen dòmi kouche atè a nan dezè frèt la si li te konnen ke li tap repoze devan Bondye ki gen tout pouvwa a ?

Eske fason ke Jakòb wè prezans Bondye a ta ka fè li pa pè e pa kriye pandan li tap fè vwayaj la?

Zanmi mwen, legliz ou se yon kay pou Bondye. Nou pa bezwen fouye dezè a nan fènwa lannwit ni vwayaje gwo distans pou rankontre Bondye nou an. Li prezan isit la jouk devan nou!

Jezi, Seyè nou an te pwomèt : chak fwa de oswa twa kwayan rasanble nan Non mwen, Mwen la avèk yo! (Matye 18.20)

Kisa ou pral fè avèk revelasyon sa-a? Kòman ou pral bay Rwa sèvis lè ou konnen li chita jouk devan ou.?

Moun Bondye,Kreyatè nou an, rele dwe kenbe Saba a. Sèvis Dimanch nou an se yon jou apa apa rès semèn nan, pou chèche Senyè a. Èske ou ka konsidere tèt ou pou w fè yon enfliyans pozitif sou tout moun ki bò kote’w, e menm sou moun ki chita bò kote’w jodi dimanch sa a? Èske dife revèy la chofe kè ou avèk anpil atant, tankou Jakòb, pou ou simen lwanj, lè’w konnen ke legliz ou se Betèl, ki vle di: yon kote pou’n rankontre avèk Bondye ki gen tout pouvwa a?

Atansyon ke nou bay Segnè a ap fè li revele li nan yon fason ki pa gen parèy a nou men. Atansyon ke nou bay kay Bondye a ap kree yon anvironman pou prezans Bondye ka vini nan mitan nou. Tan ke nou pran pou nou prepare nou anvan nou vini nan kay Bondye ak prepare kè nou pou nou ka rankontre Bondye nan tanp lan, nan chak Légliz kote prezans li rete.

Men 8 bonjan konsèy kap ede nou prepare nou anvan ke nou al rankontre Bondye nan kay ki apa pou li a.

1. Fè silans nan kè ou devan Seyè a. Kite Bondye wè kijan ou anvi pou vini rasanble devan li. Pale avèk li. Fè li konnen ki jan ou eksite pou sèvis la.

2. Mande Bondye pou pale ak ou atravè Pawòl Bondye a. Priye pou okenn atraksyon oswa distraksyon lènmi an, pa anpeche ou bay Bondye tout atansyon san resèv.

3. Mete pi bèl rad ou genyen an, abiyew yon fason ki onorab anpil pou selebre Bondye paske ou vini devan Li pou adore Li.

4. Fè lapè nan kay ou. Retire tout konfli ak zizani nan mitan nou. Repanti devan Bondye pou nenpòt ki bagay ki pa akonpli jistis Bondye Seyè a. Nan nwit lavèy rankont la, chase lwen medya sosyal yo ak televizyon, pou kenbe kè ou ak panse ou konsantre pito sou Bondye olye ou pase tan w nan zèv lachè.

5. Prepare ladim ou ak ofrann pou Senyè a. Fè sa avèk avèk bonjan entansyon.. Si sa wap bay la pa deranje ou, li pap ebranle Bondye tou.

6. Vini bonè. Rete nan lapriyè. Ede nan sa ki nesesè pou sèvis la. Kenbe plas la pwòp. Sonje byen: legliz ou a se kay Bondye.

7. Lè premye premye chan adorasyon an kòmanse, santi ou lib devan Wa dè Wa a, devan Senyè tout chèf yo. Adore Li nan bote tout sentete li. Pa gade pyès lòt moun kap adore, ni pa okipe ou de moun kap gade ou. Konsantre’w sou Wa ou!

8. Resevwa e pran vòl ou. Koute la Pawòl avèk yon atansyon san limit. Reponn pawòl la ak chak bagay ki nan ou. Kòm Bib la di, selebre Pawòl Bondye tankou yon moun ki fèk dekouvri yon trezò nan jaden an. Renmen Seyè a ak tout kè ou lè Lap pale, resevwa epi monte nan prezans Li!

Se pou Dimanch sa a tounen Betèl ou! Se pou ou, tankou Jakòb, reveye nan lajwa, devan kokenn chenn Bondye ki gen tout pouvwa!