ANRASINE (pati 5) : ATIRE LWIL ONKSYON AN

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 8, 2021

Bonjou, zanmi lektè GTH! Nou espere ke ou ap byen pwofite pawòl pwisan seri sa a: ANRASINE nan prezans Senyè-a, Pawòl kap gide nou an pou lane 2021 an nan “Reveye Nasyon yo”.  Nan Pati 4 la, nou te konsidere kijan SWAF se yon bagay sipè esansyèl pou nou pousuiv Bondye. Jodi a, Pati 5 la konsakre sou KOUMAN ATIRE LWIL ONKSYON SENYÈ a! Èske ou konnen kisa ou bezwen pou atire epi kanale Lwil Onksyon sòti nan syèl la pou li vin koule nan lavi ou? Annou pwoche pipre, paske pwofèt Shyju Mathew, Fondatè Revive Nations, ap pataje bèl grenn pèl (trezò) nou jwenn nan lavi David, pou ede nou menm tou, atire epi kontanple syèl la nan lavi ou!

Zanmi mwen, èske ou pa janm mande tèt ou poukisa David te chwazi pou resevwa Lwil onksyon ki konsakre li pou vin Wa Izrayèl, olye youn nan 7 frè li yo?

Petèt, ou sonje istwa a: Bondye te voye pwofèt Samyèl nan kay Izayi nan Betleyèm, pou li vide Lwil onksyon sou youn nan pitit gason Izayi yo kòm Wa pou renye sou Izrayèl. Pwofèt la te rive e li te enfòme Izayi, “Sanktifye nou, mete tèt nou apa” epi li envite tout fanmi an ofri sakrifis nan Betleyèm.

Youn pa youn, 7 pitit gason Izayi yo pase devan pwofèt Samyèl. Men, Bondye pa chwazi okenn nan yo. Bondye fè Samyèl konnen “….Seyè a pa jije valè yon moun, jan lèzòm gade. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo (aparans deyò). Men, Senyè a gade sa ki nan kè moun.” (1 Samyèl 16: 7)

Anpil moun santi yo swaf ase pou resevwa onksyon. Men, èske ou rive nan nivo kote lwil Bondye a gade ou epi di: “Wi!”

Eliyab, pi gran pitit gason an, te vin tou pare, li te mete apa pou Seyè a. Li te prepare pou resevwa lwil la. Men, li pat rive atire lwil la. Dezyèm pitit gason an te vini epi lwil la pa bouje nan flakon an. Answit, twazyèm pitit gason an te vini, men lwil la te refize kite flakon an.

Byeneme, se pa ase ke ou atire pou resevwa Lwil la. Men Lwil la dwe deplase vin jwenn ou, ou dwe atire Lwil!

Èske tèt ou pare pou li wen avèk lwil onksyon an? Eske ou te prepare lavi ou, rive kote ou atire kounyè a favè, mizèrikòd epi gras Bondye?

Pwofèt Samyèl te gade 7 pitit gason ki te pase, epi li te mande Izayi, “Èske tout pitit gason ou yo isit la?” Izayi te eksplike, “Rete pi piti a toujou, men gade, li ap kenbe mouton yo.” Samyèl di Izayi konsa: Voye chache li ‘, paske nou pap chita repoze toutotan li pa vini isit la. (1 Sam. 16:11)

Pwofèt la te deklare, “Nou refize chita jiskaske ou mennen jenn gason sa a.” Lwil la te tann David!

Chè zanmi, Lwil nan syèl la ap tann yon jenerasyon ki swaf!

Gen yon lwil ki ap tann ou jodi a! Gen yon apèl Bondye ki ap tann, men lwil la pa pral rive kote ou ye a; ou dwe vini kote lwil la ye!

Tout frè David yo, yo te mete tèt yo apa paske yo te tande pale de lwil la. Men, David pat ‘gen tan konsakre tèt li – li te deja ap viv yon lavi konsakre! David te fenk soti nan jaden, li antre nan chanm lan epi imedyatman favè Bondye a sou Samyèl, pouse li vole kanpe epi di, “Wi, se li menm! Wen li!”

Gen yon langaj, yon kilti, yon konsekrasyon, yon atmosfè pou lwil Bondye a.

Lè lwil Bondye vini sou yon moun, li mete tèt li apa pou fè travay Seyè a. Men, anreyalite, se pa lwil la ki te lakòz David mete tèt li apa, se lefèt ke li te deja mete tèt li apa pou Bondye, ki te lakòz kounyè ke David dwe konsakre avèk lwil Bondye a.

David, yon ti gason an ki te konn adore Bondye nan jaden epi nan fon vale yo, ki te goumen avèk lous epi lyon gras a pwisans Bondye, yon timoun ki te viv pou kont li devan Bondye vivan an, David sa a, te viv apa pou Bondye. Li te viv tou pare pou resevwa lwil onksyon syèl la!

Ou ka etidye tout ekriti yo nan bil la: lè ou rive sou lwil la, wen oswa onksyon Bondye a trè espesyal. Ki sa ki fè li espesyal, se ke lwil sa a pa vin jwenn tout moun epi si li pa vini sou tout moun, kidonk, se sèten, ke ou pa ka tankou tout moun.

Èske lwil la kapab gade fason ke wap viv epi deklare “Ou se youn nan sila yo mwen fèt pou WEN!”

Èske Seyè a ka deklare, “Sila a se yon ki konsekre. Se youn ki mete li apa. Sila a se youn ke lezòm pa konprann. Se se youn ki fè bagay yo trè diferan. Fason a li adore diferan. Fason li priye diferan. Fason li bay diferan. Sila a se moun ke moun pa konprann. “

Kèk nan nou pa konprann poukisa lènmi an atake ou depi lè ou te yon timoun piti. Kèk nan nou pa konprann poukisa ou gen pou pase nan sèten sitiyasyon. Li sanble ke tout zanmi ou yo kontan, men ou mennm, ou gen yon lavi diferan, yon lavi apa apa. Oswa, lemond pa konpwann jan wap viv, men Lwil la te toujou konprann ou epi li rele ou pou mennen yon lavi apa pou Senyè a.

Pitit Bondye, Seyè a te kalifye ou pou resevwa lwil la, Li mete apa depi’w nan vant manman ou. Kòm Bondye te di Jeremi, “Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou kòm yon pwofèt pou nasyon yo.” (Jer. 1: 5)

Pran yon ti moman epi mande tèt ou:

  • Kouman mwen swaf pou bagay Bondye?
  • Kouman mwen dezespere pou bagay Bondye?

Nivo dezespwa ou manifeste kapab mezire nivo pri ke ou prèt pou peye pou yon lavi konsankre apa pou Bondye.

Si ou dezespere epi si ou grangou pou fè Bondye DEPLASE, si ou swaf Bondye, si ou atire toutbon pa Lwil la, alò, èske ou gen volonte peye nenpòt kèl Pri pou pwouve dezespwa sa a?

Se pou ou anrasine nan prezans Senyè a, nan vwa Bondye nou an! Se pou lavi konsakre n’ap menen atire Lwil la jodi a!