JEZIKRI: se bonjan EKILIB la [2e Pati]

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

January 19, 2021

Ki jan ou fè pou kenbe Ekilib nan lavi ou?

Manje an sante, fè egzèsis, dòmi yon bon kantite tan? Tout bagay sa yo bon, men eske ou konnen ki jan Jezi te viv nan yon ekilib konstan?

Lè nou gade JeziKri, nou ka wè ke Li pa te yon robo men yon imen (yon moun), menm jan ou menm ak mwen Jezi kriye sou lavil Jerizalèm (nan Lik 19:41). Li te kriye devan tonbo Laza (Jan 11:35). Jezi te gen emosyon epi li te klèman eksprime yo, men Jezi te toujou estab tankou yon wòch, Li pa janm kite detrès emosyonèl dirije Li, nan kominyon konstan li gen avèk Papa a.

Koulye a, nan Jaden Jetsemani, jounen lavèy krisifiksyon li a, sètènmen lènmi an te eseye detounen emosyon Jezi ; Men la ankò, satan te gen zewo siksè. Soti nan Batèm li nan larivyè Jouden an pou dènye souf li sou kwa a, Jezi te ranpli misyon li kòm Sovè lemond nan yon abandon total tèt li bay Papa a.

Men, kisa ki te fè Jezi tèlman angwase nan jaden Jetsemani (Matye 26: 36) kote dlo je li koule tankou san nan lapriyè? Èske Li te pè mouri sou kwa a, oswa li te pè doulè a ​​avèk tòti Li te dwe pote?

Si ou gade nan lavi Li, ou pral wè, ke li enposib pou Senyè Jezi ta pè lanmò, paske Li te aksepte misyon san okin pèrèz, epi Li pataje avèk disip Li yo pawol sa a: ” Okenn moun pa ka wete lavi’m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou’m bay li, mwen gen pouvwa pou’m reprann li ankò. Se sa menm Papa a te ban mwen lòd fè. ” (Jan 10:18).

Non, zanmi, Jezi nou an pat pè lanmò. Kòm yon ti Mouton pafèt pou ekspyasyon peche lemond antye, Jezi te konnen gen yon moman terib ki pral rive kote Papa a ta va vire figi Li lwen Pitit la, Jezi te redoute moman sa pi plis pase tout lòt bagay.

Sa, se te reyalite sou lakwa Golgata a:
“Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè Li pran sò nou sou Li, yo trete Li tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò avèk Kris la, Bondye fè nou gras! (2 Kor 5:21)

Nan jaden Jetsemani an, Jezi te mande Papa a, pou evite separasyon sa a nan tout pri, paske li te pè pèdi prezans Bondye pou menm yon moman. Finalman, Jezi rann tèt li, “Se pa volonte mwen, men se volonte ou ki pou fèt”, avèk menm krent epi reverans li te toujou kenbe chak jou nan lavi Li devan Papa a (Matye 12:50, Jan 6:40).

Jezi, Seyè nou an, te viv chak moman Li sou tè a ap chèche volonte Bondye, avèk yon plezi konstan nan prezans Bondye Papa nou. Peche ak absans lapriyè pat janm yon lapenn pou Li.

Mezanmi, eske zèl pou rete kole nan pwoksimite Li ap boule nan kè ou? Èske’w priye avèk anpil fòs? Èske ou kouri pou peche? Èske ou sansib a nenpòt ki separasyon avèk Papa a ki renmen ou, tankou Jezi, Seyè nou an te viv?

Definisyon Ekilib: se lè ou rete nan mitan volonte Bondye. Jezikri, Seyè nou an, te montre nou ki jan, “paske Li te viv Li chak jou”.

Si ou te beni, tanpri pataje avèk yon zanmi, bay kòmantè ou yo sou nenpòt nan sit entènèt rezo sosyal “Revive Nations” yo.