Prepare nou pou Lè Minwi kase (3e Pati): KONDWI PA LESPRI – Ki bagay sa mande nou.

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 29, 2020

Nou akeyi epi nou swete byenveni pou tout zanmi lektè « Reveye Nasyon yo » avèk nouvo Seri eksitan sa a: “Prepare nou pou Lè Minwi kase”. Jodi a, 3e Pati sa a pale sou : « Kondwi pa Lespri Bondye “, kote pastè Shyju deklare yon pawòl pwisan pou Legliz. Si ou pat gen chans li premye pati yo, ou kapab klike isit pou jwenn premye Pati a “ Bati yon Revèy. Pou ou jwenn 2e Pati a klike sou “Anmoure JeziKri yo – ranpli avèk konsistans. Nou swete ke ou byen pwofite pawòl sa yo, souple pa bliye pataje yo avèk zanmi epi fanmi ou yo!

Revelasyon 1: 10 “Mwen te nan Lespri Bondye a nan jou Seyè a, epi mwen tande yon gwo vwa dèyè do mwen ki sonnen tankou yon klewon“.

Jan, te ekzile sou yon zile rampli gwo wòch, kom pinisyon paske li te refize mouri lè yon mete li nan yon gwo chodyè Lwil bouyi selon dekrè anperè Women a. Otorite voye apot Jan repoze nan yon nouvo kote ki rele, Patmòs, yon ti zile pèdi kote ki pat genyen anyen ditou, okenn kondisyon, ki ka pèmèt yon moun viv:

· Kote sosyal, Jan te sosyalman izole sou zile Patmos.
· Kote emosyonèl, Jan tap viv pou kont li sou yon zile ranpli vèk gwo wòch.
· Kote fizik, pi gwo defi pou apot rete vivan (siviv) se rive jwenn Manje, Dlo pou li bwè, epi Sekirite (bèt sovaj ka devore li nempot kilè).

Sa sanble tètkoupe jodi a avèk sitirasyon karantèn pou Covid-19, men izolasyon Apot Jan an te dire plisyè ane.

Sètènman, lènmi an te vle fè Apot Jan mal, men Bondye fè ke plas sa a vin tounen yon gwo avantaj. Nan plas arid dezètik sa a, Apot Jan kiltive yon anviwònman rich kote li rete nan Lespri Bondye a epi resevwa (rekòlte) Liv Revelasyon an!

Nan Ansyen Testaman an, pwofèt Ezekyèl te fè yon esperyans ki menm jan an tou.

Ezekyèl 1: 3 “Seyè a te pale ak Ezekyèl, yon prèt Bondye, pitit gason Buzi, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, epi li santi men ak pouvwa Seyè a li “.

Ezekyèl te viv senk ane nan kaptivite, epi men Seyè a vini sou li. Alòske lòt moun yo ki te kaptivite avèk li pat ka inevitableman sipòte chòk ak kondisyon pou viv nan sitirasyon kaptivite, Ezekyèl te rete konekte avèk Sous li (Lespri Bondye).

Nou wè pi lwen nan pasaj sa a ke Bondye nonmen Ezekyèl kòm yon Santinèl. Anvan je Ezekyèl te louvri pou wè vizyon, menm anvan zòrèy li yo te louvri pou tande vwa Bondye, nan sitirasyon kaptivite, Ezekyèl te antrene pwop kò li pou rete nan prézans Seyè a, malgre anviwònman difisil kote li tap viv.

Pèp Bondye, eske nou ka vini nan yon plas, kote menm lè li pa Pratik, nou pa alèz, pou nou trete kò nou anba soumisyon, nan pwen pou n’attire men Seyè sou nou?

Annou reflechi sou Danyèl ak zanmi li yo, yo te prizonye tankou Ezekyèl. Te genyen kèk santèn lot jèn moun yo brote an ekzil, men Danyèl ak twa zanmi li yo te mete apa.

Yo te gen yon vi inik epi apa. Chwa pa yo te diferan. Yo te deplase nan yon ritm diferan.

Danyèl, te tèlman klè sou lè li te fikse pou lapriyè, menm nan ekzil, li te pran prekosyon pou pwòp kò chanèl li mouri grangou.

· Yo ofri diven yo bay wa a bwè, Danyèl te refize li.
· Yo montre li yon long tab ranpli ak tout kalite manje wa a (yon bonjan bifè), li te refize li.
· Yo pwoteste, yo di “Hey, sa a se fason tout moun fè!”
· Danyèl te monte zepòl li epi li di: “Pa mwen menm.”

Pou kenbe koneksyon nou avèk Lespri Bondye a, nou dwe viv yon estanda diferan epi mache fonksyone nan yon ritm diferan de lòt moun yo. Danyèl, Ezekyèl, Jan, chak te adapte tèt yo avèk ritm Bondye mande, yo tout nan diferan moman defi ak opresyon lènmi an.

Apot Pyè te konprann batay la byen. Se poutèt sa li te ankouraje legliz la konsa: ” Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a kap goumen kont nanm nou” (1 Pyè 2:11)

Apot Jak idantifye trèbyen batay oswa lagè nap mennen kont kò a, lè li di: ” …. move lanvi ak pasyon kap goumen nan kò nou.” (Jak 4: 1)

Apot Pòl konsantre sou sa ki esansyèl, lè li ekri: ” Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye ” (Kolosyen 3: 1)

Lavi Apot Pòl se yon leson santre sou lit kwayan an, men li te ekri de tyè nan Nouvo Testaman an, sa vle di ke Pòl te toujou rete anba Men Seyè a.

Èske ou ka chwazi pou’w kenbe rete konsantre sou Seyè a, malgre zeprèv ak difikilte ki devan ou?

Zanmi, nou menm kretyen se moun inik. Pifò ke nenpòt preferans, nan reyalite tout bonvre nou nou se lespri ki abite nan yon kò. Yon lespri pa kapab ap pouswiv bagay kò chanèl dezire. Dezi nou yo dwe konsantre sou Lespri a, men anpil nan nou pase twòp tan ap chèche bagay dezi pou kò a, nou vle plis sa kò nou mande epi sa fè nou divize kòm kretyen.

Seyè Jezi te eksplike Nikodèm sa avèk pasyans, lè Farizyen an t’ap chache konprann, ” Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye” (Jan 3: 6)

Byeneme, si nou fèt nan Lespri Bondye a, nou afekte pa Lespri Bondye a, ranpli avèk Lespri Bondye a, nou gen pouvwa Lespri Bondye a bay: Alò: Jezi rele nou lespri!

Ou diferan de moun ki pa leve nan Kris la. Moun ki nan Kris la, ou tankou van an!

Jezi te esplike, “Van an soufle kote li vle. Ou tande bri lap fè. Men, ou pa konnen ki bò li soti, ni ki bò li prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye “(Jan 3: 8)

Lè Lespri a kondwi nou, nou ap viv avèk pwisans, men si anpil nan nou kite vag yo lanse nou adwat agoch, plis konsantre sou divizyon, rete nan laperèz ak enkyetid, olye pou yo repoze nan bonte Senyè a.

Jak 1: 6 di: ” Men, se pou li mande ak konfyans nan Bondye, san li pa gen dout. Paske, moun ki gen dout, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Yon moun ki gen dout, manke lafwa nan Bondye, epi yo vin tankou yon vag ke van ap boulvèse.

Zanmi, ou dwe fè pwòp Chwa ou. Ou ka chwazi, swa pou’w se yon lespri ki dirije pa Bondye, van an ki pouse vag yo, oswa yon moun ki tankou vag ke van ap pouse, ki toujou ap viv avèk dout epi lapèrèz. Premye a se yon vanyan sòlda ki te dirije pa Lespri Bondye; dezyèm lan se yon timoun ki dirije pa lachè.

Nan sezon sa a, èske w ap konsantre tèt ou sou Seyè a oswa nouri pwòp kò ou? Èske se Seyè a ki ap mennen ou, oswa ou kite demand kò a, pasyon kè ou yo epi laperèz kondwi ou?

Byeneme, se pou Lespri Bondye leve nou, nan plas ke ou pral kòmanse wè sa. Nan tout domèn nan lavi ou, se pou Lespri Bondye a mennen ou epi kondwi ou! Fè ke chak kote ou ye tounen yon plas kote Men Senyè a kapab jwenn ou!

Pou koute mesaj sa a nan antye nan lòt lang, klike isit la pou jwenn messaj la an Angle, Italyen, Fransè, Malayalum, Punjabi, Panyòl ak Hindi!

Angle: https://www.youtube.com/watch?v=kKrUkt8JM3M
Italyen: https://www.youtube.com/watch?v=wSd9HRaAISE
Fransè: https://www.youtube.com/watch?v=vukT3X9ngHU
Malayalum: https://www.youtube.com/watch?v=3TzB0xWzY6U
Punjabi: https://www.youtube.com/watch?v=BWtk0HTbl1M
Panyòl: https://www.youtube.com/watch?v=FYdnj_pkVUY
Hindi: https://www.youtube.com/watch?v=CV-zk-__p4I

“Revye Nasyon yo” envite ou pou pataje sa a blòg sa a avèk yon zanmi epi gaye pawòl la ki preche ke nou mete disponib nan 7 lang sa yo!

Ke Bondye beni ou pandan ke ou ap pouswiv rete kolekole avèk Li jounen jodi a!