Preparasyon pou lè minwi kase (2e Pati) : ANMOURE JEZIKRI – Ranpli avèk Konsistans

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

June 19, 2020

Nou akeyi tout manm Fanmi « Reveye Nasyon yo » ak lektè nou yo avèk yon nouvo Seri eksitan: “Preparasyon pou lè minwi kase”. Jodi a, 2e Pati sa a pale sou : « Anmoure JeziKri yo: ranpli avèk konsistans”, pastè Shyju deklare yon pawòl pwisan pou Legliz la leve tankou Anmoure JeziKri yo, ke Seyè a ap tann. Si ou te rate premye Pati a, klike isit pou jwenn li.

Èske ou pa janm mande tèt ou poukisa kèk moun jwenn epi resevwa anpil bagay soti nan syèl la, pandan ke gen lòt moun ki sanble soud pou tande Vwa Bondye? Eske ou vle dife tou frèch nan men Seyè a jodi a?

Mete tèt ou ansanm ak nou pou etidye Entwodiksyon sa a sou liv Revelasyon. Se pou Seyè a manifeste avèk fòs Prezans Li pou ou rankontre jodi a pwòp Verite Senyè a!

Revelasyon 1: 9: Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M’ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki Wa a, kit se pasians Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon zile yo rele Patmòs pou prizon paske mwen t’ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te moutre a.

Se apòt Jan ki ekri liv Revelasyon an, baze sou vwayaj pèsonèl li ak rankont ke Bondye te bay sèvitè Bondye sa a pou beni, gide epi enstwi legliz la.

Ki moun ke Apot Jan te ye?

Se te pi piti nan disip Jezi yo, yo te rele Jan disp ke JeziKri “renmen anpil la”. Jan mete tèt li sou zepòl Jezi Mèt li nan tout okazyon. Jèn gason sa a, nan tout disip yo, te entèlijan ase pou li toujou mete tèt li pi pre Mèt la.

Apòt sa a (Jan), te montre tout bonvre ke li te genyen yon Lanmou konsistan pou Senyè a. Jan pat nesesèman mache sou dlo oswa fè bagay dramatik tankou lòt disip yo, men li te tèlman konsistan nan renmen, ke bò kwa a sou Kalvè, lè tout lòt moun kache, Jan te kanpe prezan, nan pye yo Jezi ki te sou kwa a.
Lè Seyè Jezi gade anba, li te ofri manman cheri li a bay sèl grenn disip byeneme a ki te kanpe devan Li.

Senyè a pa ka fè konfyans a moun ki pa prezan.
Jan te kanpe prezan, lè tout lòt moun yo te pati.

Pifò nan nou ta renmen ke Bondye itilize nou. Nap rele : “Seyè, mwen vle pou Ou itilize mwen!” Anpil nan nou, nou deklare kijan nou renmen Seyè a anpil, men lè moman difisil yo vini, eske nou rete kanpe debou? Chè zanmi, annou pran leson nan men Apòt Jan:

Tout sa ou bezwen fè : se pou yo toujou jwenn ou konsistan epi disponib. Bondye dwe toujou jwenn ou disponib.

Pwoblèm nan ak jenerasyon nou jounen jodia, nou kapab trè disponib pou apeprè yon semèn. Nou kapab rete eksite epi zele pandan kèk mwa, men lè Lènmi an teste pasyon nou yo avèk kèk difikilte, tankou 10 lòt disip yo, nou kouri kite Sila a ki pa janm abandone nou.

Konsistans se premye makfabrik yon Anmoure JeziKri.
Yon Anmoure Jezi toujou disponib, kanpe 2 pye sou tè, ap kouri dèyè kè Senyè a.

Kit se twa semèn, twa mwa, twa ane oswa twa deseni, nou toujou jwenn anmoure Jezi yo devan Li, epi pou moun yo ki rete kanpe, Seyè Jezi revele tèt Li ba yo.

Koulye a, Apòt Jan pa pou kont li nan listwa kòm Anmoure Bondye fè konfyans avèk gwo revelasyon. Yon lòt anmoure ki te gen yon gras, yon favè pou li wè dè milye ane jouk la fen dètan. Yo rele li pwofèt Danyèl.

Lè zanj Senyè a te parèt pou li salye Danyèl, Li te rele li: Byeneme! (Danyèl 10:11) Danyèl sa a, byeneme Bondye, eske ou konnen sa ki fè fòs li te genyen kòm yon anmoure Bondye? Se te Konsistans li! Danyèl te genyen menm konsistans la pou pouswiv epi onore Bondye.

Chak maten, apremidi epi aswè, yo te toujou jwenn Danyèl sou jenou li yo ap lapriyè. Lènmi li yo, ki te espere fè li tombe epi pyeje Danyèl, pat kapab jwenn okenn fay bò kote nonm ekselans sa a. Sèl grenn fòt ke yo te ka jwenn, se te lavi priyè fidèl Danyèl, se konsa yo te deside itilize sa kont li. Danyèl sa a, byeneme Bondye, te pito fè fas a machwè lyon yo olye pou li kraze devosyon li gen pou Bondye Toupwisan an (Danyèl 6).

Lè ou konsistan nan ouap pouswiv Bondye, ou vin tounen yon gwo menas pou lènmi an. Li pral fè tout bagay pou eseye kraze konsistans ou avèk Senyè a.

Zanmi Bondye yo mete tèt yo apa.
Yo se destine.
Yo fasil pou idantifye yo nan fason yap pouswiv Senyè a sanrete.
Yo montre piplis pase yo pale.

Konsistans.

Bondye ap chèche yon moun ki gen gras Bondye ki renmen tankou Jan, ki gen estabilite tankou Danyèl, ki gen kontwòl tèt yo, yon gras pou tolere gwo doulè lè lènmi an ap eseye pi gwo nivo tribilasyon. Nan entimidasyon ki pi pre a, ou pap jwenn Anmoure Jezi yo ki renye Seyè yo. Kit zanmi li yo ale, kit yo abandonen, menm jan avèk apòt Jan, yap jwenn yo kanpe fèm, byen plante nan pye Jezi.

Jan te tankou yon Anmoure Jezi, ke nonm Bondye sa a pat rive mouri lè yo te mete li nan yon chodyè ranpli lwil cho kap bouyi, menm si Anperè Women an te bay lòd “pènn lanmò”, lavil Wòm voye apòt Jan byen vit nan zile Patmòs, ki ranpli ak wòch epi yo kite nonm sa a yo mouri ak ankò, men Jan detounen plan yo!

Pou yon timoun ki renmen Jezi, rejè a se yon opòtinite pou kreye Jaden Eden sou tè a epi pou ou mache poukont ou avèk Senyè a nan jaden sa a! Kanmaradri ki pafè se fratènite avèk Sentespri a! Anmoure Jezi yo pwospere nan solitid avèk Wa a.

Se nan zile Patmos, nan yon plas izole epi separe, ki pa genyen okenn konfò, Jan apòt byeneme a te fè eksperyans yon seri gwo rankont nan syèl la ki pat janm anrejistre anvan, Liv Revelasyon JeziKri la.

Pèp Bondye, Seyè Jezi a ap chèche anmoure Jezi pou kòmanse yon vwayaj avèk li, pou Li revele tèt Li nan yon fason ke jenerasyon anvan nou yo pa janm eksperimante! Seyè a ap prepare yon bèl bagay glorye pou Lamarye a kap chèche Seyè a avèk yon pasyon renouvle nan « Lè minwi kase » sa a!

Koute rèl Lespri a:
Sa a se tan pa’w pou ou tonbe damou konplètman pou Jezi ankò! Se pou ou dekouvri trezò lavi a kòm Anmoure JeziKri! Se pou ou menm avèk tout moun lakay ou reveye! Se pou dife revèy la boule epi klere byen, pandan ke nou tout ansanm, ap prepare nou pou retou Seyè a!

Pou koute tout mesaj sa a konplètman, ou ka ale tande sèvis la, nan lang

Angle: https://youtu.be/BWF5NvhG3rw
Italyen: https://youtu.be/EjRL7CQzR0Y
Punjabi: https://youtu.be/EdvX8KzlkC8
Hindi: https://youtu.be/m0bebhjRaY0
Malayalam: https://youtu.be/Jqs6K7l7MZo
Franse: https://youtu.be/E4oaoMHCZLw
Panyòl: https://youtu.be/8Vmgm2axX9I

Ministè Reveye Nasyon yo byen kontan ofri Pawòl la nan 7 lang sa yo! Si ou gen yon zanmi ki ta benefisye nan tande Pawòl la nan lang manman yo, tanpri pataje, pandan ke ansanm, nap reyisi jwenn Nasyon yo pou bèl Glwa Seyè a!