Fòmasyon sou Lagè Espirityèl: 2e Pati – Konsidere epi Obsève Anviwònman ou

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 7, 2020

(Nan seri enteresan sa a sou Fòmasyon ak antrenman pou Lagè Espirityèl, pwofèt Shyju pataje kè li sou kòman pou nou pwoteje anviwònman nou! Si ou te rate premye Pati a, li disponib Klike isit pou jwenn li. Semèn pwochen, nou pral eksplore Estrikti nan legliz la, se yon ansèyman pwisan pou fòme epi antrene vayan gèrye yo ki nan kò Kris la!)

Zanmi, èske ou konn janm achte yon plant, sèlman pou ou wè plant la fletri epi mouri paske ou bliye wouze li epi bay li dlo ? Oswa ki sa ou ta di konsenan Plant ke ou te nwaye aksidantèlman lakay matant ou paske ou te wouze li twòp, jan fèy yo vinn jòn epi tonbe fè yon pil … oh ohs?

Zanmi mwen, pouke yon plant rive grandi epi pote fwi, nou dwe konsidere anviwònman kote li plante a.

Annou reflechi ansanm sou yon pye pòm: Ki pyebwa ki pwodui plis pòm, èske se sila a ki plante nan yon lakou sal plen raje san li pa jwenn pyès swen ni konsiderasyon, oswa èske se pye pòm ki jwenn anpil atansyon ak netwayaj, ke yon kiltivatè ekspè wouze kòrèkteman epi netwaye tout raje nan anvirònman kote pye pòm lan plante a?

Sètènman, tou 2 pyebwa yo pral pwodwi epi donnen pòm, men sila a ki jwenn yon anviwònman estratejik ki resevwa bonjan swen ap toujou pwodui plis fwi. Kapasite pwodiksyon yon pyebwa konekte dirèkteman avèk fason nou kenbe epi netwaye anviwònman li. Yon anviwònman ki byen konsève avèk bon konprann, estrateji epi entansyon pral bay fwi egzakteman jan pye pòm nan te fèt pou donnen fwi paske anviwònman an detèmine kapasite pwodiksyon plant la.

Nou pral wè yon menm dinamik la nan lavi yon kwayan. Menm si nou ka renmen Jezi, si nou pa pran prekosyon ak anviwònman nou, menm si se anviwònman fizik, mantal, emosyonèl, tankou yon jaden ki pa gen bon swen, kwasans espirityèl nou kòm kwayan ap sibi menm konsekans yo.

Fwi yon kwayan pote ka sispann akòz move zèb peche avèk tètchaje negatif. Menm jan yon pyebwa pap ka pwodwi selon tout kapasite li lè yo pa ba li swen ak entretyen ke li bezwen, yon kwayan ka limite nan kwasans espirityèl li yo lè kwayan an plase nan yon anviwònman ki pa swanye ki pa netwaye.

Men yon bòn nouvèl: Lè yon kwayan fè envantè sou anviwònman pèsonèl li yo, grenn envestigasyon sa a pou kont li pwodui deja anpil efè nan lavi kwayan sa a!

Zanmi, menm jan ouap chache Sentespri epi ou kòmanse idantifye zòn nan lavi ou ki bezwen chanjman, kwasans espirityèl ou ap vin chanje tou.

Jounen jodi a, se pou ou fè envantè nan anviwònman ou paske travay sa a pral ogmante kapasite ou pou pote fwi nan Lespri Bondye.

Yon ti mo nan prekosyon: Se pou ou egzijan epi trete tèt ou trè di, men ou pa dwe twò difisil avèk tèt ou! Lè nou idantifye kèk chanjman ki nesesè nan lavi nou, byeneme frè ak sè mwen yo, konsa nou jwenn plis sajès ak bon konprann! Se pou nou gen kè kontan pou gras ak favè Bondye revele nou epi se pou nou rete rezonab pandan nou kòmanse vwayaj la kap transfòme lavi nou.

Konsidere anviwònman fizik ou:

Ki kalite anviwònman ke mwen kreye fizikman bòkote mwen? Prezanz salte fizik kapab imaj salte espirityèl nan lavi ou. Èske gen bagay kap tonbe kraze nan kay kote ou abite? Èske kay ou nan yon movèz eta? Èske ou te kite bagay krase epi ki pa antreteni san ou pa repare yo? Èske kò ou an sante? Èske w pran swen lijyèn kò ou?

Zanmi, menm jan ou konekte nan plizyè fason avèk Lespri Bondye, fason ou pran desizyon ou yo ap vin taye selon preferans syèl la. Plis syèl la ap touche lespri ou, gou ou yo, estil ou, zanmi ou yo, chwa lavi ou yo, chak aspè anviwònman ou yo ap kòmanse chanje. Gade epi etidye byen anviwònman fizik ou epi kòmanse reflete lòd syèl la nan anviwònman bòkote ou sou tè a.

Analize anviwònman mantal ou:

Anviwònman mantal ou gen 5 fenèt: manyen, goute, je/gade, tande epi pran sant. Tankou fenèt yon kay, se sans imen sa yo ki kreye anviwònman mantal ou, se poutèt sa ou dwe fè anpil atansyon epi veye sou sa ouap gade ak je ou epi sa ouap tande ak zorèy ou. Menm yon senp film ou gade ka detounen ou. Sans sa a ke ou ranmase avèk je ou oswa avèk zòrèy ou, ka kreye nan tèt ou kèk move panse ki te ka altere epi chanje ADN espirityèl ou. Ou pa dwe fè okenn neglijans konsènan anviwònman bòkote ou. Se pou ou konsidere chak sa ouap panse epi chak eksperyans ouap fè nan mond natirèl la.

Bib la di : “Kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou” (Rom 12: 2). Zanmi, se pou ou panse yon fason diferan. Se ou menm ki responsab kay ou, fanmi ou, maryaj ou, jaden ou, konsa se pou’w chèche Seyè a pou konprann kijan sistèm syèl la fonksyone, kijan estrikti Bondye yo travay,f ason ke bonjan pratik ka pase soti nan yon papa bay pitit gason li. Se pou ou kite tout lespri ou ankadre pa Lespri Bondye a.

Obsève anviwònman emosyonèl ou:

Mande tèt ou, èske lide mwen yo kreye yon dezòd nan anviwònman emosyonèl mwen an?

Ranje anviwònman emosyon ou yo, kòmanse renouvle lide ki nan kè ou. Anviwònman emosyonèl ou se yon rezilta ki soti nan pwosesis mantal ou, epi sa afekte enfliyans zanmi ou yo, panse ou, ak anviwònman ou yo.

Fè yon envantè: Poukisa ou pèmèt kèk bagay tabli lakay ou?

Ou pa ka pèmèt sèten panse abite anviwònman mantal ou. Emosyon ou yo se yon imaj anviwònman mantal ou epi tou lède dwe ranpli avèk limyè!

Rete kalm:

Si ou pale avèk nenpòt vanyan sòlda nan lavi natirèl, yo ap di ou ke “yon nan fason ki pi enpòtan pou’w ka gen viktwa se lè ou rete emosyonèlman kalm”. Souvan anvan yon batay, konbatan yo konn provoke advèsè yo; yo fè nenpòt dekarasyon ki ka afekte epi deranje emosyon lòt advèse a, paske si li rive fè advèsè a fache, se konsa preparasyon mantal advèsè a ap deranje epi afekte batay la.

Chè zanmi, mem si sezon pèse nan lavi ou ou pran anpil tan, penga ou bandonen ni bay vag. Kenbe fèm epi pa enkyete tèt ou, jis kontinye batay la epi ou dwe rete kalm pandan ouap goumen.

Pandan ou kòmanse fè rechèch sou anviwònman ou, rete plonje nan Pawòl Bondye pou yon tan pwolonje, jiskaske chak ADN ou rive chanje. Ou ka pote sa alantou ou!

Yon viktwa imedyat pa enpòtan menm jan avèk bati epi repare fondasyon ou. Plis ouap transfòme, se plis kwasans ap vin jwenn ou, nan kè ou, nan karaktè ou, nan anviwònman ou, pandan ouap pote estrikti, ou mete lòd, epi, zanmi byeneme, ou pral pote anpil fwi.

Tout glwa se Bondye!

(Zanmi Reveye Nasyon yo, nou espere ke ou pwofite seri enteresan sa a sou Fòmasyon ak antrenman espirityèl pou lagè! Tanpri pataje seri sa a avèk yon moun ke ou renmen epi nou swete ke lavi nou chanje pou tout tan!)