KOUMAN MILTIPLIYE LAGRAS AK LAPÈ (2e pati nan seri etid sou Idantite nou)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 5, 2020

(Nou priye ke Bondye fè ou pwofite nouvo seri sa a sou « Idantite nou» ke pastè Shyju Mathew, ki se Fondatè Ministè «Revive Nations ». Pou ou gade premye pati seri a, klike isit pou wè kòmansman seri a)

Malgre meyè plan ke nou fè, nan mond okipe sa a, nou distrè epi nou pèdi konsantrasyon, konsa nap viv yon lavi sèlman pou pwòp tèt nou. Fason nou gade monn lan kreye nan nou yon kè ki vin twò abitye avèk Bondye.

Lè nou ranplase krentif pou Bondye avèk yon lis manch long « bagay nou gen pou fè », nou vin tounen yon moun ki san rezilta, ki sèlman pote Non li, men san yon vrè reyalite kòm pitit Bondye. Nan mizèrikòd li, Bondye kite nou nan men pwòp bondye ke nou kreye, jouk lè lavi sanvi a kondwi nou epi menen nou tounen nan bra lanmou Senyè a.

Abraram te lite avèk presyon la vi a tankou nou, li te fè fas a pwoblèm maryaj, diskisyon sou travay, pwoblèm kreye pa deplasman li yo, pwoblèm avèk lafanmi, menm pwoblèm lagè. Men, Abraram te pran dipozisyon pou jenerasyon li a selon chemen Seyè a, epi li mete sou pye yon sistèm lafwa (konfyans) nan Bondye ke kwayan yo kontinye benefisye jouk jounen jodi a.

Ki jan Abraram te fè sa?

Abraram te viv kòm yon nom ki fonksyonen avèk entansyon estratejik, li te seten epi klè nan tèt li konsènan idantite li devan Bondye. Obeyisans Abraram nan tout kòmandman Bondye yo montre trè klèman bonjan entansyon li.

Nan Jenèz 22:1-3 …. Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè Li. Bondye rele li: Abraram! Abraram! Abraram reponn : Men mwen wi! Bondye di li : Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, ou va monte sou tèt mòn mwen pral montre ou la. Lè ou va rive la, ou va sakrifye li. Apre sa, ou va boule li nèt kòm sakrifis pou mwen. Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak 2 nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou li fè dife pou boule vyann bèt lap ofri kòm sakrifis a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di li a.

Byenneme, penga ou janm vini twò abitye avèk Bondye vivan an! An nou aprann bonjan fason pou pratike krentif pou SENYÈ a. Se pou nou mete konfyans epi obeyi Bondye ki renmen nou an!

Abraram te mete konfyans epi obeyi Senyè a paske li te konnen ke Bondye li a Fidèl

Ebre 11:17-19 eksplike nou:
Se paske Abraram te gen lafwa nan Bondye, apre li fin teste (gwo kalite eprèv), ke li te ofri bay Seyè a Izarak, sèl pitit gason li an ki te resevwa pwomès ke «Desandans Abraram gen pou soti nan Izarak epi pote non li pa pitit sa a». Abraram konsidere ke Bondye kapab menm leve lzarak soti vivan nan lanmò, nan yon sans figire, li tap rejwenn pitit la ankò byen vivan.

Repons Bondye bay pou obeyisans 100% Abraram nan, rete make istwa tizòm depi tout tan.

« Mwen te pwomèt pa tèt mwen menm, se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske ou te fe sa a, ou pat kenbe pitit gason ou lan, ki se sèl pitit gason w, mwen pral lage anpil benediksyon sou ou. M’ap ba ou anpil anpil pitit, tankou zetwal nan syèl la, anpil pitit tankou grenn sab bò lanmè. Yo va bat tout lènmi yo epi ranpoté laviktwa sou anpil vil lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon ». Paske ou te obeyi vwa mwen. Mwen gen yon plan pou leve yon nasyon ki gen krent pou Bondye. Nan ki moun mwen ka mete semans la? M ap depoze semans sa a andedan ou, epi map gate si ou fidèl. Lè Bondye te wè pa gen anyen ke li pa ta bay Bondye, lè sa a, Seyè a beni semans la. (Gen 22:17)

Eritaj Abraram ap kontinye jouk jounen jòdi a, avèk jwif yo ki reklame peyi Izrayèl la kòm peyi yo avèk Abraram kòm patriyach (Gran papa) yo oswa pa nou tout, ki grefe atravè Jezi-Kris, rele Abraram, papa nou nan lafwa. Genyen milyon sou milyon moun ki rele Abraham, papa yo : Mizilman, Jwif ak Kretyen, anpil tankou zetwal nan syèl la ak sab yo bò lanmè a.

Seyè a ap toujou teste ou anvan Li miltipliye ou. Menm jan ak Abraram, rekonpans lan ka afekte mil jenerasyon!

Abraram te resevwa pwomès Bondye pou bay li yon pitit gason lè li te gen laj 75 lane, men finalman, ti bebe a te rive fèt lè Abraram te rive nan laj 100 lane! Epi, se pitit sa a Bondye te mande li ofri kòm sakrifis. Abraram, ki te vrèman konnen Bondye li a, di: wi. Apre tèst la, lavi Abraram te vin san parèy avèk benediksyon, enfliyans epi favè ki soti nan Bondye.

Pou rete fidèl, byeneme, fòk ou pa pèmèt okenn endiferans oswa manfouben jwenn plas nan vi ou. Se toujou yon obligasyon pou kontinye kenbe pwomès la kin, san ou pa febli. Lè, tankou Abraram, ou obeyi Bondye, ou va jis gade ki jan Senyè a ap vide benediksyon Li sou ou!

Nap mache avèk Bondye tankou Abraram, lè nou rive konprann idantite nou kòm pitit Bondye. Kòm yon elèv nan lavi a, nou oblije konnen sèten bagay, epi pou konprann kiyès nou ye, nou dwe konprann kiyès ki paran nou, epi nou dwe konnen Bondye nou an tout bon vre. Papa nou an bay nou yon non, yon idantite, epi lavi nan Kris la. Li bay nou tou limit avèk enstriksyon esansyèl pou nou viv yon lavi viktorye.

Lè ou konnen eritaj espirityèl ou, madanm ou oswa mari ou, pwòp tèt ou ak pwòp kò ou, se yon bagay kapital pou navige epi mennen yon lavi fidèl devan Bondye.

Konnen pitit ou yo, eritaj ou, epi konnen moun ki bò kote ou, ap ede ou konprann kijan lou yo (chen mawon yo) opere, epi ede ou viv avèk anpil pridans tankou sèpan epi tou inosan tankou pijon yo.

Lè ou konnen legliz la, kouran rivyè kote ou yo ap grandi a, sa ap ede ou grandi tankou yon pitit Bondye ki gen anpil pouvwa.

Lè nou aprann epi devlope idantite nou, li esansyèl pou nou toujou sonje ke chak pitit Bondye se moun ki beni avèk 2 Kado Sinatirèl ke lemond pap janm genyen: Gras Bondye ak Lapè (kè poze)!

Revelasyon 1: 5-6: Gras pou ou ak lapè (kè poze) ki soti nan Sila a ki la a, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, epi ki soti nan sèt lespri yo ki devan Tròn li a, ak nan men Jezi Kris ki se Temwen fidèl la, premye pitit gason ki leve vivan nan lanmò, epi ki se Chèf tout wa sou latè.

Ki kote gras sa a ak lapè sa a soti? Yo soti nan men yon moun ki te toujou la, ki la a epi ki gen pou vini an:

· Lapè ak lagras se reyalite ou kòm yon pitit Bondye!
· Lè nou gade pase ou, kòm pitit Bondye, se lapè ak lagras!
· Lè nou gade prezan ou oswa kounyè a, se lapè ak lagras!
· Lè nou gade avni ou, se sèten ke ou jwi lapè ak lagras Senyè a!
· Ou gen Gras ak Lapè nan ou ki soti nan lepase, nan prezan ak nan lavni, pitit byeneme. Seyè a ki te la nan tan lontan ou (pase ou), li la kounye a nan prezan ou epi li deja la nan avni ou oswa tan’w kap vini!

Mwen priye jodia, pou ou leve kanpe tankou Abraram epi obeyi Bondye, avèk yon fèm asirans nan ki moun ou soti! Ou konnen Sila a ki te la, epi ki la kounyè a epi ki gen pou vini an, Bondye vivan an ki renmen ou!

Mete konfyans ou nan Bondye, se pou ou obeyi Li, epi se pou ou pare (prèt) pou ale fè disip nan tout nasyon yo!

Se pou ou beni pa priyè pwisan sa a ke fondatè Revive Nations, pastè Shyju Mathew! Byeneme, se pou toujou entansyonel!