Mistè gwo jeyan yo nan peyi pwomès ou a

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

November 18, 2019

Si ou ta gen pou desann yon gwo jeyan (yon gwonèg bèl wotè), ki sa ou ta plis gen bezwen ou: gwosè ou, zam pou tire, epe oswa revelasyon? Pou jwenn repons lan, ann gade lavi Abraram, zansèt nou an . Ezayi 51: 1

Lè Bondye te rele Abraram, li te di l ‘konsa: Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m’a montre ou la. Gen 12: 1

Bondye pat di Abraram kote Li ta pral mennen li. Paske, yo pa janm di yon sèvitè tout detay pwogram voyaj mèt la. Abraram obeyi Bondye tou senpleman, paske Abraram te yon sèvitè fidèl.

Gen anpil kwayan kap suiv Bondye avèk je yo (selon sa yo ka wè), men se pa avèk lafwa. Gen yon plas kote w rive, ou pa bezwen wè avèk grenn je fizik ou, pou w konnen sa lespri ou konnen. Gen yon nivo matirite ou rive, kote ou pa ka limite tèt rete sou prezans fizik Bondye pou konnen ke Seyè a fidèl.

Lè Abraram te deside pati pou swiv Bondye, li te gen yon etap lafwa ki pa piti.
Lè ouap mache avèk Bondye, ou ka deplase nan relasyon w avèk Li etap pa etap. Nan plas ou ye a, Bondye kòmanse etidye w, obsève ou epi gade ou.

Zanmi, Bondye ap obsève ou.

Abraram te batay anpil e fè plizyè lagè nan peyi Kanaran, nan peyi Lejip, yon seri konfli difisil ke li pat kapab evite.

Gen anpil moun, lè yo rankontre yon batay, ki koumanse poze Bondye kesyon. Izrayelit yo te tèlman espirityèlman frajil, olye pou mennen yo dirèkteman nan lagè avèk lame Fararon, Bondye te evite tout nasyon Izrayelit la antre nan yon kokenn chan batay lè yo tap soti nan peyi Lejip la. Bondye te konnen ke si yo te antre nan batay pou goumen, yo te ka chwazi esklavaj, epi kase tèt retounen nan peyi Lejip, yo ta chwazi esklavaj manch long olye pou yo ta mete konfyans yon nan bonte Bondye

Bondye pa ka konte sou kalite moun konsa. Yo te vle benediksyon yo sou yon kabare an ajan, kèk nan moun sa yo, te vle resevwa benediksyon sou yon plato ki fèt ak lò! Pandan tout vwayaj la, ansyen esklav yo te kontinye ap mande benediksyon san yon grenn batay. Te gen kèk nan moun yo ki te konnen: ke benediksyon yo te konfiske anba men gwo tonton jeyan nan peyi pwomès !

Ou kapak pa gen tout kapasite nesesè pou akeyi e jere benediksyon ke Bondye te sere pou ou, paske benediksyon sa yo ka pi gwo pase sa ou ka pote!

Nan mizèrikòd ak sajès li, Bondye òdone gwo jeyan yo pou pran swen rezen ki pi gwo pase balon bizbòl, sou yon seri branch rezen ki pi lou pase sa yon sèl moun ka pote, pandan tan sa a Bondye ap tann pou Izrayelit yo grandi e rive pare pou antre nan peyi pwomès la.
Moun ki gen yon ti kras sajès wè jeyan yo epi kòmanse plenyen “Nou sanble tankou krikèt bò kote jeyan yo!” Liv Resansman 13:33.

Olye pou Izrayelit yo ta selebre pouke benediksyon yo vin gwosè jeyan yo menm jan ak moun k ap grandi, Izrayelit yo pito kriye mande Bondye pou diminye benediksyon yo, pou dessann benediksyon yo byen ba nan menm ti wotè/gwosè ak yo.

Nan fè tèt di epi limit yo bay pwòp tèt yo fè Izrayelit yo pase 40 ane nan chagren ak jijman. Bondye reponn ke li pat kapab mete konfyans nan moun ki ta prefere rete nan chenn pase yo grandi kapasite yo pou resevwa bonjan benediksyon ke Bondye te dekrete. Sa se yon gwo trajedi!

Ki sa ou fè, lè benediksyon ke Bondye dekrete pou ou parèt pi gran pase sa nivo espirityèl ou gen jodia?

Pou yon moun rive gen dominasyon, li oblije aprann estraji e taktik pou goumen e fè lagè. Zanmi, pa gen okenn dominasyon san batay. Keseswa nan maryaj, finans, oswa minister w, pa gen okenn domèn kote nou ka pote laviktwa san nou pa dabò aprann goumen avèk gwo jeyan yo kap veye e kenbe benediksyon nou yo.

Jezi di nan liv Mak 3:27, “Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l’ genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l’, la piye kay la”. Yon bon benediksyon toujou rete konfiske anba men yon nonm vanyan. Menm si jodia ou pa santi w fò tankou yon jeyan, Bondye pral anseye epi montre ou kijan pou lite epi simonte yon nonm ki fò!

Koute sa avèk anpil atansyon: Ou pa vin yon kwayan pi vanyan paske ou develope gwo misk (plis gwo bibit) plis pase lane pase. Men ou vin yon nonm vanyan lè ou simonte yon nonm fò, wi lè ou ranpòte viktwa sou yon nonm fò.

David pat bat Golyat paske li grandi ankò 15 pye wotè. David bat Jeyan Golyat paske li jwenn bonjan fason pou lanse ti wòch byen dwat, David te byen aprann mete wòch nan fistibal e lanse byen dwat, aprann yon pakèt fwa kouman balanse epi lanse wòch kòrèkteman; sa mande yon ti jenn nom fèb tankou David bonjan kadans, akselerasyon epi aprann metrize teknik pou vize pou li rive dessan e mete atè do yon tonton jeyan, yon gwonèg bèlwotè kon Kèk nan nou konn santi l epwize ak dezespere, lè ou ap gade kèk gwo jeyan kanpe devan ou epi ou ap mande, “Seyè, konbyen lane map bezwen pou mwen rive grandi tankou Jeyan sa yo, konbyen tan anvan m gen menm wotè ak jeyan sa yo?
Sa se yon movè kesyon

Ou pa bezwen grandi pou gen menm wotè avèk jeyan (gwonèg) ki kanpe devan ou a! Lè Lespri Bondye a desann sou ou menm jan Li te vin sou David, Lespri Bondye ba ou tout kapasite pou kraze e krabinen bagay plizyè jenerasyon pat kapab kraze.

Nan kote sa a, vrè grandè pa mande pou pran estewoyid (vitamid pou gwosi). Grandè pa mande pou suiv chemen lòt moun te pran. Grandè tout bon an mande pou mwen grandi pi plis nan konpreyansyon mwen sou sa ki posib ak Bondye.

Lè Abraram te kòmanse fè aliyman e mache avèk Bondye, toudenkou li te kòmanse wè yon seri sitiyasyon ki montre ke Bondye gen tout pouvwa.

Abraram te reyalize, “Mwen pa bezwen fè bagay sa yo menm jan papa m te konn fè. Mwen dekonekte tèt mwen pou m soti kite tout limit ki kole ak fason natirèl m te konn fè. Map ploge tèt mwen nan dominasyon Bondye ke map sèvi a ! Konsa, pa gen okenn batay ke mwen pap genyen”

Avèk Bondye, pa gen okenn batay ou pa ka genyen.

Revelasyon ou se swa limit ou oswa avantaj ou. Fè lapè avèk tèt ou, diran tout lavi w, ou ap gen pou goumen avèk moun ki pa pataje revelasyon ke ou resevwa nan men Bondye ki gen tout pouvwa a.

Moun ap ba ou defi sous sa ou konnen, paske yo pa konnen reyalite ou. Zanmi pral ba defi sou ou wè, paske yo pa ka wè ak je ou. Moun ou renmen anpil ap konteste sa ou tande a, paske yo pa ka tande sa ou tande a.

Rete vrè poutèt Bondye ki renmen ou

Pa gen anyen ki ka anpeche ou pèse e resevwa benediksyon ou yo.

Bondye ap mennen ou nan peyi pwomès ou a! Benediksyon kap tann ou yo pa piti, yo gen gwosè jeyan! Menm jan ak papa Abraram, se pou ou kenbe fèm et rete attache avèk revelasyon Bondye, epi kontinye mache devan!