AVANSMAN KWAYAN YO – 4epati: Pou Fini avèk Epwizman

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 13, 2020

Nan peryòd izolasyon sa a, tansyon ak chòk ke COVID19 kreye, pwoblèm epwizman kòkraze kapab yon faktè emosyonèl pou tout moun. Ki jan pou nou fè, antanke kwayan, pou nou kontinye pedale epi avanse, lè nou santi nou pa rete jèvrin ankò? Kouman pou nou ka kontinye founi, lè nou santi ke nou pa gen anyen ki rete pou nou ta bay?

Nan 4e Pati sa a sou seri «Avansman Kwayan yo », nou swete ke’w pwofite Pawòl pwisan sa a ke Pastè Shyju Mathew, Fondatè « Revive Nations » pote pou nou. Pou jwen 3 pemye Pati yo, tanpri, ale klike sou lyen sa a (Guarding the Heart – Creole).

Èske ou pa janm ap kondwi yon machin, ki kòmanse bay lafimen? Yon fwa ke ou fin boule tout gaz ou, ou pap kapab kouri machin nan ankò sou anpil anpil distans, epi nou kapap retrouve nou sou yon gran wout (yon otorout), ap leve men anlè epi ap sekwe yon bidon gaz vid, leve drapo oswa fè siy avèk men nou ap chache nenpòt kalite èd oswa bourad ke nou ka jwenn. Yon sitirasyon konsa pa bèl ditou!

Zanmi, Epwizman se yon reyalite tout bon. Sa ka rive lè nou vèse tèt noua k tout fòs nou nan yon relasyon, nan yon travay oswa yon karyè, nan yon ministè, men ke resous nou yo fin epwize pandan yap mande’w ou epi oblije’w pou bay epi fè piplis anko.

Yon doktè pral preskri ou « pran repo », toudabò kòm premye solisyon. Men, sak pral pase si sitiyasyon an konsènen maryaj yon moun, oswa fanmi kèk moun, oswa si sa konsènen legliz, yon sitirasyon kote « pran repo » pa yon posibilite ditou? Kisa ouap fè lè konsa?

Lè pa gen okenn fason ou ka chape anba sa kap epwize ou, sèl bagay ou ka fè se «chanje tèt ou ». Kapasite ou dwe ogmante.

Fatig fizik ka mennen nan epwizman emosyonèl lè ou pa pasyone nan sa ke ou ap fè a.

Nou dwe mete epwizman ak kòkraze nan kontèks li. Yon maryaj ka pote gwo fatig, se pa fòseman paske moun yo pa pasyone nan maryaj la, men kèk fwa, gen kèk eleman ki ka prezante ki kapab etenn pasyon an. Move mo oswa akizasyon kapab gen enpak sou pasyon an ki soutni lasante maryaj la, epi touye kè a.

Se yon bagay danjere, lè nou kite pasyon nou refwadi epi etenn. Sa redwi kapasite nou yo epi limite opòtinite nou yo pou rive kontinye reyalize travay ke Seyè a konfye nou.

Kapasite nou konekte dirèkteman avèk pasyon nou yo, epi lè nou pran desepsyon, kòm rezilta kè nou echwe tou.

Dekourajman se souvan rasin epwizman. Nou ka reveye yon maten, epi mande tèt nou, tankou sèvitè sa yo, “Èske nou pat simen bon grenn semans? Kouman maten an nou ka wè move zèb pouse nan jaden an?” (gade Matye 13)

“Se yon lènmi ki te fè sa.” – Sa se repons Mèt la!

Nou ka di, maryaj mwen te bèl. Mwen te simen bon grenn kòm semans. Kouman pou mwen fè rekòlte move zèb?
Nou ka plenn konsènan, lavi espirityèl mwen, legliz mwen, finans mwen yo, yo te bèl! Kijan pou nou ta rekòlte move zèb olye nou rekòlte bon grenn ble?
Nan sitirasyon konsa, nou mande tèt nou yon bann kesyon tankou: Eske te gen yon pwoblèm avèk mwen? Èske mwen gen tò? Èske mwen fè kèk erè?

Byeneme, Bondye ap pale avèk ou kounye a: ou pa fè pyès erè, ni se pa mari oswa madanm ou oswa fanmi ou. Se Lènmi an ki te fè sa. Li te vini nan mitan lannwit, pandan ke ou pa tap gade epi veye. Li fofile nan domèn enfliyans ou yo, oswa nan finans ou, oswa nan lide mari ou oswa madanm ou.

Se Senyè a ki toujou gen Dènye Mo a!

Premyèman, pa kite lènmi an rive konvenk ou nan anyen! Ou se sèl latè. Ou se LIMYÈ a. Ou se moun kap pote solisyon an. Bondye bay ou responsablite sa a. Penga ou dekouraje ditou.

Aprè sa, fè dilijans pou byen gade anndan ou epi pou GRANDI.
Ki enstriksyon ke mwen pa byen swiv?
Ki modèl, ki atitid, ki abitid mwen bezwen chanje?
Chèche konsèy nan men paran espirityèl ou yo epi chèche bonjan direksyon.

Finalman, tcheke pèspektiv ou.
Èske epwizman, kòkraze ou a se yon vrè reyalite?

Sa ki fatigan pou yon moun, li pa fòseman fatigan pou yon lòt moun. Yon moun ka blanchi (plâtre mi yon kay) pandan plizyè zè, aloske yon lòt moun kapab edite oswa ekri dokiman, ankò la yon pa kapab soutni oswa pòte chay lòt la. Èske pwoblèm nan gen rapò avèk sitiyasyon an oswa eske se yon pwoblèm ki kole avèk kapasite ou?

Annou reflechi sou ka pwofèt Eli. Apre li te fin touye 400 prèt Baal, li te chita anba yon pyebwa, entimide akoz menas Jezabèl yo epi li jemi, “Bondye, mwen demisyone.” (gade 1 Wa 19). Bondye senpleman di Eli, “Mwen gen 7000 sèvitè ki pa bese tèt devan Baal”. Eli, se pou’w tcheke reyalite a byen. Eli te bezwen ogmante kapasite li!

Zanmi, èske ou gen lapè oswa èske ouap pèdi lapè ou? Si lapè ou limite, oswa baze sou sikonstans yo ki toujou ap chanje, sa se pa lapè, se pa kèpoze ditou. Byeneme, malgré gwo vag yo ak gwo van tanpèt yo, Jezi te kouche ap domi nan kannòt la, nan lapè pafèt ak kè poze. Si Seyè a nan mitan nou, gen kèk vag ki antre nan kannòt la, men kannòt ou a pap ka koule desann nanfon dlo a, kote anpil lòt bato te koule!

Lapè se pa yon sikonstans! Lapè se yon moun!

Jezabèl te itilize ansyen Izrayèl yo pou fè pwofèt Eli kraponnen epi kite ministè li, tankou anpil temwayaj manti ke Lènemi an te itilize pou tronpe. Pa kite lespri sa a ki itilize aspè nou yo antanke moun pou epwize nou epi mete laperèz nan nou.

Pa kite epwizman oswa kòkraze pran ou.

Lènmi an ap sèvi avèk nenpòt moun epi chak moun pou li ka pouse ou andeyò chemen ou. Kidonk, Rete anpè ak kèpoze.

Èske ou ka wè sitiyasyon ou a pou sa li ye vrèman? Bagay ki fè nou diferan : se pèspektiv nou yo. Pèspektif vini jwenn nou akoz de Moun ke nou te rankontre.

Moun yo ki konnen Bondye toutbon vre ap ka èksplwate verité sa a. Men moun ki gen sèlman konesans sou Bondye kapab jis ekri liv sou Bondye. Si ou konnen plan ak fent lènmi an, epi si ou konnen Bondye vrèman, sètèmen ou va rive siman evite epwizman ak kòkraze!

Seyè a kanpe bò kote ou, se pou ou pran kouraj.

Pa gen okenn bagay ki ka emosyonèlman epwize ou, si se Senyè JeziKris ki pasyon ou.

Nan sezon difisil COVID19 sa a, ou dwe pase tan nan pye Seyè a. PA gaspiye tan ou, tankou disip yo tap antre nan tanpèt la, epi yo tap gade gwo vag yo, pandan yo tap admire gwo van fou tanpèt sezon sa a (gade Lik 8). Pran tan pito pou admire Seyè nou an ki kouche nan kannòt la, toujou ap dòmi, ki toujou rete nan yon kèpoze ak yon lapè sanparèy, malgre vag yo dechene fin mouye epi ranpli zorye (kousen) anba tèt Li.

Zanmi, imajine si disip yo te fè sa pito : olye pou yo gade gwo vag yo ak tanpèt la, olye yap rele anwe kriye ki kalite sezon fou sa, si disip tap gade, fikse epi admire Jezi kap dòmi nan lapè ak kèpoze nan kannòt la?

Sa ke nou admire, se sa nou kòmanse absòbe epi ki vini yon pati de nou menm.

Ezayi 26: 3 di, ” Ou menm, Bondye, w’ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès ou yo, wi, w’ap ba yo lapè, kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!…”

Nan sezon sa a, kenbe zye ou fikse sou Jezi. Kote tout bagay yo chavire tèt anba, lè tout moun ap admire kijan bagay yo terib, epi ap fè lwanj travay satan pandan yap bay viris COVID 109 sa a twòp tan ak twòp atansyon, Zanmi se pou nou fè atansyon konsenan sa zye nou ap gade epi tou pou nou bay Seyè Jezi tout atansyon nou.

Pandan ke ou ap konsantre’w epi fikse zye’w sou Jezi, lapè pafè senyè a ap vin jwenn ou.

Byeneme, sa a se pòsyon pa ou a. Sa a se Pèse ak Avansman ou! Ou dwe konsantre’w sou Seyè a epi chanje pèspektiv ak atitid ou! Bondye te fè ou pou’w ka mache avèk kapasite sinatirèl! Se pou ou beni epi se pou sezon metamòfoz/tranfomasyon sa a chanje ou pou tout tan pou bèl glwa Bondye!