AVANSMAN KWAYAN YO- 3e pati: Antrene men nou pou fè lagè

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 4, 2020

Zanmi lektè, se pou ou byen pwofite seri sa a sou Avansman chak kwayan, se yon seri ki prezante an 4 Pati, kote nou devlope bonjan zouti kle pou debloke pouvwa Bondye nan lane 2020 an. Tèks sa a se 3e Pati a. Premye Pati a te prezante « Chemen pou benediksyon sanparèy ». Dezyèm Pati a konsènen « Plas pou transfòmasyon an ». Nou espere ke seri sa yo ba ou zouti ak antrènman pou goumen yon bon konba ak lafwa nan Bondye nou an ki gen tout pouvwa!

Lè nou nan yon sezon ki graj, avèk kriz Covid19 la, ekonomi yo bese, epi anpil kote nan mond antye anba izolasyon, eske se pa yon gwo soulajman pou ou konnen ke Senyè a se yon Bondye vanyan nan lagè? Byeneme, Bondye vle fòme ou epi antrene men ou pou aprann fè lagè!

Apòt Pòl te di legliz Efezyen yo:
Finalman, chache fòs nou nan Seyè a epi tou nan fòs gwo pouvwa Li a (Efezyen 6:10)

Legliz byeneme, se pou nou fò epi rete djanm nan Senyè a. Aprann byen teknik ak zouti pou dekouvri fòs ak pwisans Senyè a epi pou nou resevwa fòs nan Senyè a.

Menm jan Wa David te ranfòse tèt li nan Seyè a, se pou ou jwenn fòs nan Pwisans Bondye a.

Apòt Pòl te enstwi kwayan yo avèk pawòl sa a:
Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou kapab kenbe tèt anba riz Satan (Efezyen 6:11)

Zanmi mwen, fòk ou byen konprann plan lènmi an. Fòs fènwa gen anpil fent nan plan atak malen an.
Si ou vrèman bezwen èd, premye bagay pou fè se analyze epi dyagnostike pwoblèm nan.
Si ou byen fè travay sa a, ou ta dwe wè rezilta yo.
Si ou konstate derayman, sa vle di ke idantite ou toujou bezwen kèk ti travay. Panse ou yo pa ko fin renouvle. Ou rete esklav pèsepsyon ou yo.

Frè ak sè mwen yo, pandan ouap gade epi analize plan ak fent malen an, sonje byen ke « plan lènmi an toujou vize pou dekonekte ou epi voye ou byen lwen travay ministè Bondye konfye ou».

Seyè a te detwi pouvwa lènmi an, men ti flèch dife li yo ap toujou ka boule ou. Ti flèch sa yo vini tankou pawòl pwazon toksik. Lènmi an itilize pawòl sa yo kont yon kwayan, se pa sèlman panse epi lide ke ou deklare, men pi souvan, se lide ki rete kache nan panse ou.

Ènemi an ap rodaye alantou nou, l’ap chèche yon ti fenèt ki louvri. Souvan nou louvri fenèt sa a nan kwayans ke nou mete nan mansonj li yo. Zanmi, se panse nou yo ki defèt nou epi fè nou pèdi batay.

« Konsa, lè move dezi a travay nan kè nou, li fè li komèt peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò ». (Jak 1:15)

Pi gran konplo nan plan lènmi an rele « desepsyon »; li fè ou gen dout epi kòmanse kesyonen sa Bondye di. Lagè sa a, ki te kòmanse nan jaden Edenn lan, toujou kòmanse avèk panse negatif ki fè kwayan an doute!

Byeneme, YON PANSE kapap ede’w grandi epi fè’w goute anpil benediksyon nan lavi ou.

Annou gade ekzanp Jòb, li te plis beni pase tout moun ki nan peyi Lès yo. Jòb konfese, «sa mwen te plis krent la, men li rive mwen»(Jòb 3:25). Atak Dyab la te kòmanse avèk yon panse ke Jòb te gen nan tèt li!

Povrete se yon atitid, se yon seri de panse ki konsantre sou mankman avèk limitasyon.
Yon Atitid konsa va bloke benediksyon Bondye vle lage nan lavi ou, paske ou rete twò lontan ap koute bann manti yo, epi ap bay satan twòp pouvwa.

Sonje Bib la di « Jan yon moun panse, se konsa li ye » (Prov. 23: 7a).

Byeneme, Satan deja anba pye ou!

Èske ou ka repere lapèrèz, enkyetid yo, panse fache yo epi idantifye tout fent Dyab la?
Se pou ou dechouke epi derasine tout panse sa yo ki louvri pòt souvan bay lènmi an! Ou dwe idantifye tout fent ak plan li yo!

Gen anpil flanm lènmi an ka itilize pou boule benediksyon ou yo. Penga ou pèmèt sa rive ou! Flèch sa yo ki fèt nan lanfè vize pou dekonekte’w avèk bonte Bondye epi detounen desten ou! Mete sou ou boukliye lafwa a epi veye panse ou! Rete veyatif nan lide ak panse ou yo!

Ou ka pote la viktwa si ou ka panse tankou Kris panse.
Pote Gras sa a ke ou te resevwa pa lafwa nan Bondye epi kòmanse genyen lagè a!

Sonje byen, dyab la se yon mantè. Li simen move grenn lapèrèz, dout, enkyetid ak plenyen pou fè nou louvri pòt la pou li.

Chak fwa ke twonpè sa a pote yon manti bay ou, se pou’w atake manti a avèk Pawòl Bondye a! Abòde tout panse mansonj dyab la avèk panse Kris la!

Chak batay ke ou rankontre se yon batay nan panse ou, kidonk se pou ou kenbe panse Kris la.

«Pa fè menm bagay ak sa moun mond sa a ap fè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, na ka konprann sa Bondye vle, na konnen sa ki bon, sa ki fè li plezi, sa ki bon nèt ale » (Romen 12: 2)

Se pou ou raple madanm ou mari ou konsenen kè Bondye a. Se pou ou raple timoun yo konsènen bonte Bondye nou an! Kretyen, penga ou pale selon panse Akizatè a. Sispann bay Lènmi an pouvwa! Li deja anba pye ou! Sila a ke ou panse ki twòp la, li deja blayi ANBA PYE OU!

Epi nan menm jou a, Seyè a fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip la avèk tout lame yo.  Egzòd 12:51. Izrayelit yo pat kite peyi Lejip la tankou moun demini. Se te yon lame ki te sòti nan libète, se pat yon bann esklav viktim!

Chanje atitid ou.
Nan rapò kiyès ke ou kwè? Eske se Rapò ki soti nan imajinasyon enkyetid ou oswa nan Rapò yon kwayan ki mete konfyans li byen fèm nan Bondye?

Nan lane 2020, nou dwe konnen plan ak fent lènmi an epi genyen viktwa!

Egzòd 13:17 Lè Wa Farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisten yo, menm si se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè ya wè batay yo gen pou yo fè.

Bondye te konnen ke ansyen esklav yo te ka retounen nan esklavaj si yo te wè lagè.

Nan dezè a, Izrayelit yo te pwouve atitid yo pou lesklavaj. Chak fwa yo tap bougonnen epi plenyen, destine yo te vini pi lwen epi pi lwen ankò. Finalman atitid sa a te mennen Izrayelit yo nan lanmò, poutan pandan tout vwayaj la yo te rive toupre yon nouvo lavi nan peyi pwomès la!

Kòm kwayan, nou dwe afronte chak atak epi aprann fè lagè tankou yon sòlda efikas.

Ou se yon sòlda JeziKris. « Wayòm Bondye nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k’ap antre ladan li! » (Matye 11:12)

Akizasyon, kalomnye, tripotay, bagay sa yo pral fè ou dekouraje epi fè ou retounen dèyè nan batay la.

Byeneme, penga ou fè bagay sa yo. Se pou leve je’w pito sou Bondye!

Nan Exòd 15: 3 Seyè a se yon vanyan sòlda. Senyè a se Non li.

Mezanmi, se pou nou priye epi deklare: Pa gen anyen (okenn lagè) mwen pral afronte ane sa a ke Gras Bondye pa kapab rezoud! Se pou nou abandonen imajinasyon nou nan men Sentespri a! Se pou lespri ou renouvle nan JeziKris la epi se ou ranpòte laviktwa pou laglwa Bondye!