AVANSMAN KWAYAN YO- 5e pati: Poukisa Jezi te ale lwen Jan Batis

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 21, 2020

Nan tan izolasyon mondyal sa a akòz COVID19, pi gwo menas nan kò Kris la se pa viris COVID19 la, men se eta kè nou antanke kwayan devan Bondye.

Nan 5e pati sa a nan seri Avansman Kwayan yo, annou konsidere ansèyman sa a ki soti nan lavi Jan Batis. Se pou li pote yon kwasans milrotè avèk gerizon nan lavi ou jodi a!

Pou jwen 4 premye Pati yo, tanpri, dirije ou sou lyen sa a: Guarding the Heart (veye kè a).

Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò li, epi li ale nan peyi Galile (Mat. 4:12)

Jan Batis se mesaje a ki te vini devan Jezi epi li te deklare premye vini Kris la. Jan Batis te batize Jezi tou. Lè Jezi te soti nan dlo a, syèl la te louvri epi Jan wè Sentespri a ap vini tankou yon ti pijon sou Jezi. Jan tande vwa Senyè a deklare, “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè mwen kontan anpil.” (Mat. 3:17).

Ki moun Jan Batis ye vrèman? Jan te temwen istwa, li fè istwa, li prezante istwa, sou yon vanyan moun ke Bondye wen. Men, yon Wa ki tap gouvènen nan jou sa yo, kenbe Jan, epi jete Jan nan prizon, avèk konsekans fatal pou lavi Jan Batis.

Nan yon sitirasyon konsa, ou te ka panse ke Jezi ta voye kèk zanj pou fè Jan soti nan prizon an, olye de sa, Jezi wete kò li nan kote sa a. Sa, se yon bagay boulvèsan. Nou pa vle ke Jezi retire kò li pou ale lwen nou, men pou Li pwoche pito bò kote nou.

Pou konnen poukisa, nou bezwen etidye Jan Batis plis anpwofondè.

Jan Batis te vini nan Lespri Bondye te wen pwofèt Eli, yon timoun anonse pa zanj Bondye yo, ke paran ki gen anpil laj rive fèt, paran Jan te pase pifò tan lavi granmoun yo nan dezè a, itilize pa Seyè a ak apèl li yo. Li te batize nasyon Izrayèl la epi li te predi vini Jezi-Kris.

Men, Jan, antanke temwen wen, te soufri kèk limitasyon.

Yon fwa ke Jan antre nan prizon, li te kòmanse doute sou Jezi. Menm nonm sa a, ki te wè syèl la louvri anwo Jezi, ki te wè ti pijon an desann avèk 2 grenn jeli yo, li voye disip li yo kote Jezi, epi mande : “Eske se ou moun nou konnen ki gen pou vini an, oswa èske nou dwe tann yon lòt? (Mat. 11: 3).

Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: Je avèg yo louvri, moun ki t’ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.” (Mat. 11: 4-5) . Answit, Jezi te ajoute, ” Epi Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen yon okazyon pou tonbe nan peche” (Mat. 11: 6).

Gade byen, kouman yon vanyan sèvité Bondye te pèmèt tèt li vin ofanse paske li te genyen yon konpreyansyon limite konsènan volonte Bondye.

Koulye a, Jan Batis te nonm trè respekte. Li te gen yon renonmen sèten. Nan lè sa a, tout moun te konnen non Jan Batis depi soti nan Izrayelit pou rive nan sòlda Women yo. Men, andedan prizon an, dout kòmamse piti piti anvayi kè li. Moun ki te òdone pou anonse rive Kris la, kounyè a doute sou Jezi kòm Mesi a.

Jan te afekte pa kote (zòn/antouraj) li te ye a. Lè gen yon limit nan lavi nou pandan yon peryòd tan pwolonje, lènmi an ap itilize sikonstans sa a pou defòme pèspektiv epi twonpe lespri ou. Si ou twò lontan nan yon sèten kote oswa limitasyon, ou pa pote fwi, ou pa sèvi nan ministè ankò, tankou Jan, ou ka kòmanse doute sou tèt ou oswa poze kesyon sou moun ke Bondye te voye nan lavi yo. Sa a se yon desepsyon danjere; lènmi an ap pran tèt ou si li wè ke ou bliye ki moun ou ye.

Chak moun ki resevwa nan men Jezi dwe kwè nan kapasite Kris la. Moun ki pa resevwa nan men Jezi , se moun sila yo ki doute sou Jezi.

Gen moun ki espere Jezi ede yo, jis paske Li se Jezi, men Bondye angaje Li sèlman selon nivo ke ou angaje pwòp tèt ou avèk Bondye.

Byeneme, Jezi kapab ede sèlman moun ki vreman kwè nan Li. Lè Jan te sispann kwè nan Jezi, rapidman yon wa mechan yo te koupe tèt li.

Tankou Jan, lènmi an vle nou sispann kwè nan tout kapasite Jezi nan sou jenerasyon nou an. Kantite sa nou ka resevwa nan men Jezi ap depann konplètman sou sa nou kwè ke Jezi kapab fè jounen jodi a.

Bondye ap elve yon jenerasyon kote, ke kèlkeswa gwosè chenn yo ka gwo, limit nou yo pap kapab konsidre tankou yon siy limit Bondye. Pa gen okenn limitasyon nan Bondye.

Lè nou gade Jan, li ki te batize Kris la, nou dwe mande tèt nou, kijan enkredilite fè antre nan kè li?

Lè gen dout oswa konfizyon antretni nan kè ou, manti sa yo ka sispann epi bloke travay Kris la nan lavi ou. Lè ou gen dout sou bonte Li, oswa sou kapasite Li nan lavi ou, ou limite travay yon Bondye ki san limit. Lè ou ap bougonnen, epi ou ap plenyen, ou va pèdi pèspektiv konsènan Grandè Bondye pou ou; sa se yon pòt ouvè granlajè bay lènmi an.

Bondye ap tann pou ou konnen kiyès Li ye, konsa Li kapab montre ou kijan Li fò.

Se pou nou chante epi fè monte lwanj pandan ouap selebre Bondye SAN LIMIT nou an!

Byeneme, se pou ou tankou yon elèv dilijan epi aprann byen nan men Jan Batis:

Lè lènmi an pote difikilte nan lavi ou pou fè ou doute Bondye, penga ou tonbe nan pèlen sa a!

Mande Seyè a padon pou chak fwa ou te doute sou bonte Li.

Pran otorite sou tout dout ak manti ke lènmi an te simen nan tèt ou jounen jodi a.

Menm jan ak papa a te anvi pou pitit gason li a retounen, Se konsa, Seyè a ap tann pou retounen nou, menm jan nou chwazi lafwa nan Bondye sou laperèz, epi viv nèt alkote nan Bondye nou an.

Ranfòse kè ou epi deklare, “Seyè mwen kwè!”

Chanje kè ou, epi gade jan Seyè a ap manifeste Wayòm Bondye a nan lavi ou!

Jodi a se pou ou ranje tèt ou, pou rete byen anrasinen nan lanmou pwofon Bondye epi pòt syèl la va louvri sou ou jodi a!