Preparasyon pou Lè minwi kase (6e Pati): WOLO LIV YO VINI VIVAN

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

November 2, 2020

Byenveni chè lektè “Revive Nations” yo pou yon lòt Pati nan seri “Preparasyon pou Lè minwi”. Nan Pati 6 sa a “Wolo Liv yo vini Vivan” , byeneme Pastè Pwofèt Shyju Mathew anseye nou kijan pou chèche Bondye pou nou ka gen aksè a bagay sa yo ki nan Bondye epi resevwa nan men Bondye. . Si ou pat gen chans li 5e Pati a sou seri sa a, klike isit sou Lyen sa yo pou jwenn 5e Pati a Prepare nou pou Lè Minwi kase (5e Pati): VIRE BÒ KOTE VWA A.

Revelasyon 1: 12-13: Lè sa a, mwen vire pou m ‘wè vwa ki t’ap pale avè m’ lan. Lè m ‘vire, mwen wè sèt gwo lanp an lò, ak nan mitan lanp yo, yon nonm kanpe tankou Pitit lòm lan.

Byeneme, eske ou grangou pou Pawòl Bondye?

Èske ou konnen transfòmasyon ki pran plas nan vi ou lè Pawòl la tounen manje chak jou nou an? Eske ou konprann kijan Pawòl sa a ap prepare nou kòm lamarye Kris la?

Nan pasaj sa a, nou wè Seyè Jezi, kanpe nan mitan yon gwo chandelye avèk sèt branch ak pale, se menm Bondye a ki te kòmanse kreye tout bagay nan liv Jenèz la. Li kreye tout bagay avèk Pawòl Li. Lè Bondye tap kreye tout bagay, Li pale epi Li fè tè a, solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout kreyasyon an.

Gen yon moman nan bèl pwosesis kreyasyon sa a, Bondye sispann pale e Limenm Li desann, Li te pran tè avèk pousyè, Li te kreye lòm nan imaj Li ak resanblans Li, se kreyasyon Li pi renmen an, yon imaj tankou photo nan tèt Li nan yon glas, konsa “Li fè yo, mal ak femèl “(Jenèz 1:27).

Answit, Bib la di, ki jan chak aswè, Bondye te desann nan Jaden an mache nan mitan kreyasyon Li yo, pou Bondye kominye epi fratènize avèk Adan, ke Li te kreye. Se te fason Bondye. Se te kè Bondye.

Nan Ansyen Testaman an, plizyè syèk apre, lè Bondye te desann ak tout bèl Glwa Li devan Moyiz, pèp Bondye a te tèlman pè, pèp la te sipliye pou yo pa kontinye konsa, pou yo pa mouri akoz limyè klere sa a (Egzòd 20:19).

Se pa etonan, ke nan pasaj sa a nan Revelasyon, Seyè Jezi desann nan mitan limanite, mache nan mitan pèp li a, avèk yon gwo dezi pou rete toujou prezan nan mitan legliz li yo. Dezi Bondye pou pitit Li yo rete menm bagay depi kreyasyon an!

Etandone dezi Bondye pou nou, li enpòtan pou nou pa apwoche Bondye yon fason ki sipèfisyèl.

Antanke pitit Bondye, li enpòtan anpil pou nou fè atansyon sou fason nou dwe chache Bondye, pou nou ka jwenn aksè nan zafè Bondye yo epi pou resevwa nan men Bondye.

Eksperyans Ezekyèl la avèk Bondye bannou bonjan limyè pou konsidere pa Lespri:

Ezekyèl 3: 1-3 “Epi Li di mwen ‘:” -Nonm o, manje tou sa tout sa’m ba ou la. Manje woulo liv la epi ale pale ak moun pèp Izrayèl yo. Se konsa, mwen louvre bouch mwen, li fè’m manje wolo liv la. Li di mwen ankò: manje non, plen vant ou ak liv mwen bao u a”. Mwen manje li, li te dous nan bouch mwen tankou siwo myèl. “

Bondye trè espesifik: “Mwen pa vle pou ou jis manje li, mwen vle ou ranpli vant ou avèk li. Konsa, lè ou louvri bouch ou pou pale, se tout sa ki ekri nan woulo liv la k’ap soti.”

Pou Ezekyèl te konplete misyon li yo, li te dwe vale woulo liv la ke yo te te bay li a, konsa konesans pati kite plas la pou bonjan konpreyansyon antre nan Ezekyèl.

Bondye mande pou pwofèt la vin ranpli e satire avèk Pawòl la, konsa lè li ta louvri bouch li, li kapab pale tankou Vwa Bondye.

Fason ou fonksyone, fason ke ou viv kòm ” limyè dimond”, fason ou fonksyone kòm “sèl sou latè”, Pèp Bondye, tout sa depann absoliman de manje ou konsomasyon, wi sa ou manje: Ou dwe ranpli epi plen avèk Pawòl la.

Lè nou ap sèvi ak Ekriti a, nou dwe deplase, soti nan nivo yon manje senpleman pou panse yon moun (pa jis Lide nan tèt nou), pou rive nan nivo yon manje pou lespri nou. Tankou pwofèt Ezekyèl, Bondye ankouraje lamarye li a pou kite Pawòl la antre fon nan lespri ou.

Lè Bib la pale sou rivyè Bondye ki pral koule soti anndan vant nou (Jan 7:38), Bondye pa pale konsenan vant fizik, Li ap pale pito “soti nan zantray nou”.

Lè ekriti nan Bib la vin rive fè yon sèl pati ak ou, ou kòmanse fonksyone kòm yon Pòt pawòl Bondye.

Nou pa kapab vin Pòt pawòl Bondye sòf si nou konplètman satire epi ranpli pa Limenm, se konsa nou dwe vin fè yon sèl avèk Li. Pou fè sa, nou dwe tonbe damoun avèk otè a ki ekri Liv la epi kite otè a kondwi nou nan tout bagay nou yo.

Èske ou tande rèl Lespri a?

Kòm Senyè a rete nan mitan gwo chandelye sèt branch yo, avèk dezi pou lamarye Li a konnen kè Li kè pi plis, pou konprann lide Li plis, se pou nou, antanke lamarye Kris la rive nan dimansyon sa a.

Sa kòmanse avèk jan nou DIJERE Ekriti yo atravè revelasyon Lespri a.

Byeneme, se pou nou konnen ke Li tou pre epi manje jodi a woulo liv vivan Li a! Se pou Lespri a gide nou, epi tou se pou konpreyansyon nou apwofondi, pou nou ka resevwa nan men Senyè nou an!

Jounen jodia a, Byeneme, se pou ou rete anba men Bondye ki gen tout pouvwa a, epi se pou prezans Li fè kè w kontan, nan Non Pwisan Jezi ! AMEN!

Pou tande mesaj pwisan sa a pa Pwofèt Shyju Mathew, klike isit jwenn videyo prèch la nan lang ou chwazi:

Anglè: https://www.youtube.com/watch?v=wUl7XwP0yDE
Espanyòl: https://www.youtube.com/watch?v=hCj41OJuEEE
Fransè: https://www.youtube.com/watch?v=0QxJbZtTxSk
Malayalam: https://www.youtube.com/watch?v=dGwsU3ik3Kw
Italyen: https://www.youtube.com/watch?v=Zk_SonKj_g0
Hindi: https://www.youtube.com/watch?v=aa42seSiWSs